Dr. Michel Londy

Dr. Michel Londy Je prends l’engagement solennel de consacrer ma vie au service de l’humanité. Médecin /Entrepreneur

PREVANSYON ,KANPAY,LIT KONT MALADI KANSÈ PAKA FÈT SÈLMAN AK 2, 3 FRAZ ANKOURAJMAN CHAK MWA NAN LANE. Pandan MSPP mete ak...
05/02/2024

PREVANSYON ,KANPAY,LIT KONT MALADI KANSÈ PAKA FÈT SÈLMAN AK 2, 3 FRAZ ANKOURAJMAN CHAK MWA NAN LANE. Pandan MSPP mete ak kèk ti gwoup chita kreye ti pwojè bidon, woule machin ,fè milyon sou do yon pakèt viktim ak yon maladi , pandan pa genyen menm yon selil prevansyon ak depistaj maladi kansè nan tout peyi a .
Lè w pran yonn nan kansè k ap touye fanm nou yo,kise kansè kòl matris ki ka prevni e evite agrave ak yon senp depistaj prekòs egzamen PAP TEST ,HPV ,e kansè tete yon senp MAMOGRAFI.
Men ,egzamen sa yo rete yon kochma pou malere sa yo nan tout peyi a😒,pandan y ap gagote lajan chak jou .
Peyi a san onkològ de fòmasyon (radyoterapèt/kimyoterapèt) ki se moun ki kle nan fòmasyon/prevansyon ak bon jan pwogram trètman maladi kansè yo. APRE SA CHAK ANE ,SE MENM BLABLA YO!
N.B FANM PEYIM DEGAJE NOU ALE FÈ YON TÈS PAPA NIKOLA / YON MAMOGRAFI POU PITI CHAK 3 LANE , KONSA N’AP KONBAT MALADI KANSÈ .

🗣️
09/01/2024

🗣️

02/12/2023

Èske w konnen si yo vyole w , si w finn fè sèks oubyen avan w fè sèks ak yon moun ou gen dout sou li. Ou ka pran yon PREP pou evite w kontamine .

02/12/2023

Èske w te konnen si w pran medikaman w kòrèkteman , w ap vinn ENTRANSMIB . Sa vle di chaj viral la ap tèlman desann ba ,OU PAP KA BAY MOUN LI , menm si w ta oze fè sèks San kapòt . METE KAPÒT MEDIKAMAN W 💊

02/12/2023

Èske w te konnen si w pran medikaman w kòrèkteman , w ap vinn ENDETEKTAB . Sa vle di viris la ap tèlman desann ba , YO PAP PRÉSKE WÈ L NAN KÒ W ,lè wa l fè tès . METE KAPÒT MEDIKAMAN W 💊

´´JOUNEN MONDYAL LIT KONT MALADI SIDA  ‘’                                1/12/23
01/12/2023

´´JOUNEN MONDYAL LIT KONT MALADI SIDA ‘’ 1/12/23

´´JOUNEN MONDYAL LIT KONT MALADI SIDA ´´.                                             1/12/2023
01/12/2023

´´JOUNEN MONDYAL LIT KONT MALADI SIDA ´´. 1/12/2023

Sipò nou tout konte 🇭🇹🫂.  KPK
29/10/2023

Sipò nou tout konte 🇭🇹🫂. KPK

DENGUEKisa ki dengue ?Se yon maladi viral ki antre sou wou kote yon mayengwen ki rele ayedès pike'w. Ou jwenn mayengwen ...
27/10/2023

