A la rencontre des Infirmieres-ARDI

A la rencontre des Infirmieres-ARDI Nous sommes une association d'Infirmier/Ières en Haïti dépuis février 2023. Merci de nous suivre pour ne rien rater. 🤝🏾

Notre mission est de promouvoir les soins Infirmiers, honorer les Infirmiers/ères en mettant en valeur leur travail. Paj sila kreye nan sousi pou pwomote pwofesyon Enfimye a epi valorize pesonel Enfimye yo. ke chak Enfimye angaje pran reponsablite yo pou leve nivo peofesyon an san ke nou pa nan konpetisyon.

9vyèm jounen sansibilizasyon kont kansè nan tete Mwen se LANGLOIS Rose Laure, mwen se Enfimyè , mwen gen yon fòmasyon te...
09/10/2025

9vyèm jounen sansibilizasyon kont kansè nan tete

Mwen se LANGLOIS Rose Laure, mwen se Enfimyè , mwen gen yon fòmasyon teorik e pratik sou depistaj kansè nan tete e kansè nan kòl matris, Mwen se Manm ARDII
Pou mwa Oktob la ke yo rele Oktob Roz Mwa kanpay kont kansè nan tete
Mwen angajem nan kanpay sa nan objektif poum sansiblize tout moun : fanm ,tifi kou gason .

*♦️Kansè nan tete* se yon maladi miltifaktoryèl.
Li k divize an 2 gwoup.
1- Eredite
2- Sporadik ( ki vle di yon kansè ki rive pa chans) ki kapab koze pa mitasyon jenetik ou byen lot faktè anviwonmantal.

*♦️ Vin li ak mwen kèk faktè de Risk pou gen kansè nan tete*.

1- *Laj* :fanm ki gen plis ke 50 ane yo pi vilnerab pou devlope kansè nan tete .

2- *Eredite*: sa vle di istwa familyal ( sè manman, pitit ect)

3- *Obezite* : se lè kò a depase pwa nomal la , sitou aprè menopoz,

4- *konpòtman alimantè* ( mank vitamin D, konsomasyon manje ki rich an grès e idrat de kabòn,ki pov an fui e legim)

5- *Sedantarite* ( moun ki toujou rete pou kont yo, kote stres ap taye banda)

6 - *absans egzèsis fizik*

7- *Alkolism* ( moun ki bwè alkòl anpil)

8- *tabajism* ( Moun ki fimen anpil)

*♦️Konsèy enpotan*

♦️Tout fanm ki gen plis ke 20 lane dwe fè otopalpasyon chak mwa yon semèn aprè règ.

♦️tout fanm ki gen de 20 a 39 lane dwe fe egzamen medikal pou tete yo chak 3 lane.

♦️ Tout fanm ki gen 40 lane dwe fè yon examen klinik tete yo e yon mamografi chak ane.

♦️Tout fanm ki gen yon faktè de risk ki wo dwe fè yon mamografi avan 40 lane

Evite fimen .

Evite bwè alkòl.

Pratike egzèsis fizik

Fè depistaj kansè nan tete se tout fanm ki parèt nòmal avèk ou san siy kansè nan tete, nan efò pou detekte pi bonè si gen yon kansè kap devlope .

Depiste Bonè se sove Lavi ,lavi se Richès

Ann al depiste medam.

Jodia a fè nou 8 jou depi nap sansibilize popilasyon an sou maladi sa k ap ravaje mond la ki se kansè nan tete.Bonjou, m...
08/10/2025

Jodia a fè nou 8 jou depi nap sansibilize popilasyon an sou maladi sa k ap ravaje mond la ki se kansè nan tete.

Bonjou, mwen se Derline TORCHON, Enfimyè, manb Ardii , mwen dakò mete men ansanm nan pat la nan kanpay sansibilizasyon kont kansè nan Tete.
Kanpay *Oktòb woz la* gen pou objektif sansibilize tout fanm yo sou enpòtans depistaj prekòs kansè nan tete.
Se youn nan kansè ki touye anpil fanm nan mond lan.
Li kapab devlope san prezante okenn sentòm, tout fanm konsène men gwoup ki plis a risk yo se tifi ki te gen premye règ yo byen bonè( avan 8 ou 9 lane). Fanm ki nan laj menopoz, obèz, dyabetik , k ap bwè alkòl, fanm ki te gen manb fanmi yo ki fè kansè nan tete elatriye.

