23/01/2025
Gwosès danje!!men kategori fanm ki an danje
atansyon medam anpil moun mouri pandan yansent oubyen pandan akouchman men koz yo. Pataje tèks sa pouw ka sove plis vi
Yon fanm ansent ki gen plis ke 35ans)
Yon fanm ansent ki twò Jèn mwens ke 15 ans a koz risk ki lye a sa
Yon gwo doulè ki pèsiste pandan 3 premye mwa yo on bò anba ti vant se ka yon siy de gwosès kap evolye an deyò matris la
Gwò doulè ki akonpanye de yon pèt de San ,kouri al lopital , se pi souvan yon siy avòtman
Yon fi ki ansent ki prezante yon fyèv aprè yon avòtman , ki gen doulè , ki ap bay sekresyon ki gen move sant , se siy ke gen debri ki ret anndan l toujou lè sa yo pale de avòtman enkonplè, li ka enfekte, e ki ka met lavil an danje sil devlope yon septicemie kote enfeksyon an gaye nan toul el ka mouri dayè se youn nan rezon ki touye anpil fi aprè yo fin fè avòtman
Yon gwo doulè ki parèt nan fen peryòd gwosès la sa ka evoke placenta kap dekole, se ka met lavi manman an danje
Yon doulè kap pranl detanzantan pandan anviwon 7 èm mwa gwosès sa evokte yon akouchman yon prematire
Si fanm ansent lan fè tansyon pi yo jwenn albumine nan sanl sa evoke yon" toxemie gravidique "li declannche pandan premye gwosès la ke lel nan stad avanse , sa konn akonpanye de troub vizyon fanm ansent lan pa wè byen, vant fè mal , tèt fè mal etc...sa ka abouti a yon eclanmsi
Fanm nan ap konvilse li ka antre an coma ,ni foetus, a manman an danje yo tou 2 ka pèdi lavi yo
Yon fi ki ansent ki dyabetik fonl ekilibrel , li riske fè yon gwo bebe a yon pancreas fatige e ke timoun sa riske fe yon dyabèt(maladi s*k) li menm pi devan
Si fanm ansent lan anemi sa ka mete vil an danje si tout fwal ta pèdi anpil san nan akouchman sa ka fatal pou li e sa k fè fanm ansent dwe pran fè si yo ta anemi
Yon fanm ansent ki prezante fyèv e siy enfeksyon ,
Si fanm ansent lan gen Enfeksyon sa ki ka met vi bebe an an danje aprè akouchman jèl yo ka atake zyel oubyen poumonl
Yon fi ki gen problèm nan ren
Yon fi ki fè opresyon
Yon fi ki mezire mwens ke 1m50
Yon fi ki fimen, ki bwè, kap pran dwòg
Yon fi ki enfekte a VIH, ki fè hepatite B C, herpes ge***al
Yon fi ki fè fibròm sitou sil andan matris la li ka kwense bebe an fel paka devlope oubyen anpeche sòti nan moman akouchman
Yon fi ki te fè yon gwosès an deyo de matris la deja
yon fi ki fè avòtman san asistans medikal
M te kontan pale nou de kategori fi gwosès ka vin yon danje pou yo
Pa bliye prensip la se like , pataje, aplike,epi nap vanse...
Norbrun Kerry Care-ry
Nan moman nou forum santé/lopital la Ste Trinité gen Konsiltasyon Gratis ti cheri pou fanm ansent yo, ou vle fe swivi nan yon bon lopital pou bebe a byen devlope pou gwoses la byen pase san risk,map referew lopital Ste trinité nan delma 19
Siw ta renmen antre an kontak avèk yo ,siw gen whatsapp jis klike sou lyen sa wap antre an kontak dirèk avèl
https://wa.me/+50943904444
Oubyen rele direk nan +509 4390 4444