24/02/2026
PAWÒL TIMOUN #23
OKIPE YON TIMOUN :
Sa plis pase ba l manje ak rad.
Okipe yon TIMOUN vle di : pran responsablite total pou byennèt li, sou plan fizik, mantal, emosyonèl ak moral, chak jou.
🧠 1. PRAN SWEN SANTE MANTAL AK EMOSYONÈL
Koute timoun nan san entèwonp li.
Pran santiman li oserye.
Evite rele, joure, oswa imilye.
Pa konpare li ak lòt timoun.
Ankouraje l lè li fè efò, menm si li pa reyisi.
Kreye yon anviwònman kote li santi l an sekirite pou pale.
👉 Yon timoun ki tande, se yon timoun ki gen konfyans.
🥗 2. ASIRE SANTE FIZIK AK ALIMANTASYON
Bay timoun nan manje regilye ak ekilibre.
Entegre fwi, legim ak pwoteyin nan manje li.
Limite bwason s*k, bonbon ak manje twòp grès.
Asire li bwè dlo pwòp pandan jounen an.
Suiv pwa ak kwasans li selon laj li.
👉 Bon manje jodi a, se bon sante demen.
💧 3. IJYÈN AK ANVIWÒNMAN
Aprann timoun nan lave men avan manje ak aprè twalèt
Asire li benyen regilyèman.
Kenbe rad, kabann ak espas li pwòp.
Anseye li jete fatra nan bon kote.
Evite kote ki sal oswa danjere pou timoun
👉 Pwòpte se premye medikaman.
😴 4. REPO, DÒMI AK ABITID
Mete lè fiks pou dòmi ak reveye.
Evite ekran (telefòn, televizyon) anvan dòmi.
Asire timoun nan dòmi ase selon laj li.
Kreye yon anviwònman kalm pou dòmi.
Respekte tan repo timoun nan.
👉 Yon timoun ki byen repoze aprann pi byen.
🩺 5. SWIVI SANTE AK PREVANSYON
Respekte kalandriye vaksen timoun nan.
Mennen li nan sant sante regilyèman.
Pa bay medikaman san preskripsyon.
Obsève siy maladi (lafyèv, dyare, tous, doulè).
Chèche èd medikal a tan.
👉 PREVANSYON PI BON PASE TRETMAN.
🛡 6. PWOTEKSYON AK SEKIRITE
Pa kite timoun nan pou kont li nan sitiyasyon riske.
Aprann li rekonèt danje.
Eksplike li diferans ant bon manyè ak move manyè.
Ankouraje li pale si li santi l an danje.
Pwoteje li kont vyolans fizik, vèbal ak emosyonèl.
👉 Sekirite timoun se responsabilite granmoun.
❤️ 7. LANMOU, EDIKASYON AK DISIPLIN
Montre lanmou chak jou (pawòl, jès, tan).
Mete règ ki klè ak konsekans ki jis.
Korije san bat ni imilye.
Montre bon egzanp (timoun imite granmoun).
Edike timoun nan sou valè lavi (respè, onètete, responsablite).
👉 Disiplin ak lanmou mache ansanm.
🟢 Konklizyon
Okipe yon timoun, se bati yon moun pou demen.
Se pa sèlman bay sa li bezwen jodi a, men prepare li pou lavi.