Fè oto palpasyon chak mwa pou gade si pa gen boul osinon mas nan tete yo. Toujou gade si pwent tete yo pa gen ekoulman, si tete yo pa vin pi gwo osinon bay aspè po zoranj
Konsilte yon medsen pou tout siy anòmal nou remake nan tete yo.
Plis yon fanm depiste bonè, se plis li diminye risk pou fè kansè nan tete e ogmante chans pou viv. Pataje enfòmasyon yo pou plis fanm ka konnen yo.
fans Ministère de la Santé Publique et de la Population

07/10/2025

Dimanch 19 oktòb 2025 la, vin nou pale, ann vin aprann tout bagay sou maladi kansè nan tete.
Li pa janm twò ta pou aprann
6 è pm nap live, nou tout envite.


Ministère de la Santé Publique et de la Population

Jounen 7 nan sansibilizasyon kont kansè an tete.Mwa sa a (oktòb) se mwa ki dekrete pou sansibilize sou kansè nan tete.  ...
07/10/2025

Jounen 7 nan sansibilizasyon kont kansè an tete.

Mwa sa a (oktòb) se mwa ki dekrete pou sansibilize sou kansè nan tete.
Viv an bòn sante se youn nan pi gwo kado Bondye ka ban nou, e se pou sa li enpòtan pou nou pran swen tèt nou chak jou.

Kansè nan tete ap vale teren anpil nan peyi a, sitou pandan 2 dènye ane yo. Nou menm Ayisyen, nou gen tandans tann dènye moman pou al lopital, souvan lè maladi a gentan rive nan yon nivo grav. Se yon abitid ki mete lavi nou an danje.

*Medam, tanpri, pa neglije siy sa yo :*
- Douleur nan youn oswa toude tete
- Gonfleman oswa chanjman koulè bò wonn tete a
- Po ki sanble ak po zoranj
- Likid ki sòti nan tete, espesyalman si li gen san
- Prezans boul nan tete oswa anba bra

Si w remake youn nan sentòm sa yo, al wè yon medsen san pèdi tan. Pi bon prevansyon, se deteksyon bonè. Pa tann pou w malad pou w chèche swen. Evite miyò pase mande padon.

Nou nan sizyèm jounen kanpay kont kansè nan tete.Bonjou tout moun,M ap raple nou ke mwa Oktòb se mwa sansibilizasyon kon...
06/10/2025

Nou nan sizyèm jounen kanpay kont kansè nan tete.

Bonjou tout moun,

M ap raple nou ke mwa Oktòb se mwa sansibilizasyon kont kansè nan tete.

Mwen se Néhémie Sanon, yon enfimyè ki espesyalize nan maladi enfektye, e ki devwe nan domèn lasante, espesyalman edikasyon sou sante seksyèl ak repwodiktiv, prevansyon IST, ak edikasyon sou konpòtman seksyèl responsab, sitou lakay jèn. Mwen se manm ARDII, e se avèk kè kontan mwen ap pataje ak nou kijan nou ka rekonèt siy kansè nan tete.

Ann pote kole pou mesaj sa yo rive nan zòrèy tout fanm.

Kisa ki ka pèmèt ou rekonèt kansè nan tete ?

1. Boul nan tete.
2. Chanjman nan gwosè oswa fòm tete a.
3. Pwent tete ki rantre, ki pa ka sòti, ki gen maleng oswa k ap bay san.
4. Tete ki parèt ak aspè po zoranj.
5. Chanjman nan po tete a tankou epesè, enflamasyon, woujè ki parèt toudenkou.
6. Lè ou peze pwent tete a epi ou remake pi oswa san sòti ladan li.

