Cadet Winise santé

Cadet Winise santé santew dwe priyoritew! Medical student�

Formation sur violence basée sur le genre (VBG) avec   fondation. Merci Entr'Elles Haiti .  ✌
14/06/2023

Formation sur violence basée sur le genre (VBG) avec fondation. Merci Entr'Elles Haiti .

Yon moun ki fè maladi pakenson,me kisa lap prezante kòm siy👇
05/01/2023

Yon moun ki fè maladi pakenson,me kisa lap prezante kòm siy👇

15/10/2022

Tout saw dwe konnen sou arè kadyak,ki fenk sot tiye Mika yon lejand nan mizik nou an,nouvèl la chokem anpil
pataje tèks sa paske anpil fwa lè moun tonbe sibitman an arè kadyak an Ayiti se dlo yo vide sou tèt li oubyen yo konn kite moun yo atè an paske nou panse sin al manyen yo yap paralize kote nou manyen an ap pòk, jiskaske yo mouri, e sesi sèvo an paka fè 5 minit san li pa jwenn oksijèn sino lap mouri...depi yon moun tonbe an arè kadyak se fè masaj kadyak rapid vit

Jodya pandan Lafrans a Ayiti te fikse sou bèl pèfòmans Carimi tap bay ,Mikaben fin chante li tonbe sibitman sou sèn nan de yon "arrêt cardio respiratoire "ke yo pa rive reyanimel sa kite tout moun sou chòk

Nan sans sa m pral pale nou de arrêt cardio respiratoire ki se lè souf moun nan koupe a kè an sispann bat e san pa s*kile,kèk minit sifi pou fè gwo domaj nan sèvo moun nan e si kè an pa bat pandan 5 minit sèvo an ap mouri epi moun nan file , dayè arè kadyak se youn nan prensipal koz ki fè moun mouri sibitman

Nou dwe konnen se pa paske yon moun tonbe sibitman ki vle dil mouri

Ann wè kèk koz ki ka bloke kè moun :
1-si moun nan ap toufe tankou sil nwaye oubyen si yon bagay antre nan bouch li fè yon fo wout olyel al nan vwa ki mennenl a estoma se nan vwa ki mennen a poumon li desann ,nou jwenn sa anpil lakay timoun ki konn met tout sa yo jwenn nan bouch yo se sak fè paran dwe voye je sou timoun yo

-nou jwenn li tou lakay moun ki gen twoub nan yon eleman yo rele potassium

-gen moun kè yo konn bloke akoz de tanperati ki twò wo oubyen twò ba

-lè moun nan ap pèdi twòp san,tankou nan yon aksidan oubyen pran bal

-moun ki entoks*ke a "Monoxyde de carbone" anpil fwa se moun kap sèvi a aparèy a motè nan espas fèmen, tankou jan moun yo konn kite dèlko ap fonksyone nan yon ti espas fèmen,sa konn bloke kè yo

-nou jwenn sa moun ki entoks*ke a medikaman , sa konn bloke kè yo

-lè moun malad nan kè li ka koze kè an bloke

Moun ki gen arè kadyak la son moun ki te ka ap regle tout afèl nòmal la epi boom li pèdi konesans , sin ta wè yon moun sibitman pèdi konesans devan nou, kit se aprè youn nan koz m bay yo oubyen sibitman, nou dwe aji rapid

gen 3 etap enpòtan:
-pwoteje
-alète
-sekouri

Etap yo se tap tap rap ann ale:
-Premye saw fè se pwoteje tèt ou oubyen moun nan fòw gade si kote an pwoteje, paske siw wè yon moun pran bal li tonbe ,li pa bat, ou paka pot tèt ou ale sanw pa metrize sitiyasyon an ,bal ap tire a goch a dwat, de menm pou tout lòt kad figi

-lèw fin asire pwoteksyon rele anbilans nan an Ayiti nimewo anbilans se 1-1-6 men siw gon moun avèw bal rele l pou ka fè pi rapid

-rapid vit kouri gade si l ap respire a si kèl ap bat oubyen gad sil gen pou, pran endèks a lemajèw al nan pwanyèl pezel pou wè si w santi veso an ap bat anba dwèt ou,chak segond kap pase chans poul mouri an ap ogmante kèk minit sifi pou gwo domaj fèt nan sèvo e sèvo an paka viv plis ke 5 minit san oksijèn
Tout etap sa yo dwe fèt nan kèk segond

