16/12/2025
Dysfonction érectile 🍆🥒
Depi difikilte mwen di nan video an kòmanse rive w plizyè fwa, kòmanse chèche ki pwofesyonèl sante pou w wè.
Si w gentan genyen 40 ane, li enpòtan pou w wè sa avèk pwofesyonèl sante w pi rapid toujou.
Gen peyi asirans maladi kouvri yon pati an ka pasyan an pa deside ou pa an mezi pran yon swen pi avanse ak kòb nan pòch li. Genyen lòt peyi ki pa antre nan sa menm.
Men kèk nan koz ki kapab mete w nan sitiyasyon disfonksyonman erektil
- Maladi kadyovaskilè
- Obezite
- Mank testostewòn
- Kèk Twoub newolojik
- Efè segondè kèk medikaman
- Strès
- Depresyon
- Mank estimdeswa
- Konsomasyon twop alkòl, tabak ak lòt...
- Manje mal
- Laj
- Kèk maladi ra...
M ap prezante nou kèk pwofesyonèl nan 2 kontinan ki kapab ede w, mwen mete pri yo, entèvansyon yo.
Pri yo se jis pou w genyen yon ide paske pwofesyonèl yo fikse pri yo swivan: Kantite ane etid yo, kantite ane eskperyans yo, kantiye metòd swen yo ofri, nivo sèvis yo bay lan, chaj klinik yo genyen pou kouvri pou bay sèvis lan...
Men pri seyans yo apre analiz, anpil fwa ou bezwen plis ke 15 seyans selon pwofondè pwoblèm lan:
IWOLÒG:
- Lafrans: 50 a 120 ewo pa seyans
- USA: 100 a 300 us, kèk eta jiska 1000 us
- Entèvansyon: Medikaman - Enjeksyon - Ponp... Selon ka a li kapab fè w operasyon, se yon lòt pri.
- Aspè li okipe: Fizik sèlman
- Yon kategori Seksològ ki genyen menm metòd entèvansyon ak premye an epi ajoute sou sikoloji
- Aspè li okipe: Fizik - Mantal - Emosyonèl
FITOTERAPET:
- Lafrans: 40 a 70 ewo
- USA: 60 a 120 ewo
- Entèvansyon: Medikaman ki fèt ak plant, alimantasyon, konsèy
- Aspè li okipe: Fizik - Spirityèl pafwa Enèjetik
SEKSOLÒG KI PA MEDSEN TOU:
- Lafrans: 50 a 120 ewo
- USA: 100 à 250 us pafwa jiska 400 us
- Entèvansyon: Terapi sikolojik - konsèy
- Faktè li okipe: Mantal - Emosyonèl
TERAPET GLOBALIST:
- Lafrans: 100 a 600 ewo pa seyans
- USA: 400 a 800 ewo, pafwa plis ke 1000
- Entèvansyon: Medikaman (souvan pèsonalize) - Itilizasyon anpil materyèl ak metòd swen, tankou ondechòk ak anpil lòt ankò, sikoterapi trè avanse, konsèy, alimantasyon, ak anpil lòt apwòch ankò ka pasyan an mande.
- Faktè li okipe: (Tout nèt) Fizik - Enèjetik - Emosyonèl - Mantal - Sikospirityèl - Sosyal - Kiltirèl
Terapet Globalist yo se kategori ki bay seyans regilyè yo pi chè nan tout kwen nan mond lan, paske li gen pou objektif, chèche solisyon nan tout kwen pou ou, epi touche tout faktè nan lavi.
Mwen pa jwenn pri pou lòt pwofesyonèl an Ayiti, ale wè yo direkteman.
Nan Taï Clinique seyans terapi pou disfonksyonman erektil se 150 us minimòm
Taï Clinique de soin global et personnalisé
#35, Rue Borno Pétion-ville
WhatsApp 3718 1033