24/09/2019
✔️ Remèd pou enfeksyon vajinal
Gen anpil rechèch ki fè konnen ke enfeksyon vajinal la se youn nan fenomèn ki ap ravaje 75% fanm ki sou tè a.
Enfeksyon vajinal lan konn koze pa yon chanpiyon ki rele kandida (Candida an fransè), li pwovoke kandidoz (Candidose an fransè) se yon enfeksyon ki arive atake vajen fanm lan.
Men diferan bagay ki konn lakoz fi pran enfeksyon sa:
- sèvi ak kilòt ki pa pwòp
- sèvi ak dlo ki pa trete
- bese p**i atè nan lari, pousyè konn antre nan vajen an
- fè sèks epi pa lave vajen an
- gen de dlo twalèt ki konn pwovoke yo tou.
Diferan sentom ke enfeksyon an konn fè moun lan santi:
- vajen an ap grate ou
- ou ap wè li ap bay yon ti likid ki konn gen koulè blanch, men depi'l kòmanse agrave likid sa ap vin jòn
- lè'w ap fè sèks li ap lakoz ke vajen an ap boule ou
- li konn lakoz bouch vajen fi an vin anfle e wouj
- e likid sa ke li ap bay lan konn gen vye sant.
✔️Trètman :
-Ou ka pran jiwòf, fèy pwa Kongo epi ou mete yo ansanm epi bouyi pandan 10 minit yo ak yon ti dlo ki ap meziw pou'w bwè pandan 2 fwa nan jounen an, maten byen bonè epi nan swa. Ou ap fè sa pandan yon mwa.
- nou ka utilize fèy twonpèt, ou bouyi li pandan 10minit nan dife, apre ou bwè li 2 fwa ankò, menm jan ak jiwòf epi fèy pwa Kongo a.
-Ou ka utilize lay tou, w'ap just pran lay la, ou kale li, Epiw pile lay la, fè'l tounen yon pat, epi lèl fin fen, ou ka pase li nan vajen an chak swa avan ke ou al dodo, pandan 2 semèn, e ou gendwa jwenn rezulta avan sa tou.
Siw pè pase pat lay la nan vajen an, ou ka toujou pran yon ti fil ou marel nan yon grèn lay epiw fourel anndan vajen an chak lèw pral dòmi, epi le maten ou retirel. Fè sa pandan anviron 2 semèn.
NB: pa bliye se yon trètman nou ap swiv, donk fanm nan pa dwe nan fè sèks ok, pandan tout peryòd lan, paske depi'w al nan koute dousè Epiw bliye si'w malad, li ap retounen menm jan.
-ou ka toujou bwè ti ju sitwon ou souvan, ti chadèk. Li ap ede'w lave sanw tou.
Pataje l🙋