-siw remake kèl pa bat, li pap respire, degaje vwa respiratwa yo( vwal ap respire ) si l gen rad ki serel se retire yo rapid degaje tout vwa yo

-kounya w pral fè masaj kadyak, met 2 menw youn sou lòt , 2 ponyèt ou dwe ret dwat nan pozisyon mitan pwatrin lan sou yon zo ki rele "sternum" fè 30 ponp byen fò ou met kase kòt moun nan , epi soufle nan bouch li 2 fwa, chak 30 ponp soufle nan bouch li 2 fwa

Pa kanpe jiskaske anbilans rive ,paske se yo kap fè rès travay la

Si moun nan se nwaye l nwaye soufle nan bouch li avanw fè ponp yo , epi dezantan tcheke si gen pou

sa pase nan yon gwo peyi tankou Lafrans, Lafrans ki gen defibrilatè tout nan lari ,nan tout gwo konpayi a magazen ki pèmèt kè an redemare rapid ,ou ka al mande yo dirèkteman men Ayiti m pa kwè nou ko rive la , lesansyèl se tann anbilans rive lap fè rès travay la, oubyen kouri al lopital a moun nan pandanw ap fè menm ekszèsis sa san kanpe paske sèvo an paka fè twòp tan san oksijèn

Gon diferans ant arè kadyak a kriz kadyak
Arè kadyak kè an bloke li pa bat, kriz kadyak se veso kap bay kè an san ki bouche kè an vin antre an soufrans moun sa yo gon gwo doulè nan pwatrin yo tankou son bagay kap sere yo , yon kriz kadyak ka mennen a yon arè kadyak

RIP Mika ,mesi pou pasaj ou nan mizik ayisyèn nan e anfans mwen ou te fè
Like & pataje pou plis moun jwenn konesans
Idantifye yon moun li avèw
Norbrun Kerry Care-ry

03/10/2022

PATAJE ! PATAJE ! PATAJE !

KÒMAN W KAPAB PREPARE SEWÒM ORAL LAKAY OU SI W GEN MOUN K AP DYARE, K AP VOMI ???

SA W AP BEZWEN ?

✅W ap bezwen yon po ki pwòp oubyen yon bòl.
✅3 ti boutèy kola oubyen 2 boutèy gran manjè (kola kouwòn)
✅yon kiyè
✅Sik
✅Sèl
✅Dlo trete

KÒMAN POU PREPARE L ?

1️⃣ W ap lave men w , w ap plen ak dlo 2 boutèy kola gran manjè yo oubyen 3 boutèy kola yo.
2️⃣W ap vide yo nan po a, aprè w ap ajoute 8 kiyè s*k ak yon demi kiyè sèl
3️⃣Melanje yo ansanm epi sewòm ou prè.

SI W GENYEN SACHÈ SEWÒM NAN LA, KIJAN POU W PREPARE L ?

✅W ap bezwen yon lit dlo ( valè 2 boutèy gran manjè) wap vide yo nan po a epi wap ouvè sachè sewòm lan ou vide l ladan l epi bwase l. Epi sewòm ou prè.

Depi ou remake ou gen moun pwòch ou kap dyare ak vomi se ba li sewòm oral pou ranplase dlo lap pèdi yo epi prese mennenl nan sant sante ki pi prè w la.
Pataje mesaj sa, ou pa janm konnen, li ka sove lavi yon pwòch .

Klike sou lyen sa pou ka abòne ak paj la 👇👇

https://www.facebook.com/winiseCadet

santew dwe priyoritew!
Medical student�

Merci 🤗🤗🥰🥰🥰🥰👩‍⚕️👨‍⚕️
24/06/2022

Merci 🤗🤗🥰🥰🥰🥰👩‍⚕️👨‍⚕️

Anpil fwa ou rankontre kek moun lè ou mande yo ki gwoup sangen yo,yo gen difikilte pou yo reponn paske yo pa konnen.Meza...
23/06/2022

