Clinique Horeb

Clinique Horeb CLINIQUE HOREB
BON AKÈY ❤️
PÈSONÈL KALIFYE💚
BON JAN SWEN 🥰
PRI PIYAY💫
FAMASI💊
LABORATWA🔬
DANTIS🦷

Fanm, Nwèl la pa konplè san pap-test ou! 🎁*  Pap-test la ka sove vi w:  Li detekte enfeksyon, blesi, oswa kansè nan matr...
04/12/2025

Fanm, Nwèl la pa konplè san pap-test ou! 🎁*
Pap-test la ka sove vi w:
Li detekte enfeksyon, blesi, oswa kansè nan matris anvan li grav

Nou ofri w yon kado espesyal Nwèl sa a:
✔ Konsiltasyon
✔ Pap-test
✔ Medikaman (Amox)
Pou sèlman 2000 Goud!

Pa neglije sa ki pi enpòtan: *santé w & plezi w*.
📍 Taba 32 #10
🗓 Samdi 6 Desanm | 🕗 8h AM - 1h PM
📞 4816-5607 / 3459-8989

Fanm, men kado nou pou ou pou Nwèl! 🎁🎄Pa kite enfeksyon gate plezi w!  🍑🍆Avant ou mete w bèl, pran swen tèt ou.  Enfeksy...
04/12/2025

Fanm, men kado nou pou ou pou Nwèl! 🎁🎄
Pa kite enfeksyon gate plezi w! 🍑🍆
Avant ou mete w bèl, pran swen tèt ou.
Enfeksyon vaginal ka retire plezi, bay doulè ak demanjezon 😣.

Konsiltasyon + Tès + Medikaman (Amox)
Tout sa pou sèlman 1500 Goud* —
yon kado espesyal pou ou pase Nwèl san pwoblèm!*

📍 Taba 32 #10
🗓 Samdi 6 Desanm | 🕗 8h AM - 1h PM
📞 4816-5607 / 3459-8989

Si ou te rate opòtinite mwa Novanm lan, pa kite chans sa pase ankò! 🩷 Klinik ABA KANSÈ TÈTE ap tounen DIMANCH 14 DESANM ...
04/12/2025

Si ou te rate opòtinite mwa Novanm lan, pa kite chans sa pase ankò! 🩷 Klinik ABA KANSÈ TÈTE ap tounen DIMANCH 14 DESANM pou yon dènye fwa. VINN FÈ SONOGRAFI TÈTE. Pa kite dout ak kè sote antre nan ane 2026 a avè w. Vini jwenn nou pou w pase finisman ane a ak tèt poze!

Santana Lorial Nurse Clara Guillaume Sandresse Sn

03/12/2025

Sante San Tabou tounen✅

Gade video a epi pa bliye enskri pou fè paptès Samdi kap vini la

02/12/2025

Doc Horeb tounen apre 2 mw absans💃🏿 Jodia ann pale de Pap Test
fans

1e Desanm – Kisa li ye?1e Desanm se Jounen Mondyal SIDA (World AIDS Day), yo make l chak ane depi 1988. Se yon jounen es...
02/12/2025

1e Desanm – Kisa li ye?

1e Desanm se Jounen Mondyal SIDA (World AIDS Day), yo make l chak ane depi 1988. Se yon jounen espesyal kote lemonn antye mete aksan sou:

Sansibilizasyon sou VIH/SIDA,

Sipò pou moun k ap viv ak viris la,

Sonje moun ki mouri ak SIDA,

Refleksyon sou batay kont stigmatizasyon.

OMS (World Health Organization) ak lòt òganizasyon sante mete l sou kalandriye pou rasanble tout peyi yo pou fè prevansyon epi amelyore tretman.

Poukisa yo chwazi 1e Desanm?

Yo chwazi 1e Desanm paske li toupre fen ane a, ki se yon peryòd refleksyon ak lespwa. Li bay opòtinite pou:
Fè bilan sou sa ki fèt nan batay la,

Mete nouvo objektif pou ane kap vini.

Kisa riban wouj la (logo) vle di?

Riban wouj la 🎗 se senbòl mondyal solidarite ak moun k ap viv ak VIH/SIDA.
Li vle di:

Sipò,
Memwa pou sa yo ki mouri,
Lespwa pou sove plis lavi.

Li enpòtan paske li ede kraze tabou epi raple nou ke VIH se pa yon santans lanmò, men yon kondisyon ki ka jere si nou aji bonè.

Kisa pou fè si ou sispèk ou oswa yon lòt moun gen VIH/SIDA?

✅ Fè tès VIH pi vit ke posib. Plis ou konnen bonè, plis ou ka evite pase li bay lòt moun epi jwenn tretman.
✅ Pa panike. VIH pa vle di w ap mouri. Gen tretman gratis ki ka ede w viv lontan.
✅ Rele oswa vizite yon klinik, tankou Clinique Horeb, pou:

Fè tès san,
Resevwa konsèy,
Jwenn medikaman (antirétroviraux).

✅ Sipòte lòt moun ki fè tès oswa ki viv ak viris la. Pa jije, pa mete moun sou kote — lanmou, konpreyansyon ak solidarite sove lavi.