Lòt mwayen ki genyen pou detekte kansè nan tete :

1. Istwa ak egzamen fizik pandan konsiltasyon lopital oswa nan klinik yon doktè.
2. Mamografi ak tès depistaj pou fanm ki gen plis pase 35 an.
3. Sonografi pou fanm ki gen mwens pase 35 an.
4. Byopsi ak zegwi pou konfimasyon.

Toujou al wè doktè. Pa neglije sante nou, paske sante se pi gwo richès. Kansè nan tete pa yon jwèt, se youn nan maladi ki lakòz anpil lanmò atravè mond lan.

Ansanm kont kansè nan tete.🎗️
Ministère de la Santé Publique et de la Population

06/10/2025

Medam, fòk nou pa ezite konsilte pou tout sa nou wè ki anòmal nan tete nou

5èm jounen sansibilizasyon kont kansè nan tete Chè zanmi,Mwen se Erline ALCIMEUS, enfimyè, e jodi a mwen vle pale avèk n...
05/10/2025

5èm jounen sansibilizasyon kont kansè nan tete

Chè zanmi,

Mwen se Erline ALCIMEUS, enfimyè, e jodi a mwen vle pale avèk nou sou yon sijè ki trè enpòtan : kansè nan tete. Oktòb se mwa sansibilizasyon kont kansè nan tete, e li esansyèl pou nou tout konprann enpòtans deteksyon bonè ak prevansyon kont maladi sa a.

Kansè nan tete se youn nan maladi ki pi souvan afekte fanm atravè lemond. Men, bòn nouvèl la se ke si nou fè deteksyon bonè, chans pou viv pi lontan ak yon bon kalite lavi ap ogmante anpil. Se pou sa, mwen envite tout jèn fanm pou yo fè tès mamografi ak egzamen fizik regilye sou tete yo. Pa neglije sentòm tankou chanjman nan po tete, boul ki parèt, oswa nenpòt doulè ki pa nòmal ladan yo.

Nou dwe toujou sonje ke *sante nou se richès nou*. Se responsablite nou pou nou pran swen tèt nou epi pataje enfòmasyon sa yo ak lòt fanm nan antouraj nou. Ann fè yon efò ansanm pou edike, sansibilize, epi sipòte youn lòt.

Nan mwa sa a, ann mete sou pye aktivite tankou atelye, konferans, ak distribisyon materyèl enfòmasyon pou fè plis moun konnen sou kansè nan tete. Sa ap ede nou sove lavi epi fè yon diferans nan kominote nou an.

Sonje : Deteksyon bonè se kle a !
Ann angaje nou tout pou nou fè yon diferans.

Mèsi anpil pou atansyon nou.

Ansanm, nou kapab fè yon chanjman !

Erline ALCIMEUS
Enfimyè

4èm jounen kanpay kont maladi kansè an teteTETE SE LAVI – FÈ OTO-PALPASYON CHAK MWAMwen se Miss FILISTIN, enfimyè ak man...
04/10/2025

4èm jounen kanpay kont maladi kansè an tete

TETE SE LAVI – FÈ OTO-PALPASYON CHAK MWA

Mwen se Miss FILISTIN, enfimyè ak manm aktif ARDII. Mwen pran angajman'm pandan mwa Oktòb sa a pou sansibilize tout fanm sou enpòtans depistaj kansè nan tete bonè. Depistaj la ka kòmanse lakay ou, atravè yon egzamen senp: oto-palpasyon tete.

👩🏽‍⚕️ ETAP OTO-PALPASYON TETE
1️⃣ Chwazi yon bon moman
– Fanm ki gen règ: fè egzamen an 7 a 10 jou aprè règ la.
– Fanm ki pa gen règ ankò: chwazi yon dat fiks chak mwa.

2️⃣ Obsève nan glas
– Kanpe dwat devan glas la.
– Obsève fòm, gwosè, koulè, po tete yo.
– Tcheke si gen pli, twou, oswa si tèt tete a antre anndan.

3️⃣ Leve men anlè
– Leve 2 men anlè tèt ou.
– Obsève diferans nan mouvman oswa aparans tete yo.

