Point Vert pharma et clinique

Point Vert pharma et clinique Point vert est conçue pour vous aider à avoir des produits pharmaceutiques de qualité..

15/01/2026
Kafou Mon repos 44 3218-1853 /3476-1563
12/01/2026

Kafou Mon repos 44
3218-1853 /3476-1563

*Kansè pwostat* se yon maladi kote *selil ki nan pwostat* (yon ti glann ki sèlman nan kò gason, anba blad p**i a) *ap gr...
07/01/2026

*Kansè pwostat* se yon maladi kote *selil ki nan pwostat* (yon ti glann ki sèlman nan kò gason, anba blad p**i a) *ap grandi de fason dezòd* epi ka tounen *malin (cancerigène)*.

---

✅ *Kisa ki lakòz kansè pwostat?*
- Laj (plis ou granmoun, plis risk la ogmante)
- Fanmi ki te gen kansè pwostat
- Manje ki gen anpil grès
- Rasyalite (pi souvan lakay gason nwa)

---

⚠️ *Siy ou ka remake*
- P**i souvan, sitou lannuit
- Difikilte pou p**i sòti
- Doulè lè w’ap p**i
- San nan p**i
- Doulè nan zo (si kansè a gaye)

---

🔍 *Kijan yo dekouvri li?*
- *Touche rekto*
- *Tès PSA nan san*
- *Biyopsi* pou konfime
- Imaj tankou IRM si nesesè

---

💊 *Kijan yo trete kansè pwostat?*
- Obsèvasyon (si li pa agresif)
- Operasyon pou retire pwostat la
- Radyoterapi
- Tretman òmòn
- Chimioterapi (si kansè a avanse)

--- Point Vert pharma et Clinique
* Adres Kafou Mon repos 44 rue Conconde
* Telf +509 3218-1853 - 3476-1563
* Vini depiste kont kanse pwostat nap tann ou pase we nou

Lè w gen *kist nan ovè*, pa gen yon lis manje ki *fòk ou entèdi nèt*, men *gen kèk alimantasyon ki ka agrave sentòm yo* ...
07/01/2026

Lè w gen *kist nan ovè*, pa gen yon lis manje ki *fòk ou entèdi nèt*, men *gen kèk alimantasyon ki ka agrave sentòm yo* oswa deregle òmòn plis. Men *sa pou evite oswa limite*:

---

❌ *Manje pou evite oswa limite :*

1. *S*k rafine & patisri*
- Gato, bonbon, ji endistriyèl → ogmante ensilin → deregle òmòn

2. *Manje gra trans ou twòp gra*
- Fritay, vyann trete (sosis, hot dog)
- Sa ka afekte balans òmòn ak ankouraje enflamasyon

3. *Lèt ak pwodwi letye an kantite*
- Lakay kèk fanm, sa ka ogmante estrogen

4. *Alkòl & bwason gazez*
- Antrave fonksyon fwa → move pou eliminasyon òmòn

5. *Sèl anplis*
- Ka ogmante retansyon dlo ak enfeksyon

---

✅ *Manje ki bon pou w manje plis :*

- Legim vèt (epina, brokoli)
- Fwi (sitron, frèz, papay)
- Grenn ak nwa (chia, amand)
- Pwason gra (omega 3)
- Te vèt (anti-enflamasyon)

---🟢 Point Vert Pharma et Clinique
* Adres Kafou Mon repos 44 rue Concorde #1 :telf 3218-1853 / 3476-1563
Sante w SE priyorite n

https://chat.whatsapp.com/GpSgPP4BiJZ22zqeqUxEUK

Mesi

Pa bliye pase we nou Nou komanse bone Adres Kafou Mon repos 44 rue Concorde  #1 bis 3218-1853 / 476-1563
01/01/2026

Pa bliye pase we nou
Nou komanse bone
Adres Kafou Mon repos 44 rue Concorde #1 bis
3218-1853 / 476-1563

