Kim’s Pharmacy Consulting

Kim’s Pharmacy Consulting Kim’s Pharmacy Consulting est une entreprise qui est spécialisée dans le montage de projet pharm

Vizite yo! Mèsi pou Konfyans nou fè nou.
25/02/2024

Vizite yo!

Mèsi pou Konfyans nou fè nou.

26/04/2023

Nap Grandi Fanmi an Chak Jou pi Plis.!

Nap Grandi Fanmi an, nou ankouraje w Fè n konfyans nap edew reyalize rèv ou soti Nan Logo, promosyon, Aprovizyonnman,  l...
19/08/2022

Nap Grandi Fanmi an, nou ankouraje w Fè n konfyans nap edew reyalize rèv ou soti Nan Logo, promosyon, Aprovizyonnman, legalizasyon, Anrejistreman, Estrateji finansmanelatriye
Nap akompaye w

Joyeux Noël 🎁 et une Heureuse Année 2022!
25/12/2021

Joyeux Noël 🎁 et une Heureuse Année 2022!

Kèk Prekosyon ou dwe pran Demen, Siw soti ak patnè w, toujou sonje nempot Bagay ka pase Tankou ansent ka mete pye San no...
24/12/2021

Kèk Prekosyon ou dwe pran Demen, Siw soti ak patnè w, toujou sonje nempot Bagay ka pase Tankou ansent ka mete pye San nou pat pare pou sa, nou ka pran enfeksyon tankou VIH, Gonore elatriye.
Ebyn gen ampil mwayen ou ka evite pita pi tris.

👉🏼 itilizasyon Kapòt se garanti plis ke 90% nou ap pase yon bon moman sa kè kase.

👉🏼 Siw pat mete kapòt gen lòt mwayen nou ka evite Tankou;

- Ou gen jiska Dimanch pou ale nan yon Famasi ki pi prè w pou mande pou « Pillule du lendemain » epi bwè li menm jou an, li tap li bon si w te fè Samedi Nan maten.

- Apre w finn bwè pilil l’an gen nesesite pou w Al fè profilaksi nan yon sant sante gratis toutfwa w pata fè Patne w la konfyans.

👉🏼 Abone ak paj l’an pou w ka konen plis sou « Pillule du lendemain » « Prophylaxie »

Pataje l pou plis moun ka okouran.

5 Rezon Kifè w pa dwe achte Medikaman nan Lari 👉🏼 Moun kap vann ou Medikaman an Pa fòme pou sa li pap ka asire Sekirite ...
23/12/2021

5 Rezon Kifè w pa dwe achte Medikaman nan Lari

👉🏼 Moun kap vann ou Medikaman an Pa fòme pou sa li pap ka asire Sekirite w ni ede medsen ki te konsilte w l’an jwenn pi bon tretman.

👉🏼 Medikaman ki nan lari yo, Majorité nan yo perime ki donk yo pa bon ou byen yo mwens efikas. ( Medikaman ki perime se Medikaman ki pa byen konsève, Medikaman ki rive nan dat ekspirasyon, Medikaman ki maltrete elatriye)

👉🏼 Lè w achte Medikaman nan lari, se vre ou estime w depanse mwens kòb pou yo men ou riske depanse plis kòb nan chache tretman koz Medikaman yo kapab komplike kaw l’an pi plis.

👉🏼 Lèw achte Medikaman nan lari, moun kap vann gen yon sèl enterè se fè lajan avèw

👉🏼 Lèw achte Medikaman nan lari, pa gen okenn mwayen wap ka Respekte Tout fason w dwe pran Medikaman yo pou w ka trete tout bon vre.

Bonis: Amplis achte ou dwe achte Medikaman yo lè Doktè preskri w yo, men ou dwe jwenn bon jan konsèy tou kap pèmèt ou komprann Saw genyen ak Kijan pou w kompòte w, selman kote w ap ka jwenn sa a se nan Famasi kote w ap jwenn Famasyen ki pou asiste w.

PS: Medikaman kap vann lari Ak Medikaman yo mete nan yon Ti boutik se Marasa.
Pataje l pou plis moun ka komprann epiw kapab sove lavi plizyè moun ki pran plezi yo nan sa.

16/12/2021

Nou voye sempati ak pataje doulè nou Ak Fanmi viktim nan eksplozyon trajik sa ki pase ayè madi an nan Vil OKAP.
Nou profite atire atansyon nou tou sou danje nap viv avek yo chak jou, kit se nan Gaz, kit se nan Medikaman elatriye.

Pi bon moyen pou n evite kalite dram sa yo se sispann patisipe nan pèmèt yo egziste Menmsi Leta Pèpè an pa janm di anyen men;
Chak fwa nou achte yon Galon gaz nan men yon moun atè se posibilite ou bay pou l estoke Plizyè galon nan move kondisyon e kontinye mete plizyè vi nan gro danje.
Menmjan an tou, chak fwa ou achte yon Medikaman nan lari ou nan yon kote ki pa gen okenn kontrol ni respekte okenn nòm se posibilite ou ba li, pou l toujou egziste ak patisipe nan asasinen moun chak jou san ke moun nan pa konen.
Ann fè solidarite pou n kwape Move pratik nan sosyete an kap mete lavi n andanje chak jou.

Kimley NEGULA
Famasyen

Adresse

Delmas 33
Delmas

Téléphone

+50931290063

Site Web

Notifications

Soyez le premier à savoir et laissez-nous vous envoyer un courriel lorsque Kim’s Pharmacy Consulting publie des nouvelles et des promotions. Votre adresse e-mail ne sera pas utilisée à d'autres fins, et vous pouvez vous désabonner à tout moment.

Contacter La Pratique

Envoyer un message à Kim’s Pharmacy Consulting:

Partager

Share on Facebook Share on Twitter Share on LinkedIn
Share on Pinterest Share on Reddit Share via Email
Share on WhatsApp Share on Instagram Share on Telegram