13/11/2022                                                                            
                                    
                                                                            
                                            KI SA KI ULCERE DE LA JAMBE LA?
Mo ilsè a anpil moun nan peyi Ayiti konn tande li men anpil fwa yo pa vrèman konprann sa li vle di. men jodi a mwen vle explike nou sa ki ilsè a vreman.
Ilsè se lè ou gen yon kantite sibtans k’ap pèdi nan yon ògan ou nou ta di se yon ògan ki ap pèdi pati ki fome li. Tankou lè nou di ilsè estoma se le ou gen nan mikez ki se kouch ki tapise ou glasiye anndan estoma k’ap dechikte e li vin kreye yon blesi, se yon fason pou mwen di ou depi yon ògan gen pati k’ap pèdi ladann yo kapab rele l’ ilsè ògan ki frape a. Tankou nou ka pale de ilsè coneyen nan zye nou e ilsè janb lè nou gen pèt sibstans nan ògan sa yo.  
Janb menm selon kote ou sòti, tankou nan peyi mwen nan nò Ayiti, le moun nan di ou janb li vle pale de ògan jenital li. Janb nan anatomi moun li vle di pati nan kò ou ki chita ant cheviy ou e jenou ou tout moun rele li pye ke yo mache e poutan pye nan anatomi  vle di soti nan cheviy pase nan pla pye plis zotèy yo.
Ki donk ilsè janb la se le ou gen sibstans kap pèdi nan po pye a ki kronik san li pa gen tandans pou li  sikatrize. Li  vin bay yon blesi ke yo kon di maleng tou depan zòn ou ye yo konn di tou se yon pye java e moun yo konn menm ale pi lwen pou yo di se yon kout poudr yo pran depi plus ke setan ki pa janm trete paske poudr pa trete konsa.
Ki sa ki  lakòz e kouman ilsè a presante?
2 koz ki kapab bay ilse janb la se:
1. Koz vaskile ki plis responsab, met kesyon a 90 %
2. Koz enfeksyon, e lòt kòz tankou tromatis nan pye men ki pa fasil pou rive a 10%
Menm jan avèk anpil lòt ògan nan kò nou, janb nou yo dwe resevwa san e san dwe bay sibtans nesesè pou yo fonksyone e san dwe kite yo tou pou li retounen nan kè pou li ale trete nan poumon nou pi li k resèvi.  
E ben 3 veso sangen ki responsab sa: atè yo kap mennen san nan janb la , kapiye yo kap fè echanj la e ven yo kap retounen avèk san nan ke nou. 
E ben maladi ki devlope nan ven yo represante 70% kòz ilsè janb la e maladi ki devlope nan atè yo presante 10 a 15% e dèfwa yo tou 2 ansanb 15%. 
POU VÈN YO
Se san ki  fin rive nan pye ki pa kapab retounen byen. ki sa li bay kom konsekans
• Sikilasyon san vin ralanti
• Kapiye vin gonfle ak san, ki pral fè pye yo anfle sa yo rele edèm pye ou ben maladi gro pye.
• E globil blanch pral agrese veso yo, ki pral fè libere yon group sibtans tankou: sitokin, lekotriyèn, anzym kap degrade proteyin yo avèk apil radikal lib
• E ki pral bay soufrans nan tisi nan pye a
Prezantasyon plè a
 Li otou maleyòl yo, souvan piro maleyòl entèn 
 Li prop nan k yon varis = ven dilate
 Janb noun nan anfle ou gro pye e pye yo lou
 Li kapab gen ti doule ou pa genyen li
 Li pap fon li plis k elaji 
 Li souvan la lontan e se yon nan rezon ki fe moun nan ap diw koud poudr pa soti konsa sou moun.
POU ATÈ YO
Se yo ki nouri ògan nou yo, depi yo malad tankou enflamasyon yo - aterit, l’ap lakòz
• Pye pap byen resevwa ou pa resevwa oksijèn avèk eleman nitritif k bon pou li. 
• Puiske yo pa nouri, sibtans toksik pral plen yo, yo pral sofri e vin iskemye pa laswit mouri pou yo vin nekroze = pouri.
Prezantasyon plè a
• Li souvan devan e deyo pye a, li pap pran tan pou li gaye nan tout pye a
• Doulè a chita la,li menm anpeche malad la dòmi
• Po pye moun nan vin nwa e lè wap gade li wap wè kote li bone a e lap pran plis teritwa chak jou. 
• Li rive souvan kay dyabetik, ak moun ki gen tansyon ro yo e moun ki te sibi yon tromatis nan pye.
KI MOUNKI PLIS EXPOZE AK ILSE JANB LA?
 Se moun aje, souvan alite
 Se moun ki konn fimen
 Moun ki dyabetik, ki soufri tansyon ro
 Moun ansent, moun obèz
 Moun ki t resevwa yon tromatis
 Moun ki konn kape anpil
 Moun ki gen problèm kolesterol
 Moun ki gen TVP e mou ki gen istwa ilsè janb nan fanmi yo dwe veye li.  
Ki donk ou gen maleng nan pye epi pye ou anfle, sa pa vle di se manje yo ap manje ou. Gen trop koz ki ka fè ou malad nan pye, tankou nou pran ilsè nan janb avèk lòt tankou:
1. Maladi nan kè, maladi nan ren
2. Yon lenfom, yon kansè nan po
3. Malpeforan plantè, gangrèn etc
E fok mwen raple nou, ilsè  janb nan ka vin konplike pou li koze
1. Enfeksyon q ka mennen ou nan yon eta chòk ki kap koze lanmò si sa pran an chaj rapid.
2. Li ka vin bay kansè, emoraji, eczema
Ki donk, li ka menen ou nan retire janb = anpitasyon janb la. Pi bonè se granm maten le ou wè siy ak semptom sa yo se lopital pou ale avan tout sa ou panse.
 Dr Geffrard, zanmi wap swiv la!
 Envite zanmi ou suiv paj la, svp!