28/11/2025
Apre yon agresyon seksyèl, li trè enpòtan pou ale nan yon sant sante avan 72 èdtan (anvan 3 jou). Se tan sa ki pèmèt pwofesyonèl yo pwoteje w kont VIH ak lòt enfeksyon, evite yon gwosès ou pa vle, epi ba w yon sètifika medikal si w bezwen depoze plent.
Pa lave kò w, pa chanje rad w, vini vit.
Swen yo gratis, konfidansyèl, epi se dwa w.
📞 Pou jwenn èd oswa akonpayman rele GRATIS nan :
*100 (Si itilize Digicel)
8400 (Si w itilize Natcom)
3601-2121 (Liy telefonik ALO TOYA)
Ministère de la Santé Publique et de la Population United Nations ONU Haïti Téléphone Bleu Fondation TOYA Solidarite Fanm Ayisyèn