Fedie l'infirmière

Fedie l'infirmière Fedie l'infirmière
Cette page est créé dans l'objectif d'aider plus de gens à avoir des informations sur la santé, l 'alimentation chez les enfants.

Fournir des séances d'éducation sur la santé soit dans des écoles, église association etc.

Lè yon Timoun gen 6 mwa li pral aprann manje nouriti li pa rezime ak farin epi labouyi selman men kek ide manje kap ede ...
19/01/2025

Lè yon Timoun gen 6 mwa li pral aprann manje nouriti li pa rezime ak farin epi labouyi selman men kek ide manje kap ede timoun nan jwenn bon eleman nutritif ke kò li bezwen e ki pap mandew gwo mwayen tou.

19/01/2025

Genyen anpil Moun ki anba grip Ak lafyev sa nou ka fè
- Pran anpil ji ki genyen vitamin C tankou sitwon zoranj seriz Grenadia elatriye.
- Bwè anpil dlo poun ka rete idrate
- Siw gen lafyev fow benyen pou pèmèt tanperati kó a desann.
- Si sa pèsiste chèche chemen lopital sitou si se yon Timoun timoun ak fyev pa mache ansanm yon moman dpei tanperati a twò wo li ka fèl devlope kriz nan menw.
- San nou pa bliye ti remèd Granma yo tou nous ka friksonnen yo ak ti lwil masketi tou ki trè bon.

16/01/2025

Nou remake genyen yon epidemi grip ak lafyev deyò a kisa nou ka fè kom prevansyon e sila ki atrape li déjà yo kijan nou ka jere tèt nou.

17/10/2024

16 Oktob : Jounen mondyal Alimantasyon
Tèm jounen an" Dwa pou manje pou yon lavi miyò ak yon avni miyò.

Nan jounen sa yo sansibilize moun yo sou enpòtans pou yo manje 3 gwoup manje yo ki se
1- Manje ki bati kò a se manje sa yo ki pral fè vyann pouse sou kò a tankou vyann ak bèt nan lanmè yo, divès kalite pwa,ze,lèt ak tout sa ki fèt avèk lèt tankou fwomaj, yogout
2- Manje ki bay fòs se yon seri de manje ki pral fèw santiw gen enéji pou travay sereyal yo tankou diri,mayi,pitimi, ble spaghetti,farin sik,lwil,bé viv alimantè yo yanm banann,patat,veritab,mazonbel
3- Manje ki pwoteje kò Fwi ak legim yo se gwoup manje sa ou ta supoze konsome plis pou jounen an paske se yo ki pral edew genyen yon bon defans iminitè pou fè prevansyon enfeksyon epi anpeche maladi rantre lakay ou Fwi yo papay,citron,seruz,grenadya,zoranj; legim yo kawot,chou,Milton,fèy,chou,berejèn ,pwaro,pèsi,elatriye.
Byen manje pa depann de siw rich oswa pòv paske ou gen dwa gen gwo mwayen manje ou prepare a pa ekilibre poutan avèk ti mwayen kew genyen an ou ka manje dapré 3 gwoup manje yo.
Rete branche pwochen sijè a nap pale de preparasyon bwat timoun yo.

13/10/2024

Lè yon moun ap vomi oswa gen dyare premye bagay ke nou dwe ba moun nan se sewom oral. Men poukisa
Lè yon moun ak vomi epi gen dyare li ap pèdi dlo avèk elektrolit ki nan kòl donk lè sa se sewom oral la ki pral ede moun nan ranplase dlo ak elektrolit sa yo ke lap pèdi a.
Dyare avèk vomisman ka touye moun sitou timoun yo.
Pa al achte loperamide bay timoun yo pa bouyi te kle bounda ba yo se kòmanse ba yo sewom oral epi chèche chimen San sante oswa lopital.
Nan pwochen post la nap wè kijan nou ka prepare sewom oral.