Anpil fwa ou rankontre kek moun lè ou mande yo ki gwoup sangen yo,yo gen difikilte pou yo reponn paske yo pa konnen.
Mezanmi , Ou dwe Konnen ki group sangen ou genyen e ki moun ou ka bay san, nan men ki gwoup ou ka resevwa san.imaj sa trè eksplisit gadel pou ka sove lavi yon lòt.
Siw pa konnen gwoup sangen ou pase nan yon sant fè yo fèl pou ou.🩸🩸💉💉💉

Reposted: Mwen resevwa yon PASYAN kap bay san nan Bouboun li , li genyen 85 ane, pasyan an di li vin konsilte paske l pa...
13/05/2022

Reposted:

Mwen resevwa yon PASYAN kap bay san nan Bouboun li , li genyen 85 ane, pasyan an di li vin konsilte paske l panse li genyen yon Kansè Jinekolojik.
Apee yon premye evalyasyon vajinal ak yon Spéculum, mwen remake li genyen yon bout bagay NWA anndan bouboun li .
Apre yon tan ap evalye bagay NWA a , mwen reyalize se yon BÈT ki fèmen kòl anndan bouboun pasyan an .
Apre mwen fin retire BÈT la, mwen reyalize se yon VÈ ki viv nan dlo ke yo rele SANSI, pasyan an kontinye ap bay SAN paske VÈ sa a genyen yon sibstans antikowagilan ke li lage anndan pasyan an ki rele “Hirudine”

Atansyon : Fòk nou pran bon jan enfòmasyon sou yon rivyè oubyen yon dlo kap kouri avan nou benyen ladan l, paske sil genyen SANSI , yo kapab rantre nan nenpòt espas nan kòw tankou (Nen w, Oubyen Vajen w) pou baw pwoblèm apre.
E mwen konseye nou PWOTEJE TIMOUN YO .

Pataje l🙏🏾💙

—Kredi Tèks Ak Foto : Dr Dolo Lajoie—

Bòn fèt ak chak grenn infimyè ki sou paj la🌺🌺🌺🌹🌹🌹🌹🌹🌹Nap fè yon travay ki pa gen pri, respè🥼🥼♥️♥️♥️♥️🌹🌹  🥼🥼🥼🥼
12/05/2022

Bòn fèt ak chak grenn infimyè ki sou paj la🌺🌺🌺🌹🌹🌹🌹🌹🌹
Nap fè yon travay ki pa gen pri, respè🥼🥼♥️♥️♥️♥️🌹🌹
🥼🥼🥼🥼

15/04/2022
Sa konn rive ou santi tout siy ki diw ou ansent epi lè wal wè doktè li diw ou pa ansent  e me vant ou ap moute,ou konn s...
06/02/2022

Sa konn rive ou santi tout siy ki diw ou ansent epi lè wal wè doktè li diw ou pa ansent e me vant ou ap moute,ou konn sou anpil dout . ebyen pran ti tan pou li tèks sa wap kapab konprann pi byen sa ke yo rele gwosès nèvez la.

KISA GWOSÈS NÈVEZ LA YE ?🤰🤰

Nou pale de gwosès nèvez ki gen lòt non ki se fo gwosès oubyen grosès vityèl ou sedosyezis( pseudocyecis) pseudes(faux) kuésis( conception),
se lè yon fi mete nan tèt li ke li ansent men an reyalite li pa ansent vre🤷🏻‍♂️

🟢 KISA KI LAKÒZ GWOSÈS NÈVEZ LA ?

Genyen plizyè bagay ki ka lakòz sa, tankou :

➖ Yon twomatis s*kolojik, tankou si fi a te sibi yon avòtman, oubyen l te fè yon grosès deyò matris li ;

➖Estrès kapab youn nan bagay ki kòz yon fi fè gwosès nèvez ;
➖Yon derègleman nan òmòn seksyèl yo ;
➖Yon mas/kis nan ovè ;
➖ Sa ka rive tou lakay yon fi ki gen problèm pèsonèl grav tankou depresyon.

Men pi souvan gwosès nèvez la manifeste lakay yon fi ki komanse antre nan laj e ki anvi gen timoun, oubyen lakay yon jèn fi ki t al fè sèks san proteksyon ki pè pou li pa tonbe ansent li vin mete nan tèt li ke li ansent, donk kò moun lan vin dakò sa e lap vin resanti tout siy yon vrè gwosès.

