Dr Lebrun Reginald

Dr Lebrun Reginald sante w se priyorite w
Pataje post nou yo
konsa wap ede plis moun
prevansyon se lò...

18/08/2025

Bonjou tout Moun
Kijan nou ye????

30/07/2025

Bonjour Ayiti
BONJOUR Point vert pharma et clinique
APPy EFF disponible nan Stock nou lap tann ou a bon prix

Vini verifye pou wè...

30/07/2025

Ou rete fontamara...
Ou gen fyèv ale lopital koz Nou remake anpil Moun ki abite fontamara gen malaria nan moman sa yo...

Mèsi

Nou kafou Nan pwent Mon Repos 44 Bo garage moto a e la wap jwenn Mwen pou Yon spesyal konsultasyon Ekri Nou sou numéro s...
25/07/2025

Nou kafou
Nan pwent Mon Repos 44 Bo garage moto a e la wap jwenn Mwen pou Yon spesyal konsultasyon

Ekri Nou sou numéro sa 3218-1853 /3476-1563

1-Eskew te konnen vyann pa fin trô bon pou sante nou espesyalman lèl fri pa bliye vyann redwi sou lavi moun.2-Eskew te k...
18/07/2025

1-Eskew te konnen vyann pa fin trô bon pou sante nou espesyalman lèl fri pa bliye vyann redwi sou lavi moun.

2-Eskew te konnen nou ta sipoze manje plis aliman kri ke aliman kwit 80% kri 20% kwit.

3-Eskew te konnen moun kap manje tomate konkonb - brocoli - laitue lap difisil pou yo ta fè maladi s*k tension cancer ak kolesterol.

4-Eskew te konnen si se diri sos pwa legume selman wap manje gen vitamine kôw pap jwenn pa bliye gen vitamine se nan aliman kri nou jwenn yo plis pa egzanp acide folic(vit.B9)
Vit.K
5-Eskew te konnen lè wap fè legume berejèn oubyen militon se lèl fin kwit se lè sa pou ta rache chou a met ladanl paske chou a pa dwe kwit.
NB: si yon moun te ka pa manje vyann li tap pi bon mwen pa manje vyann se laitue konkonb brocoli epi tomate. m fin abitye men li pa fasil pou yon moun kite konn manje vyann poul kite😁😂 m redi anpil vanm resi bay vyann vag😁kounya sim pa manje laitue konkonb m pa santim alez

Point vert pharma et clinique
Carrefour Mon Repos 44 rue concorde #1 bis
# 3218/1853....

Ou kafou oubyen ou nan zonn ki tou pre li yo Nap envite w nan inogurasyon Point vert pharma et clinique Jou kap 22 jjiye...
15/07/2025

Ou kafou oubyen ou nan zonn ki tou pre li yo
Nap envite w nan inogurasyon Point vert pharma et clinique Jou kap 22 jjiye AK 23 nap pran 2 joubsa yo pou nou fe Yon spesyal konsultasyon AK 250 gds.

* 40% rabè sou egzamen labo Nou yo
20% rabè sou medikaman nou yo...

* Ofysyèlman nap prezante w logo *POINT VERT* clinique

- Point vert *CLINIQUE* se yon se yon antrepriz ki spesyalize nan bay swen pou Yon ti kras kob..alò Map Di nou nan Yon ti tan tout kout konbyen konsultasyon ap ye paske *Point vert* prezan sou Rezo sosyo yo pou l ka pi pre w...
- nan Point Vert nou pa sèlman la pou nou baw swen de kalite men tou Nou la kom zanmi w..
- men sevis nou yo:
- konsultasyon général
- konsultasyon pedyatri
- jinevoloji
- swivi pre natal
- planning
- konsultasyon medsin entèn
- ECH
- Labo
- sonogwafi
- swen ijans
- chiriji minè
- tele médecine
- *POiNT vert* kreye pou li bay swen san pâti pri, avèk lanmou pou chak grenn pasyan nou pral Genyen.
- *Point vert* pral *OUVÈ 7/7 ...

