 
                                                                                                    04/07/2024
                                        Anpil moun konfonn èni nan sak grenn "hernie inguino-scrotale" ak maklouklou "hydrocèle". Jodi a nou pral wè diferans yo ansanm.
Yo pale de èni se lè yon ògan oubyen yon pati ladann kite espas nòmal li pou l al mete kò l yon lòt kote. Gen plizyè kalte èni tankou èni bò lèn, nan lonbrik, èni diskal elt....
Nan ka èni nan sak grenn se lè yon pati nan trip la kite vant nou e pi l desann nan sak grenn nan. Li fè bò lèn nan ak sak grenn nan gwo sitou lè moun nan touse oubyen li leve yon bagay lou. 
Pou maklouklou a nou te wè sa l ye deja se lè gen yon kantite likid ki akimile nan pòch ki pote boul grenn nan. 
Konn gen ka konplike nan èni yo. N ap wè sa nan yon lòt pòs. Sa konn mande pou kouri ak moun nan an ijans.
Èni ak maklouklou "Hydrocèle" pa menm. Tretman pou yo se operasyon men teknik pou opere yo pa menm. 
Si w gen bò lèn ou pou rive nan sak grenn ou ki gwo ou sipoze wè yon iwològ pou evalyasyon ak swivi.
JSO
04/07/24                                    
 
                                                                                                     
                                                                                                     
                                                                                                     
                                                                                                     
                                                                                                     
                                         
   
   
   
   
     
   
   
  