Koscom Koscom est une agence de communication chargée de gérer la communication interne et externe des institutions.

27/05/2025

Kolon fransè yo te konn mete matyè fekal nan kwiy pou bay esklav yo manje.

Nan epòk kolonyal la, esklav pa t gen okenn dwa kòm moun, yo te trete tankou objè. Daprè Kòd Nwa Colbert te pibliye an 1685, espesyalman nan atik 44, esklav yo te konsidere kòm "byen mèb", sa vle di menm jan ak mèb oswa bèt, mèt yo te gen tout pouvwa sou yo.

Kolon fransè ki te viv nan koloni Sendomeng, tankou Bichot, Sausse, Souverbie ak Dubuisson te san pitye pou nwa yo . Yo te konn bat esklav yo jiskaske yo mouri, boule yo ak lwil cho, epi fè yo manje manje ki melanje ak matyè fekal.

Zak sa yo te tèlman vyolan e imilyan, yo te kite mak sou konsyans nwa yo. E se rezon sa yo ki te koz Jean-Jacques Dessalines pa t vle wè kolon fransè yo. Nan akt lendepandans peyi a (1804), li temwaye rayisman li pou Lafrans «...haine éternelle à la France ».

25/05/2025

Nou voye anpil enèji pou tout manman ayisyen.
Manman se sous lavi.

22/05/2025

Ansèyman istwa nasyonal pa dwe limite ak repete dat ak non pèsonaj. Li ta dwe sèvi kòm zouti refleksyon pou jèn yo konprann sous evènman istorik yo, epi tire leson pou evite repete erè pase yo.

Se nan konprann rezon ki dèyè batay zansèt nou yo nou ka bati konsyans patriyotik ak angajman sitwayen.

Lè nou anseye istwa tankou yon lis evènman pou aprann pa kè, san okenn analiz, nou mete elèv yo nan pozisyon pou repete pawòl san sans. Nou etone tande elèv lise pandan selebrasyon fèt drapo a, 18 me, k ap chante iwonikman « ...se Dessalines ki egare li mouri pou drapo » san yo pa konprann se drapo a ki fè jodi a se pa nan yon plantasyon kolonyal yo twouve yo, y ap rele anba kout raso.

Elèv yo montre tou yo pa konprann sakrifis, vizyon ak konba Dessalines ak lòt ewo yo te mennen pou koupe fache ak dominasyon kolonyal la. Aksyon sa yo pa sèlman yon erè, men yon mank respè pou memwa zansèt yo, pou senbolis drapo a.

Donk, si nou vle devlope yon sosyete ki gen respè pou valè istorik li yo, nou dwe bay ansèyman istwa nasyonal la sans epi plis enpòtans. Nou dwe devlope bon jan metòd ki pèmèt elèv yo konekte ak pase yo, poze kesyon, konprann, analize, epi mete eksperyans zansèt yo an rapò ak reyalite jounen jodi a. Konsa istwa va sèvi kòm fondasyon pou bati yon lòt Ayiti, yon Ayiti k ap fleri linyon.

̀te

19/05/2025

Ble ak wouj: yon drapo ki di nou jete lesklavaj, nou anbrase libète ak fratènite.

Drapo Ayisyen an pran nesans nan yon kokennchenn kongrè politik ki te fèt nan vil Akayè 18 me 1803.

Se moman ansyen ak nouvo lib te mete tèt ansanm pou bay Dessalines dwa pou dirije batay pou libere Ayiti anba grif kolon esklavajis yo.

Zansèt yo te koube anba ideyoloji «Linyon se tout fòs yon pèp ki vle lib».

Catherine Flon te anchaje pou koud drapo a. Yon aksyon ki senbolize «koud tout sikatris lesklavaj te kite sou pou nou». E fil Catherine Flon te itilize pou kole 2 moso twal ble ak wouj yo se reprezantasyon yon pèp ki soude pou jere desten l, kise «viv lib pou letan ak letènite».

Ann kenbe drapo nou ak fyète, paske l se senbòl yon pèp ki pa restavèk, yon pèp ki koupe fache ak opresyon.