Ann pale klè sou slogan Jounen Mondyal SIDA 2025 la, epi poukisa li enpòtan:

📢 Slogan 2025 la:
Malgre boulvès yo, nou ap mennen yon nouvo batay kont SIDA."
(An anglè: Overcoming disruption, transforming the AIDS response.)

Poukisa yo chwazi slogan sa a?

Slogan sa mete aksan sou:

Tout kriz ak boulvès mond lan ap pase (tankou COVID-19, kriz ekonomik, ensekirite, elatriye),

Ki fè anpil moun pa ka jwenn tès, tretman ni swen VIH tankou avan.

Malgre sa, li raple nou:
➡ Nou pa dwe lage baton an.
➡ Nou dwe chanje fason nou reponn ak SIDA, pou l vin pi fleksib, pi solid, pi enklizif.

Poukisa li enpòtan?

Li raple lemonn ke batay kont SIDA poko fini.

Li mete presyon sou gouvènman ak òganizasyon pou renouvle angajman yo.

Li ankouraje prevansyon, tès ak tretman malgre difikilte yo.

Li bay lespwa ak mobilizasyon, sitou pou jèn ak kominote ki vilnerab yo.

Poukisa yo toujou mete yon nouvo slogan chak ane?

1. Pou mete aksan sou pwoblèm aktyèl yo — Chak ane gen reyalite diferan (pandemi, chanjman politik, aksè a tretman...).

2. Pou motive aksyon — Chak slogan sèvi kòm rale pou mobilizasyon ak solidarite.

3. Pou konsantre mesaj mondyal la — Li pèmèt tout peyi mete tèt ansanm sou menm objektif ak yon mesaj inifye.

Vini an foul nap tann 25 Gason demen
29/11/2025

Vini an foul nap tann 25 Gason demen

29/11/2025

Gason...nap tann ou

Mesdame, Mesye… pran chèz nou!Depi jodia, gen yon nouvo vwa ki pral sispèk lavi nou chak semèn…Mwen prezante nou 👉 TI SI...
27/11/2025

Mesdame, Mesye… pran chèz nou!
Depi jodia, gen yon nouvo vwa ki pral sispèk lavi nou chak semèn…
Mwen prezante nou 👉 TI SISPEK! 👀🤣”

Ti Sispek se ti zanmi ki pa rate okenn detay, li wè tout bagay, li tande tout bagay,
epi li gen misyon fè nou RI ak VERITE yo!

🎬 3 epizòd pa semèn
😂 Zen komik
👀 Observasyon lavi nou
🔥 Bagay ki frape dwat nan lespri a!

Ret tann premye epizòd la… paske Ti Sispek pa vin jwe! 👀🤣

Dimanch pas nan Klinik Aba Kanse Tete 💖✨, nou te rankontre fanm ekstraòdinè ki te deside pran swen tèt yo! Chak konsilta...
05/11/2025

Dimanch pas nan Klinik Aba Kanse Tete 💖✨, nou te rankontre fanm ekstraòdinè ki te deside pran swen tèt yo! Chak konsiltasyon, chak souri, chak moman te chaje ak lanmou, konsèy ak swen 🩺💐. Nou kontan anpil dèske nou te ka ede epi sansibilize sou enpòtans tcheke tèt ou alè 💪💖. Pa bliye, prevansyon se pouvwa w!

📢 Chè pasyan,Akoz pasaj tanpèt Mélissa, epi jan sa deklare ofisyèlman, *Klinik Horeb pap ouvri MÈKREDI 29 OKTÒB  pou sek...
28/10/2025

📢 Chè pasyan,

Akoz pasaj tanpèt Mélissa, epi jan sa deklare ofisyèlman, *Klinik Horeb pap ouvri MÈKREDI 29 OKTÒB pou sekirite pasyan ak anplwaye

*Sepandan, nap rete ouvè pou KA IJANS* tankou:
🔸 Akouchman
🔸 Blese grav
🔸 Ka ki paka tann tankou Moun ki pa ka respire, Timoun ki gen lafyev wo etc

*Si tout bagay ret estab*, nap reprann sèvis nòmal JEUDI 30 OKTÒB

Nap mande nou rete vijilan, suiv direktiv otorite yo, epi pran swen tèt nou.

*Klinik Horeb – Sante a pou tout moun, menm nan tan difisil.* 💚

Siw gen on ijans pa neglije rele nan 48146507 menm si w lakay ou nap ka asistew

Adresse

Tabarre 32-34 #10
Port-au-Prince

Heures d'ouverture

Lundi 08:00 - 15:00
Mardi 08:00 - 15:00
Mercredi 08:00 - 15:00
Jeudi 08:00 - 15:00
Vendredi 08:00 - 15:00
Samedi 08:00 - 14:00

Téléphone

+50948146507

Site Web

Notifications

Soyez le premier à savoir et laissez-nous vous envoyer un courriel lorsque Clinique Horeb publie des nouvelles et des promotions. Votre adresse e-mail ne sera pas utilisée à d'autres fins, et vous pouvez vous désabonner à tout moment.

Contacter La Pratique

Envoyer un message à Clinique Horeb:

Partager

Share on Facebook Share on Twitter Share on LinkedIn
Share on Pinterest Share on Reddit Share via Email
Share on WhatsApp Share on Instagram Share on Telegram

Type