DENGUE
Kisa ki dengue ?
Se yon maladi viral ki antre sou wou kote yon mayengwen ki rele ayedès pike'w. Ou jwenn mayengwen sa plis nan peyi tropikal yo e li sanble ak yon senp grip , sak fè li te rele avan "grip tropikal''.
Lè mayengren an finn pike yon moun ki malad ,epi li vinn pike'w, li transmèt ou maladi moun nan te genyen an.
N.b Moun ak moun paka transmèt li .
KOZ ?
Li plis koze pa yonn nan 4 serotip viris diferan ki rèsponsab dengue a (DENV-4).
Apre finn parèt premye sentom yo nan moun ki enfekte a ,konnya moun ki enfekte a ka transmèt maladi bay mayengwen nan 7 a 12 jou. Se sak fe nou dwe evite mayengwen mòde moun ki deja enfekte.
N.B Deng pi danje lakay timoun ke granmoun !
SENTOM OUBYEN KISA W SANTI ???
DENGUE KLASIK
1-Lafyèv (Dengue lan kòmanse ak yon gwo lafyèv , apre 2 a 7 jou ou finn enfekte.
2-Kò kraze ,tout zo kò w fè w mal.
3-Tèt fè mal (doulè a reponn dèyè zye ou).
4-Gòj fè mal.
5-Grip (san' w pa estènen ,san' w pa touse, nen' w bouche).
6-Anvi vwomi ELATRIYE...
DENGUE GRAV
1-Vant fè mal.
2-Gwo vwomisman.
3-Vwomi san.
4-Nen senyen.
5-Zansiv senyen
6-Rèspire rapid ELATRIYE...
TRETMAN
N.B Pagen yon trètman espesifik pou dengue. Men ,yo itilize kèk medikaman pou trète lè lafyèv la wo.
N.B Evite pran medikaman tankou aspirine, ibiprofènn ,paske yo gen yon efè antikowagoulant.
E li ka vinn prezante fòm grav la (emorajik)e baw gwo pwoblèm ,e menm fè w vwomi san.
Ale lopital !!!
KONPLIKASYON
Deng ka afekte plizyè lòt pati nan kòw ,tankou sèvo w , fwa w elatriye...
Li ka agrave e fè w dezidrate ,vwomi e menm mouri si w pa ale lopital.
PREVANSYON
1-Itilize rad kigen manch long.
2-Itilize moskitè ,begonn pou edew konbat moustik yo.
3-Evite vwayaje nan peyi kote yo bay nouvèl ki prezante dengue (tankou lakay abibi) .
4-Itilize tout aktivite kont mayengren ,flite tout kwen kay ou, pa kite dlo dòmi nan bout mamit , evite kite fatra , bagay sal k' ap kale mayengwen.
5-Epi swiv kontròl radio pou nou rete enfòme.
KESYON OU DWE POZE E REPONN DOKTE W :
1-Si wi ou non w te vwayaje nan yon lòt peyi etranje nan dènye jou sa yo (tankou si w te lakay abibi) ?
2-Fòk ou mande' l pou' l fè egzamen ,pou' l wè eske vrèman ,eske sentom ou prezante yo se dengue ?

11/10/2023

PAZ🙏🏽

FÈ PRIDANS , VEYE KOLERA . 🤦🏾‍♂️🇭🇹
18/06/2023

FÈ PRIDANS , VEYE KOLERA . 🤦🏾‍♂️🇭🇹

Kòman STRÈS😩😡 se yonn nan koz ki ka fè vant ou GWO epi ti dèyè w PLAT  ??? Lè w STRESE😡, sistèm ki nan sèvo a🧠 , ki rele...
12/05/2023

Kòman STRÈS😩😡 se yonn nan koz ki ka fè vant ou GWO epi ti dèyè w PLAT ???

Lè w STRESE😡, sistèm ki nan sèvo a🧠 , ki rele sistèm otonòm lan ak èstimilasyon ipofiz sou demand ACTH fè w vinn ipè-aktif ,e lè ou ipè-aktif ,li vinn fè G.S/LDL la pwodui plis òmòn kòtizòl ,adrenaline ,noradrenaline (òmòn strès).

Yonn nan bagay ogmantasyon kòtizòl sa fè nan kò w, li mete w an « mode fuite ou lutte » sa vle di w anvi kouri ou kanpe (konba), sa fè ou vinn bezwen enèiji=sik pou reponn a bezwen fòse sa, li vinn oblije mobilize e fòse w pran PWOTEYINN nan yon pati nan kò a pou fè tounen sik=enèji (neyoglikojenèz).
Epi w vinn gen enèji=sik sa pou w kouri ou kanpe (goumen) men ou pa ni KOURI ni KANPE🙈. Kò a vinn pran nan enèji=sik sa pou fè grès ,e depoze rès la plizyè lòt kote kòm rezèv (tankou nan ti koko vant ou) pou l itilize l lè l bezwen l.
Men yonn nan kote l te pran plis PWOTEYINN , se nan FÈS ou (dèyè w).

Se sak fè w wè moun sa yo ti dèyè yo antre epi ti vant yo sòti .
E w jwenn ka sa yo nan pwofesyonèl byen avize ak moun k ap jere lajan/biznis.
Depi w wè yon moun konsa , panse li ka yon moun ki strese . ALÈTE L !
GWO VANT PA VLE DI AFÈ W BON , MEN PITO SE AFÈ W KI PABON
se pi gwo enmi sante'w
strès
Swit ak lojik ki pa chita nan liv 🧠 G.S : Glande Surrénale / ACTH : Hormone Adénocorticotrope / C
Dr. Michel

Adresse

Ouanaminthe

Téléphone

+50943323856

Site Web

Notifications

Soyez le premier à savoir et laissez-nous vous envoyer un courriel lorsque Dr. Michel Londy publie des nouvelles et des promotions. Votre adresse e-mail ne sera pas utilisée à d'autres fins, et vous pouvez vous désabonner à tout moment.

Contacter La Pratique

Envoyer un message à Dr. Michel Londy:

Partager

Type