étudiante sage-femme Rachel Thessard

étudiante sage-femme Rachel Thessard Informations de contact, plan et itinéraire, formulaire de contact, heures d'ouverture, services, évaluations, photos, vidéos et annonces de étudiante sage-femme Rachel Thessard, Santé, carrefour-feuille, Port-au-Prince.

28/11/2023
27/11/2023

Sa nou dwe konnen

27/11/2023

NB: Metòd planin yo pa enpeche moun pran enfeksyon, yo pa provoke avòtman kay moun,sa vle di si yon moun gentan ansent l'al fè planin, planin nan pap fè ti moun nan tonbe,li proteje fanm yo pou yo pa ansent e gen lòt problèm ou ka genyen tankou moun ki gen yon s*k manstriyèl ki pa nòmal yo ,gen de metòd planin yo ka mete'l pou'l vin gen yon s*k ki nòmal.lè sa lap gen règ li nòmalman.yon sèl metòd planin ki enpeche w pa ansent e ki anpechew pouw pa pran enfeksyon( bactériennes et virales) se Kapòt yo , men kapòt ki ka anpeche yon moun pa pran enfeksyon viral tankou VIH sida, se Kapòt ki fèt ak latèks yo .

Sou zafè fè planin nap jwenn anpil moun kap pale di deseri de bagay ki pa verite sou li tankou :
mwen konn tande gen moun ki di si yon fi poko gen ti moun li pa ka fè planin .donk yon bagay ki pa gen plas li di tou depiw fòme men'm siw fè pitit deja men'm siw poko fè pitit ou ka fè planin.

Gen moun ki di lè yon moun fè planin li fè san yo rete anndan moun nan.yon lòt pawol ankò ki pa verite paske lè moun nan fè planin nan li vin fè chak mwa li pa wè règ li ankò se youn nan efè segondè planin nan li ye, règ lan fi an pa wè an pa vle di se kache san yo al kache anndan'l. Konsa tou gen fan'm ki fè planin sa depan'n de metòd planin nan ki wè règ yo chak mwa.

Gen moun ki di planin bay moun kis nan ovè yo :donk map di nou ke gen moun ki konn gen kis nan ovè yo ,epi yo mete yo sou yon metòd planin pou ede yo ak sa.
Gen anpil lòt tabou ankò ki genyen sou koze planin kote mwen pap ka jwenn tan pou'm ap site tout pou nou.

Mèsi pou atansyon nou🥰🙏.

27/11/2023

Nap jwenn kontraseptif ijans yo : gen plizyè men map pale nou de sa ki fèt ak òmon yo , yo men'm yo pa fè pati de metòd planin yo , men yo la pou evite ke yon fi ki ta pral ansent vin ansent, aprè li fi'n fè bagay san'l pat proteje tèt li.
yo rele yo tou (pillules du lendemains).
Ladan yo nap jwenn:

Levonòjestrèl li men'm fanm nan ka pran'l jiskaske 3 jou rive aprè li te fin fè bagay san'l pat proteje tèt li oubyen li te proteje tèt li men li pat byen proteje'l.si 3 jou an pase, pa pranl ankò paske li pap efikas.

Ilipristal asetat: li men'm fi an ka pran'l jiskaske 5 jou rive aprè li te fin fè bagay san'l pat proteje tèt li, depase 5 jou pa pranl ankò paske wap ansent.donk plis ke nou pran konprime yo pi bonè se plis lap pi efikas pou nou .donk nou paka ap pran konprime sa yo chak lè nou fin fè bagay pou evite nou vin ansent paske li pap bon pou nou, nou ka gen ijans lan yon fwa, men nou paka ap abize nou ap pranl toutan. si nou ta wè nou toujou gen ijans jis fè yon metòd planin pou nou pa ansent.

Nan metòd definitif yo se metòd sterilizasyon yo  ye : vazektomi an li men'm se pou gason li ye , yo al nan 2 kano defer...
27/11/2023

Nan metòd definitif yo se metòd sterilizasyon yo ye :
vazektomi an li men'm se pou gason li ye , yo al nan 2 kano deferan gason an epi yo koupe yo. Sa vin fè ke menm si gason an ta al fè bagay ak yon fi lap ejakile se vre nan vajen fi an men spèm nan pap gen ladan'l spèmatozoyid yo, donk fi an pap ka janm ansent.
Pou vazektomi an, fòk gason an tan'n 3 oubyen 4 mwa avan'l al fè bagay ak yon fi oubyen li tan'n pou piti 20 ejakilasyon.

Ligati seksyon bilateral 2 tronp yo: li men'm se pou fan'm li ye ,yo al nan tronp fi an, epi yo koupe chak tronp yo. sa vin fè men'm si fanm nan ta ovile se vre e men'm s'il ta al fè bagay epi gason an ta ejakile nan vajen li, pap gen fekondasyon ki fèt paske spèmatozoyid lan pap jwenn wout pou'l al rankontre ak ovil lan nan tyè ekstèn tronp lan pou sa ta fèt.

Donk depiw fin pran desizyon ou pou'w fè metòd planin sa yo ou pap ka retounen sou
Desizyon ou ankò .

Metòd natirèl yo:Gen plisyè men map pale de kèk grenn.Retrè an se lè ke gason an ap fè bagay ak fi an lè'l rive nan lè  ...
27/11/2023

Metòd natirèl yo:
Gen plisyè men map pale de kèk grenn.
Retrè an se lè ke gason an ap fè bagay ak fi an lè'l rive nan lè pou li ejakile epi li retire peni li .

MAMA: li menm se metòd alètman matènèl e amenore, se lè fi an fin fè ti moun nan epi li fè alètman pou li, donk gen yon ritm pou sa, fòk fi an ta kenbe men'm kankite fwa li konn bay ti moun nan tete an,pou metòd lan ka efikas.

Donk lè ti bb an ap tete gen deseri òmon ki la ki responsab ovilasyon kay fi an, òmon sa yo vin pa la ankò, sa vle di pap gen ovilasyon donk san ovilasyon paka gen gwosès.

Kalandriye: donk se nan metòd sa fòk fi an konnen ki s*k li genyen epi li ap veye kilè dat ovilasyon an ap ye , pou'l ka pa fè bagay nan jou ke l'ap ovile an , Li ka kanpe 3 jou avan jou ovilasyon an epi 2 jou aprè jou ovilasyon an ap fèt lan,sa vin fè 5 jou.poukisa tout jou sa yo ? Se paske ovil lan ka dire 2 jou nan tyè ekstèn tronp fi an epi spèmatozoyid lan ka dire 3 jou. Metòd sa se pou fi ki gen s*k ki regilye yo, si yon fi s*k li pa regilye li pap ka fè metòd sa paske li pap efikas lap ansent sou li.

Adresse

Carrefour-feuille
Port-au-Prince

Site Web

Notifications

Soyez le premier à savoir et laissez-nous vous envoyer un courriel lorsque étudiante sage-femme Rachel Thessard publie des nouvelles et des promotions. Votre adresse e-mail ne sera pas utilisée à d'autres fins, et vous pouvez vous désabonner à tout moment.

Contacter La Pratique

Envoyer un message à étudiante sage-femme Rachel Thessard:

Partager

Share on Facebook Share on Twitter Share on LinkedIn
Share on Pinterest Share on Reddit Share via Email
Share on WhatsApp Share on Instagram Share on Telegram

Type