18/05/2025
14/05/2025
12/05/2025

Avòtman nan koloni Sendomeng

Atik 13 nan Kòd Nwa a te di klèman : si yon fanm nwa esklav fè yon pitit, timoun nan otomatikman fèt esklav, menm jan ak manman li.

Nan koloni Sendomeng, anpil fanm esklav te chwazi avòte pou yo pa t transmèt soufrans yo ak pitit yo. Yo pa t vle pitit yo viv vyolans kout raso yo yo te konn sibi nan plantasyon yo.

Nan sans sa, avòtman te tounen yon fòm rezistans pou anpil fanm esklav. Se te yon fason pou yo reprann kontwòl sou kò yo, sou lavi yo, e menm sou lavni pitit yo.

Men, dirijan nan koloni an te rezève gwo pinisyon pou yon fanm yo ta dekouvri k ap fè avòtman tankou : pann li piblikman pou entimide lòt fanm ki ta gen entansyon fè avòtman.

Ann renmen, kòmantè, pataje pou n ka deplwaye fèy papye listwa ansanm.

11/05/2025
06/05/2025

1803, fransè yo pèdi batay fizik la, men yo gen batay mantal la.

Aprè endepandans Ayiti (1804), esklavajis yo pa t ka dijere gwo defèt batay endepandans lan ki kite yon gou amè nan bouch yo. Yo te fè tout manèv pou retounen ak sistèm kolonyal la, mete anbago sou Ayiti, pa fè komès ak li, ransonnen l. Men Ayiti pa t pran presyon, dirijan yo te pran mezi solid pou defann endepandans peyi a. Pou sa yo te konstwi plizyè fò militè.

Malgre sa, esklavajis yo te chache lòt jan pou kontinye batay yo, CHACHE KONTWOLE LESPRI PÈP AYISYEN. Laënnec Hurbon (1987), nan tèks «Comprendre Haïti », fè konnen sou gouvènman Jean Pierre Boyer a (1818-1843), l'Abbé Grégoire ( prèt katolik, youn nan lidè revolisyon fransèz la, 1789) te pwopoze yon pwogram alfabetizasyon ki te gen pou objektif aprann pèp ayisyen an pale fransè, anseye yo ideyoloji revolisyon fransèz la ( yo konsidere kòm yon revolisyon inivèsalis) epi elimine lang kreyòl ki pou li se yon dyalèk, yon lang ki pa estriktire.

N ap souliye, kreyòl ak vodou se 2 pratik kiltirèl ki te sibi anpil diskriminasyon nan peyi a. Pou fransè yo ak yon ti minorite zuit nan biwokrasi peyi a, kreyòl pa lang men pito yon dyalèk. Nan sans sa, ayisyen dwe pale fransè si l vle antre nan wayòm moun SIVILIZE. Li dwe jete vodou pou l anbrase katolik konsa l ap parèt yon moun sosyab.

Diskou sa fè chemen l, e rive kreye yon sisyon nan sosyete a. Yon bò, nou jwenn moun lavil, ki katolik, ki konn li epi ki ka teke kèk mo fransè, angwo moun po nwa ak yon gwo mas blan nan vizaj yo. Yon lòt bò, nou jwenn, moun andeyò, bosal ki pratike vodou, ki pa konn li, ki pa pale fransè, angwo ki pa SIVILIZE.

Separasyon sosyal sa fè chemen l, epi donnen yon sosyete MIWO MIBA. Kote gen yon ti gwoup privilejye k ap jwi tout resous peyi a ak yon lòt gwoup majoritè Leta mete sou kote, ki pa gen aksè ak lekòl, lopital...k ap gwoupi nan lamizè.

Nou panse moman an rive pou n panse yon Leta ki anbrase ideyoloji zansèt nou yo te batay pou li a, ki se TOUT MOUN SE MOUN, tout moun gen menm dwa e dwe jwi dwa yo san pwoblèm.

PS: Gen lekòl ki te konn trete timoun ki pa pale fransè makak.

Di nou nan kòmantè yo, ki pinisyon lekòl ou te ye a te konn bay yon elèv ki pa pale fransè? Ann pale.

05/05/2025

Men sa kèk pwofesè istwa pa janm di nou sou peryòd kolonyal la. Pran telefòn ou, ouvri l nan paj Istwa Kolonyal. Ann li ansanm.