Adres nou : kafou Mon Repos 44 rue concorde #1
Nou nan antre A depi w fe Yon ti antre tou Piti wap we Nou...

Nap tann nou tout
Depi w bezwen m se la Mwen ye...

Pa diw pat konnen
14/07/2025

Pa diw pat konnen

Atik 1: eskew te konnen son sel fwa ou ta dwe lave bôbôt ou menm siw pap dkr avem m oblije diw li men siw lavel 2 fwa pa...
08/07/2025

Atik 1: eskew te konnen son sel fwa ou ta dwe lave bôbôt ou menm siw pap dkr avem m oblije diw li men siw lavel 2 fwa pa jr sa pa problèm pa pliske 2 fwa rezon ki fèw pa dwe ap plede fè twalèt ou se paske chak fwaw ou lave bôbôt ou se flor vaginale ou ki pertubé.

Atik 2: eskew te konnen ou pa bezwen sèvi avek vye pwodwi chimik pou fè bôbôt ou sere jis sèvi ak dlo bouyi mete la chak 3 jou ou chanje dlo a epi bôbôt la ap sere tou natirelman.

Atik 3: eskew te konnen chak fanm gon tip de bôbôt diferan ki donk aksepte paw la jan'l ye a epi kwè nan tèt ou.

📍 jodia mwen pote yon sijè enpotan pou ou pran san w li post sa pa bliye patajel 📚  eske gen danje le w domi a vantilate...
06/07/2025

📍 jodia mwen pote yon sijè enpotan pou ou pran san w li post sa pa bliye patajel

📚 eske gen danje le w domi a vantilate❓❓❓

📍 tout moun pe chale se yon bagay nomal e depiw di chale ou we moustik se pou sa anpil moun renmen domi a vantilate ebyen jodia mwen vinn pale de danje ki genyen le w fe sa...

📚 anpil moun paka domi san vantilate sitou epok chale ebyen jodia mwen vinn di nou wi gen danje lew domi a vantilate sou ou chak swa nan kek ka..

👉 ou we le w kite vantilate twop sou ou sa ka bow gwo pwoblem sante sitou pou moun ki gen pwoblem asmatik (souf wo) moun ki fe aleji ou we van an ka fe pousye antre nan sinis nou epi pwoblem....

👉 ou we vantilate a ka fe po w sèch, goj, zye, nen w sitou w si w fiksel sou ou twop li ka bow tet fe mal li ka fe po w rouj li ka bow enflamasyon tou sa ka yon pwoblem siw se yon moun ki konn mete antiy de kontak map konsey retire l avan w domi....

👉 ou we le w mete vantilate twop sou ou li ka baw kranp tou...

👌 selon yon etid kite fet an 2016 nan university of texas nan peyi etazini ki piblye nan jounal JAMA yo démontre ke le w mete vantilate sou ou twop li ka bow pwoblem kadyak sitou kay granmoun...

Ps: tanperati nomal yon chanm sipoze ant 16 oubyen 18 degré pou ka domi byen pa bwe alkol, pa bwe bwason cho avan w kouche sitou le l fe cho siw santiw mare al benyen....

Dr Lebrun Reginald
Lebrun Reginald@Gmail.Com
Like & patajel

Siw poko like paj sa monte sou link sa
👇👇👇👇👇👇
https://www.facebook.com/Dr-Lebrun-Reginald-104383767995671/

Mesi pou sipow

🚨 𝗔𝗧𝗔𝗡𝗦𝗬𝗢𝗡: 𝑇𝑒𝑛𝑖𝑎 𝑆𝑎𝑔𝑖𝑡𝑎𝑛𝑎, Yon parazit ki ka ap viv nan Trip ou… san w pa menm rann kont!🚨 Jan nou kapap wè non foto a,...
04/07/2025