🟢 KI SIY AK SENTÒM GWOSÈS NÈVEZ ?

Fi sa li menm ap resanti tout sentòm yon bon gwosès tankou :

➖Pa wè règ ;
➖Anvi vomi ;
➖Vant ap moute ;
➖Tete fè mal ;
➖Li ka remake l ap pran pwa ;
➖Fatig ;
➖Gen fi ki konn menm santi timoun lan ap bouje nan vant li🤱🏽🤱🏽

🟢 KI TRÈTMAN KI GENYEN POU MOUN SA ?

Lè yon fi prezante yon gwosès nèvez, premyèman l ap bezwen wè yon medsen ki pou pale avè l aprè tout egzamen ki pwouve ke li pa ansent. Si nesesè, refere l bay yon s*kològ pou swivi jiskaske fi sa vin wè ak aksepte ke li pa ansent.

Depi fi a fin aksepte ke li pa ansent vre, tout sentòm li te santi ki te fè l kwè li ansent yo ap ale natirèlman youn aprè lòt😊😊

🤰Yon gwosès nèvez se pa yon bagay nou dwe inyore ni pran a la lejè paske sa ka koze gwo pwoblèm s*kolojik.

----------Sèl fason ou ka ankouraje paj la, se lè w pataje tèks sa ak yon zanmi w epi 👍ak abòne si w poko fè sa------------

Klike sou lyen sa pouw ka toujou rete konekte ak paj la👇👇👇👇👇👇

https://www.facebook.com/winiseCadet/

04/01/2022

kounya se Flurona kap sekwe mond lan, li son konbinezon 2 viris ,youn se kowonaviris a yon lòt viris ki son viris grip ki se influenza , Ayiti resanse yon ka konsa 29 desanb ki sot pase la, pataje post lan pou plis moun ka gen ide de flurona

ti fyèv a ti grip ap frape fò deyò an, anpil deba ap fèt gen moun kap di se yon varyan ( ki son lòt fòm viris la pran)kowonaviris ki rele O micron kap frape gen lòt ki di pa gen ase prèv ,ò selon etid o micron bay anpil fo negatif , sa vle di moun nan ka enfekte la lèl fè tès kowona li negatif poutanl fè kowona

kisa flurona ye ?
flurona son enfeksyon kote moun nan enfekte pa 2 viris , youn se kowonaviris, lòt la se yon viris grip ki se Influenza nan ka Ayiti an se yon influenza B yo te detekte kidonk flu pou influenza ,Rona pou kowona

premye ka ofisyèl la yo te detektel fen desanb ki sot pase la an Izrayèl kay yon fanm ansent ,men anpil done te spesifye ke ka sa tap frape depi trè lontan

OMS ki se òganizasyon mondyal lasante te gentan avèti depi septanb ke sa ka rive nou enfekte pa 2 viris ki atake vwa poun respire an an menm tan, OMS pè pou pandemi an pa transfòme an twindemic ,twin son mo anglè ki vle di marasa , kidonk OMS pè pou se 2 viris sa yo pa pwopaje an menm tan e koze pwoblèm

yo pako gen prèv kel pi grav ke senp kowona , men lasyans ap swiv li de prè , menw pa janm konnen sil paka vin koze anpil pwoblèm lè kòmanse gen plis done

nan ka Izrayèl la, dam nan tal lakay li san pwoblèm

sa poun konnen menm si se 2 viris tou 2 se menm tip maladi an ,ki atake vwa poun respire , yo manifeste menm jan tankou son grip, moun nan ka :
- gen fyèv
-tèt fè mal
-tous
-kò kraze
-nen bouch
-paka pran gou a
sant

mezi pou prevansyon yo se toujou menm bagay yo

like & pataje pou plis moun jwenn konesans
idantifye yon moun li avèw

Norbrun Kerry Care-ry

KI  ENPÒTANS BWÈ DLO GENYEN POU KÒ NOU❓❓❓❓❓❓❓🟢Dlo okipe anviwon 60 % nan kò moun, sa fè li gen anpil enpòtans pou òganis...
23/11/2021

KI ENPÒTANS BWÈ DLO GENYEN POU KÒ NOU❓❓❓❓❓❓❓

🟢Dlo okipe anviwon 60 % nan kò moun, sa fè li gen anpil enpòtans pou òganis la byen fonksyone. Li rekòmande pou w bwè ant 1 ak 2 lit dlo chak jou pou w an sante epi pou w gen enèji pou rezèv. Konsomasyon an depann de sezon yo tou.