Nou swete w tout sak ki bon yo net Point Vert Pharma et Clinique ap toujou bo kotew
01/01/2026

Nou swete w tout sak ki bon yo net
Point Vert Pharma et Clinique ap toujou bo kotew

Pa diw pat konnen
22/12/2025

Pa diw pat konnen

🔥 Poukisa doktè ak enfimyè yo konn pa konn vle kite yon manman ki fin sezaryèn ale lakay li san li poko “fè gaz” ? 🔥Aswè...
18/12/2025

🔥 Poukisa doktè ak enfimyè yo konn pa konn vle kite yon manman ki fin sezaryèn ale lakay li san li poko “fè gaz” ? 🔥
Aswè a nou vin ba w rezon yo.

Aprè yon sezaryèn, anpil manman konn sezi lè yo tande enfimyè a di:
“Nou poko ka kite w ale lakay ou si w pa fè premye gaz la.”
Manman an oswa moun ki avè l yo konn poze tèt yo: “Men kisa yon gaz gen pou wè ak operasyon?” 😅

An reyalite, gaz sa a se youn nan pi gwo siy sante doktè yo bezwen, pou yo asire vant la ap retounen fonksyone nòmalman. Ann pran tan pou nou esplike l byen, san konfizyon 👇🏽

💨 Pouki gaz sa a enpòtan konsa?

Aprè yon sezaryèn, trip yo konn ralanti anpil akoz anestezi a ak manipilasyon pandan operasyon an. Si gaz pa soti, sa ka vle di sistèm dijestif lan poko redemare — e sa kapab danjere.

Men sa gaz la pwouve ⬇️

✅ 1. Trip yo rekòmanse travay

Sa vle di manje ak likid yo ka sikile nòmalman ankò san okenn blokaj.

🚨 2. Diminye risk pou “ileus”

Lè trip yo pa fonksyone, sa rele "Ileus".

Manman an ka gonfle anpil, gen gwo doulè, ka vomi, epi li ka bezwen rete plis jou lopital. Sa se yon konplikasyon yo vrèman pa vle rive.

❌ 3. Evite Gwo Gonfleman
Fè gaz la soulaje presyon gaz ki akimile nan vant lan. Sa ka fè kouti a fè mwens mal, pèmèt manman an deplase pi fasil, epi diminye presyon sou matris la.

🏥 4. Konfimasyon pou Ekip Medikal la

Se yon fason rapid e natirèl pou yo verifye si vant la ap fonksyone san okenn konplikasyon aprè operasyon an.

🌸 Kidonk, “fè gaz” pa yon wont — se yon siy sante!

Lè manman an fè premye gaz la, se yon bòn nouvèl ki di:
👉🏽 “Trip mwen byen fonksyone nòmalman! Mwen ka manje, deplase, epi mwen pare pou retounen lakay mwen san danje.”

Se konsa ekip swen an pwoteje manman an epi evite gwo konplikasyon.

Point Vert pharma et clinique : 3218-1853/3476-1563 . kfou Mon repos 44 #1 bis

Vini profite de kado sa
14/12/2025

Vini profite de kado sa

Point vert pharma et clinique
14/12/2025

Point vert pharma et clinique

Pa diw pat konnen pase we Nou kounya Pou pa ratel kado sa
14/12/2025

Pa diw pat konnen pase we Nou kounya
Pou pa ratel kado sa

14/12/2025

Vini profite de gwo jou sa
Pa bliye Nou kafou nan Mon repos 44 # 1 bis rue Concorde

Adresse

Port-au-Prince
509

Téléphone

+50932181853

Site Web

Notifications

Soyez le premier à savoir et laissez-nous vous envoyer un courriel lorsque Point Vert pharma et clinique publie des nouvelles et des promotions. Votre adresse e-mail ne sera pas utilisée à d'autres fins, et vous pouvez vous désabonner à tout moment.

Contacter La Pratique

Envoyer un message à Point Vert pharma et clinique:

Partager

Type