Périsse se yon kolon fransè ki te rete Gonayiv. Nwa yo te konn rele l « maître à jambes de bois ». Périsse te konn koupe janm nwa yo, pran plezi gade yo k ap soufri. Aprè mete 2 moso bwa nan plas janm viktim yo.

N ap souliye, kòd NWA 1685 lan, nan atik 38 te bay kolon yo dwa pou koupe janm esklav yo lè yo pa vle travay.

Plizyè syèk apre, non kriminèl sa ap site atravè yon zòn nan depatman Latibonit ki rele La Croix Périsse ki se premye seksyon kominal nan komin Lestè.

Abòne pou n ka deplwaye fèy papye listwa ansanm.

03/05/2025

Pran telefòn ou ouvri l nan paj Istwa Kolonyal. Nou pral pale w kiyès Desdunes te ye.

Vrè non l se te Rossignol Lachicotte Desdunes Louis. Kolon fransè, Desdunes te kapitèn milis nan Sendomeng. Kòd lonbrit li te koupe nan Ti rivyè Latibonit, 20 mas 1722( gen lòt achiv ki mansyone 30 janvye 1721). Papa Desdunes te rele Jean Baptiste Rossignol Lachicotte li te marye ak Marie Françoise Bellanger ki se manman Desdunes.

An 1743, Desdunes ale Gwo Mòn li marye ak Marie Louise Boisbelleau, ansanm yo te gen 3 pitit.

Fanmi Lachicotte se te granplantè nan Latibonit. Plantasyon yo te chaje ak esklav. Desdunes te san pitye pou nwa yo, depi yon nwa mal touse li lage l nan dife, oubyen koupe zorèy li. Se te kolon ki te konn bwase twalèt mete nan kalbas pou bay nwa yo manje.

Pi lwen, De Vastey (1814) di nou, Desdunes leve yon jou, san remò, li lage tou vivan 45 nwa nan yon gwo flanm dife, menm fanm ak timoun pa t epanye nan lanfè laraj kolon fransè sa.

Desdunes mouri nan lane 1790( gen lòt achiv ki endike 1792) nan Sendomeng. Aprè lanmò kolon kriminèl sa gen yon vil ak yon lokalite, nan depatman Latibonit ki pote non Desdunes ak Lachicotte.

Vil Desdunes twouve l nan awondisman Dessalines, se an 1983 li te monte nan klasman komin. Daprè chif dènye resansman yo komin nan gen anviwon 37 027 moun k ap viv ladan l.

Pou fini, n ap souliye, fanmi Desdunes, nan peyi Lafrans, te resevwa kòb dedomajman pa l, nan 150 milyon fran-lò wa Charles X te fòse Ayiti bay pou te rekonèt lendepandans peyi a.

Donk, aprè nou fin konnen tout mechanste ak krim Desdunes te fè sou zansèt nou yo nan Latibonit, èske nou ka kontinye aksepte yon vil nan peyi a pote non kolon sa ?

Èske li nòmal pou n onore yon kriminèl pandan nou bliye viktim yo ?

Ann pale! Kisa nou panse sou sa?

01/05/2025

Caradeux, Desdunes...kolon sa yo te san pitye pou zansèt nou yo nan koloni Sendomeng.

Lè nou reflechi sou kalte mechanste, soufrans ak krim kolon yo te fè zansèt nou yo sibi, èske nou pa dwe chita pale pou ta chanje non vil ak zòn sa yo ki toujou pote non esklavajis sa yo jodi a ?

Nou pa dwe onore opresè.

Di nou sa w panse nan espas kòmantè yo.

Adresse

Port-au-Prince

Site Web

Notifications

Soyez le premier à savoir et laissez-nous vous envoyer un courriel lorsque Koscom publie des nouvelles et des promotions. Votre adresse e-mail ne sera pas utilisée à d'autres fins, et vous pouvez vous désabonner à tout moment.

Contacter La Pratique

Envoyer un message à Koscom:

Partager

Share on Facebook Share on Twitter Share on LinkedIn
Share on Pinterest Share on Reddit Share via Email
Share on WhatsApp Share on Instagram Share on Telegram