❇️Yon moun pa ka espere viv apati de 3 jou san bwè dlo. Sa fè li pi enpòtan pase manje. Nou pral wè ansanm 10 enpòtans li genyen pou kò nou :

1- IDRATE ÒGANIS LA💧💧💧

Premye efè benefik dlo sou kò a se pouvwa idratasyon li. Kòm kò a konpoze de 60 % dlo, li nesesè pou rete idrate pandan tout jounen an pou tout ògàn yo jwenn likid epi konsa pèmèt kò a fonksyone yon fason optimal.

2- LI BAY BON APARANS😊😊

Menm pi bon krèm nan pa gen anpil benefis pou po nou ke dlo. Bwè ant 2 ak 2.5 lit pa jou ta pèmèt ou gen yon po fre epi ki klere. Yon bon nwit dòmi tou esansyèl.

3- LI ELIMINE TOKSIN YO😮‍💨😮‍💨

Bwè dlo pèmèt sòti toksin yo, akselere renouvèlman selilè, ranfòse s*kilasyon san ak echanj nan kò a.

4- LI ANPECHE MALADI NAN JWENTI ZO YO☠️☠️

Bwè ase dlo ede jwenti yo byen woule san dezòd epi konsa evite doulè.

5- LI EDE METRIZE GWOSÈ🚶🏻‍♀️🏃🏻‍♀️🚶🏻‍♂️

San li pa rann moun vin mens, dlo kontribye nan fè pèdi pwa paske li ankouraje sansasyon vant plen ak eliminasyon grès. Bwè yon vè dlo anvan chak repa ap ede ou enjere mwens kalori.

6- LI CHASE ESTRÈS🙃🙃

Li souvan rekòmande pou bwè yon vè dlo nan ka ta gen estrès nan yon okazyon espesyal. Idratasyon se yon bon bagay pou kò a se poutèt sa pou ranfòse efè anti-estrès li yo, chwazi dlo ki gen anpil mayezyòm.

7- LI PÈMÈT OU GOUMEN KONT KONSTIPASYON

Rete idrate ede rezoud pwoblèm konstipasyon.

8- LI ANPECHE MOVÈZ ODÈ NAN BOUCH😷😷

Lè w gen yon bouch sèk sa kontribye nan bay move souf. Se poutèt sa tou lè ou reveye, odè bouch ou souvan mwens fre: manbràn mikez yo, ki pa te idrate depi jou anvan an, yo sèk.

9- LI ANPECHE TÈT FÈ MAL🤕🤕

Tèt fè mal yo konn rive pafwa akoz dezidratasyon, se poutèt sa nan sezon ete, lè tan an cho kò a bezwen anpil dlo.

10-LI FASILITE DIJESYON 🍎🍔

Bwè yon vè dlo 30 minit anvan ou manje prepare vant lan pou l pi byen asimile manje a, kidonk ede w fè yon bon dijesyon. Anplis de sa, li gen yon efè siyifikatif nan diminye apeti.

❇️Siw renmen tèks la, patajel epi kòmante pou pèmèt plis moun jwenn enfòmasyon sou sante yo👍👍

--------Winise CADET & Ysmael BELL--------

Adresse

Port-au-Prince

Heures d'ouverture

09:00 - 20:00

Téléphone

+50933334482

Site Web

Notifications

Soyez le premier à savoir et laissez-nous vous envoyer un courriel lorsque Cadet Winise santé publie des nouvelles et des promotions. Votre adresse e-mail ne sera pas utilisée à d'autres fins, et vous pouvez vous désabonner à tout moment.

Contacter La Pratique

Envoyer un message à Cadet Winise santé:

Partager

Share on Facebook Share on Twitter Share on LinkedIn
Share on Pinterest Share on Reddit Share via Email
Share on WhatsApp Share on Instagram Share on Telegram

Type