Hôpital de l'Université d'État d'Haïti - Lopital Jeneral

Hôpital de l'Université d'État d'Haïti - Lopital Jeneral Yon lopital modèn pou bon jan kalite swen an Ayiti.

14/02/2025

💔

Ki wout pou w pran lè w fenk antre lopital la ? Li piblikasyon sa lap ede w konnen !Dr Sosthène Pierre ki se chèf Sèvis ...
25/10/2023

Ki wout pou w pran lè w fenk antre lopital la ? Li piblikasyon sa lap ede w konnen !

Dr Sosthène Pierre ki se chèf Sèvis Klinik Ekstèn Lopital Jeneral la kontan pataje ak popilasyon an tout etap yo dwe suiv lè yo rive Lopital la.

Ansanm n ap ka rebay Lopital la, eskanp figi l !

Direktè Egzekitif Lopital Jeneral la Doktè Jude Milcé akonpanye de plizyè Chèf Sèvis nan Lopital la ak manm estaf admini...
02/08/2023

Direktè Egzekitif Lopital Jeneral la Doktè Jude Milcé akonpanye de plizyè Chèf Sèvis nan Lopital la ak manm estaf administratif Lopital la te resevwa yon delegasyon "Agence Française de Développement (AFD) ak Expertise France". Delegasyon sa a te dirije pa Mesye Kristel Gaboriau.

Vizit sa te dewoule sou peryòd 26 pou rive 28 jiyè 2023.

Ojektif vizit sa a, se pou :

1- Evalye Plato teknik Lopital la (Kisa nou gen ki disponib deja, nan ki eta yo ye...)

2- Fè diagnostik bezwen teknik lopital la gen a kou tèm. (Sa vle di ki materyèl nou bezwen pou n fonksyone pandan ti tan ki rete nou nan ansyen batiman an)

3- Evalye Kalite swen ke Lopital la pare pou ofri pasyan yo.

4- A mwayen tèm, vizit sila a vize asire on bon tranzisyon pou soti nan ansyen batiman an, pou n antre nan batiman tou nèf la. Nouvo Batiman nou an, respekte tout nòm yon bon Lopital Inivèsitè nivo tètyè.

Nou kwè vizit sa a, ap pote bon jan rezilta pou Pèsonèl Lasante Lopital la kapab sèvi Popilasyon an nan bon jan kondisyon.

Adresse

Mirebalais

Site Web

Notifications

Soyez le premier à savoir et laissez-nous vous envoyer un courriel lorsque Hôpital de l'Université d'État d'Haïti - Lopital Jeneral publie des nouvelles et des promotions. Votre adresse e-mail ne sera pas utilisée à d'autres fins, et vous pouvez vous désabonner à tout moment.

Partager

Share on Facebook Share on Twitter Share on LinkedIn
Share on Pinterest Share on Reddit Share via Email
Share on WhatsApp Share on Instagram Share on Telegram

Type