🚨 𝗔𝗧𝗔𝗡𝗦𝗬𝗢𝗡: 𝑇𝑒𝑛𝑖𝑎 𝑆𝑎𝑔𝑖𝑡𝑎𝑛𝑎, Yon parazit ki ka ap viv nan Trip ou… san w pa menm rann kont!🚨

Jan nou kapap wè non foto a, Sa se Yon VÈ 𝙏𝙚𝙣𝙞𝙖 𝙎𝙖𝙜𝙞𝙩𝙖𝙣𝙖(Vè solitè) ki nan men yon moun. Nou gentan gen yon Ide de ki longè l ye, pafwa yo ka atenn plis ke 10 mèt😱 longè nan trip yon moun.

Jeneralman moun atrape vè sa (Tenia sagitana) san yo pa menm rann kont 𝐥𝐞̀ 𝐲𝐨 𝐦𝐚𝐧𝐣𝐞 𝐯𝐲𝐚𝐧𝐧 𝐛𝐞𝐟 𝐤𝐨𝐧𝐭𝐚𝐦𝐢𝐧𝐞 𝐤𝐢 𝐦𝐚𝐥 𝐤𝐰𝐢𝐭 epi viv ak devlope nan entesten yo pandan plizyè ane.

Moun ki atrape lav Vè sa yo kapab rete 𝒔𝒂𝒏 𝒑𝒓𝒆𝒛𝒂𝒏𝒕𝒆 𝑺𝒊𝒚 𝒂𝒌 𝒔𝒆𝒏𝒕𝒐𝒎 ki pou orante yo ke yo gen parazit nan entesten yo. Toutfwa, kek lot kapab gen kek manifestasyon flou tankou:

✔️ Vant balonnen ✔️Anvi vomi ✔️Dyare
✔️Diminisyon Apeti ✔️Tet fe mal ✔️Pedi pwa
✔️Demanjezon sou po ✔️Demanjezon nan twou dèyè ✔️Konsa tou genyen ki konn rann Vè yo bout pa bout lè yo twalèt, se souvan sa ki souvan fè yo al konsilte.

👀𝑲𝒐𝒎𝒂𝒏 𝒏 𝒌𝒂 𝒑𝒘𝒐𝒕𝒆𝒋𝒆 𝒏𝒐𝒖, 𝒑𝒐𝒖 𝒏 𝒑𝒂 𝒂𝒕𝒓𝒂𝒑𝒆 𝒍❜ ?

✅ Toujou byen Kwit vyann Bef yo avan nou konsome yo.

✅ Toujou byen lave men nou avan nou fè manje, avan nou manje ak lè nou sot manipile vyann Bef ak men nou.

✅ Evite Konsome "Steak" ki pa byen kwit yo, asirew yo byen kwit avan, pou si yo ta gen (Larve) Vè Tenia sagitana a.

✅ Evite twalèt Atè, sitou nan raje kote Bef konn ye, pou siw ta gen parazit la, pou w pa transmet Ze yo bay bef, epi kontinye pwopaje parazit la toujou.

✅ Konsilte medsen ou nan ka ou toujou konn santiw balonnen, siw ap pedi pwa san rezon, siw souvan gen vant fe mal, elatriyee....

⚠️ Pa bliye 🅟🅐🅣🅐🅙🅔 piblikasyon sa pou sansiblize lot yo sou Parazit sila a. MÈSI.

Adresse

Rue Damus
Port-au-Prince
509

Notifications

Soyez le premier à savoir et laissez-nous vous envoyer un courriel lorsque Dr Lebrun Reginald publie des nouvelles et des promotions. Votre adresse e-mail ne sera pas utilisée à d'autres fins, et vous pouvez vous désabonner à tout moment.

Contacter La Pratique

Envoyer un message à Dr Lebrun Reginald:

Partager

Share on Facebook Share on Twitter Share on LinkedIn
Share on Pinterest Share on Reddit Share via Email
Share on WhatsApp Share on Instagram Share on Telegram

Type