12/10/2024
Lè wap lave kilot yo si ou mete fab,kloroks,santi bon jan nou konn dil la ak lot bagay men sa ki ka rive pwodwi sa yo pr...
12/02/2024

Lè wap lave kilot yo si ou mete fab,kloroks,santi bon jan nou konn dil la ak lot bagay men sa ki ka rive pwodwi sa yo pral detwi flore vaginale la( flore vaginale la se yon ansanm de mikwo òganism natirel ki prezan nan kavite vajinal la) bakteri sa yo jwe wòl baryè pou pwoteje vajen an pandan lap pèmèt jèm ki bay maladi a pa antre nan vajen an. Flore vaginale la frajil anpil men kek jès senp kap ap edew pwoteje li epi evite enfeksyon.

-Twalet entim two souvan.Li rekomande pou fè twalet entim ou 2 fwa pa jou maten ak aswè.
- Evite mete rad ki twò sere paske li fè bakteri yo devlope rapid akoz fwotman epi manke lè ki pase.
- lè nap fè twalet nou li pa nesesè pou nou ap rantre dwèt nou jis anndan poun netwaye se selman pati deyò a kew bezwen epi vajen an ap fè netwayaj anndan poukont li epi pa itilize losyon poun fè twalèt yo san ke se pa doktè ki preskri nou yo yo memm tou kontribiye nan detwi flore vaginale la.

Sou vetman sipoze lave chak lè ou fin metel pa gen bagay mte retirel maten an mfin benyen pita mka itilize l mesye yo eske nou tande 🤣Depi sou vetman te gentan an kontak ak po w li absòbe tout sa kò a ap rejte tankou syè ,san,tata elatriye. Selman soutyen yo ou ka chanje chak 2 jou men sa pral depann tou de sitiyasyon an. Evite lave sou vetman yo avèk lot rad paske memm sou vetman sa yo kew fin lave ki pwòp la dapre yon etid genyen anviwon 10 000 bakteri ki toujou rete ladan li. Memm kan ou lave yo bakteri sa yo toujou prezan sa kew ka fè se chanje kilot yo souvan epi byen lave yo.

Kilot yo gen yon dire de vi pa tann se lè yo pa ka mete ankò pou nou abandone e magre yo fini nou fè twal benyen ak yo sa ki pa yon bon netod . Dapre ekspè yo kilot yo sipoze chanje chak ant 6 mwa a 1 lane.

Pou nou lave kilot yo men kisa wap bezwenDlo pwòpSavon ki neutre sa nou konn fè lesiv la oswa yo rekòmande savon Marseil...
12/02/2024

Pou nou lave kilot yo men kisa wap bezwen
Dlo pwòp
Savon ki neutre sa nou konn fè lesiv la oswa yo rekòmande savon Marseille tou.
Nou remake byen ke mwen pa di fab,kloroks,digo.
Nou pral wè poukisa nou pa supoze mete bagay sa yo nan kilot oswa lot sou vetman.

12/02/2024

Jodya medam nou pral aprann lave kilot nou yo pou nou pa detwi flore vaginale epi évite enfeksyon a repetisyon

12/02/2024

Coucou les filles.
Jodya mwen pral pote yon ti sijè ki enteresan pou nou e ki ap ede nou jere sante nou.

Mwen pibliye ti brochure sa pou nou. Ladanl nap wè tout manje ki pèmèt devlopman plizyè pati nan kò nou. Si gen kesyon p...
29/01/2024

Mwen pibliye ti brochure sa pou nou. Ladanl nap wè tout manje ki pèmèt devlopman plizyè pati nan kò nou. Si gen kesyon pa ezite poze yo.
Fedie l infirmière la pou sèvi nou.

Adresse

Avenue Cartagena Prolongée
Les Cayes
HT8110

Heures d'ouverture

Lundi 17:00 - 20:00
Mardi 17:00 - 20:00
Mercredi 17:00 - 20:00
Jeudi 17:00 - 20:00
Vendredi 17:00 - 20:00
Samedi 10:00 - 18:00
Dimanche 09:00 - 13:00

Téléphone

+50933232957

Site Web

Notifications

Soyez le premier à savoir et laissez-nous vous envoyer un courriel lorsque Fedie l'infirmière publie des nouvelles et des promotions. Votre adresse e-mail ne sera pas utilisée à d'autres fins, et vous pouvez vous désabonner à tout moment.

Partager

Type