4️⃣ Sonde ak men w
– Kouche sou do w, mete yon zòrye anba yon zepòl.
– Itilize 3 dwèt plat pou tcheke tete yo an wonn.
– Senti si gen boul, mas oswa pati ki pi di pase lòt yo.

5️⃣ Tcheke tèt tete a
– Peze dousman pou wè si gen likid ki sòti (lèt, san, lòt sekrèsyon).

6️⃣ Pa bliye anba bra
– Sonde tou zòn anba bra pou detekte gangliyon ki ka anfle.

“Si ou remake nenpòt chanjman, al konsilte yon pwofesyonèl sante vit. Tete se lavi, pran swen pa w yo”

Eviane Filistin Baptiste Etzer Emile Theriel Thelus Westerlie Show

Nou nan twazyèm jounen kanpay kont kansè nan teteBonjour tout NounNap raple tout moun le mwa sa se mwa sansibilizasyon k...
03/10/2025

Nou nan twazyèm jounen kanpay kont kansè nan tete

Bonjour tout Noun
Nap raple tout moun le mwa sa se mwa sansibilizasyon kont kansè nan tete.
MW se miss Jeune, yon infimye ki devwe nan zafè la sante san koze dializ. Mw se Mann ARDII,se avek ke kontan kè nap raple tout moun ke mwa sa se mwa sansibilizasyon pou kasè nan tete.
Ann pote kole avèk nou pou mesaj nou yo rive nan nan zorèy tout fanm.
Kansè nan tete se on maladi ki silansye,se lè li finn fè travay li ou konnen sa .
Nou menm fanm toujou verifye tete nou, manyen li pou nou wè si li pa gen kèk ti boul ladanl.
Toujou al wè doktè, pa neglije sante nou paske la sante se gwo richès.
Kansè nan tete pa on jwèt, se youn nan gwo maladi ke le mond ap konfwonte.
Ann pran swen tèt nou,e ou menm ki avek maladi sa tj pran swen tèt ou e toujou swiv tretman yo.

Ansanm kont kansè

J2Mwa oktob se mwa sanbilizasyon pou kansè nan tete .Mwen se Miss Esther Sandresse JEAN GILLES manm ARDII, jodi a m vin ...
02/10/2025

J2
Mwa oktob se mwa sanbilizasyon pou kansè nan tete .

Mwen se Miss Esther Sandresse JEAN GILLES manm ARDII, jodi a m vin di nou kansè nan tete se yon reyalite ki frape anpil fanm chak ane. Li pa chwazi laj, ni sitiyasyon. Li ka parèt lakay nenpòt moun, nenpòt kilè. Men gen yon verite ki bay espwa: lè yo dekouvri kansè nan tete bonè, gen anpil chans pou yo sove lavi.

Se poutèt sa, pran swen tèt ou pa yon opsyon, men yon obligasyon. Chak mwa, pran kèk minit pou fè oto-egzamen, tcheke si gen boul, chanjman koulè oswa doulè nan tete w. Si ou remake yon bagay ki pa nòmal, pa pè pale, pa rete an silans. Ale jwenn yon doktè, paske lavi w gen valè.

Sonje, ou pa sèlman ap viv pou tèt ou. Ou se manman, sè, zanmi, pitit fi, madanm. Gen anpil moun k ap konte sou ou, k ap bezwen souri w, prezans ou, lanmou ou. Pwoteje tèt ou se pi gwo kado ou ka fè yo, e se pi gwo prèv lanmou ou ka bay tèt ou.

💖 Ansanm, nou ka leve vwa nou, sansibilize lòt fanm, epi chanje istwa kansè nan tete. Pa bliye: prevansyon se fòs, deteksyon bonè se espwa, swen se lavi.

🎗️ Kansè nan tete pa janm tannn ou pare poul frape, li ka frape nenpòt fanm, nenpòt kilè e a nenpòt laj.Se yon maladi ko...
01/10/2025

🎗️ Kansè nan tete pa janm tannn ou pare poul frape, li ka frape nenpòt fanm, nenpòt kilè e a nenpòt laj.
Se yon maladi kote selil ki nan tete yo grandi san kontwòl, gwo timè ki papab vin kansere.

Mwen se Miss Bonie, yon Enfimyè ki angaje nan batay pou sante fanm nan peyi Dayiti. Jodi a ki se premye Oktòb la, nou, manm Ardii lanse 30 jou kanpay sansibilizasyon kont kansè nan tete , yon maladi ki kontinye ap fè ravaj toupatou nan mond lan.
Se ak kè kontan nou lanse mesaj sa poun di ke kansè nan tete pa yon jwèt. Se youn nan pi gwo batay fanm ap fè an silans."

Kisa ki lakoz kansè nan tete?

Si w te gen fanmiw ki te fè kansè
Chanjman òmonal
Alkòl,fimen elatriye.

Nou dwe fè prevansyon kont maladi sa e se reson sa nou envite tout moun fi kou gason pou vin pataje mesaj, temwayaj, oswa sipò yo avè nou pandan mwa Oktòb la.
Paske se ansanm nou ka pote limyè, espwa ak enfòmasyon.
Ekri sansibilizasyon w lan voyel nan 43181595 ak yon foto.

Pou tout fanm ki deja afekte, nap diw fòs, kouraj, ak lanmou pou nou. Toujou kontinye lite pou nou viv.
Ou menm ki sen e sof, kontinye fè prekosyon. Prevansyon se kle a e deteksyon bonè ka sove lavi.
Mesye, pa rete sou kote: Sipòte madanm, manman, sè, oswa mennaj nou paske se batay nou tout.

Se vre Oktòb se mwa sansibilizasyon, men nou dwe pran konsyans chak jou.
Bon patisipasyon a nou tout
Ansanm, nou pi fò!!!

Pataje mesaj sila tout kote

Ensemble vers de nouveaux horizons
Ensemble protégeons chaque vie

Enpòtans Break nan lavi nou Gen yon moman ki pi enpòtan nan lavi chak moun, men ke anpil nan nou souvan neglije: moman B...
28/09/2025

Enpòtans Break nan lavi nou

Gen yon moman ki pi enpòtan nan lavi chak moun, men ke anpil nan nou souvan neglije: moman Break la.
Nan kouri dèyè travay, responsabilite, ak objektif nou chak jou, nou konn mete tèt nou nan yon ritm san repo. Nou di tèt nou “m pa gen tan pou pran yon poz”. Men se yon erè, paske Break pa yon pèdi tan, se yon envestisman nan tèt ou.
🧘🏽‍♀️ Pandan ou pran yon ti moman Break, kò w jwenn chans pou l detann, lespri w jwenn chans pou l rafrechi, e nanm ou jwenn ti lapè li bezwen pou l kontinye fonksyone pi byen. Se pa sou kantite travay ou fè sèlman siksè mezire, men sou jan ou pran swen tèt ou tou.
Gen anpil aktivite senp ou ka fè pandan yon Break:
🎶 Tande mizik ki soulaje ou
📖 Li kèk paj nan yon liv
😌 Pran 10 minit pou fè yon ti meditasyon oswa jis kouche
💭 Panse ak yon bagay ki fè kè w kontan
Pou mwen, Break se youn nan moman mwen pa janm negosye nan jounen travay mwen. Se li ki ban mwen fòs pou m kontinye avanse, pi klè nan pansem, plis kè kontan nan nanm, ak pi efikas nan travay.

Li enpotan pou pran poz
Enfimyè Honorat

Adresse

29, Rue Lamartinière, Bois Verna
Port-au-Prince

Téléphone

+50933724644

Site Web

Notifications

Soyez le premier à savoir et laissez-nous vous envoyer un courriel lorsque A la rencontre des Infirmieres-ARDI publie des nouvelles et des promotions. Votre adresse e-mail ne sera pas utilisée à d'autres fins, et vous pouvez vous désabonner à tout moment.

Contacter La Pratique

Envoyer un message à A la rencontre des Infirmieres-ARDI:

Partager

Share on Facebook Share on Twitter Share on LinkedIn
Share on Pinterest Share on Reddit Share via Email
Share on WhatsApp Share on Instagram Share on Telegram

Type