Dr Ça Me Dit

Dr Ça Me Dit Nou ap enfomew sou sante ak maladi, baw konsèy sou leadership ak entrepreneurship, nap edew jwenn o

02/08/2025

En prélude de la journée internationale de la jeunesse, découvrez Pro-Vision, un centre ophtalmologique et lunetterie basé à Jérémie qui offre des services de consultation clinique et paraclinique de patients, des séances de formation et de sensibilisation, dépistage et prise en charge des maladies oculaires menaçant la vision comme le Glaucome et les erreurs de réfraction, clinique mobile dans les écoles et la fabrication de lunettes.


🙏🏽🙏🏽🙏🏽Next Step : Fellowship/ sous-spécialité
27/07/2025

🙏🏽🙏🏽🙏🏽Next Step : Fellowship/ sous-spécialité

16/07/2025
13/07/2025

Ki zone Ayiti 🇭🇹 ou ta renmen vizite pou Tèt non l sèlman?
Mwen m ta renmen vizite Savane au lait. Ekri zone pa w la nan kòmantè

Bon nan jwèt Konsa apa se bagay ki negatif nou bay Frame nan peyi a. Mwen pran responsibilite pou m di Directeur Departe...
11/06/2025

Bon nan jwèt Konsa apa se bagay ki negatif nou bay Frame nan peyi a.

Mwen pran responsibilite pou m di Directeur Departemental education Grandans Maitre *Georges Jean Bart* se youn nan moun ki nan leta ki pi byen pale ak atikile nan lang Fransè a nan sa m gen chans tande yo. Li fè plizyè diskou ki disponib sou YouTube ak Facebook, pèsonn pa menm janm Pataje pou felisite l.

Ou ka tande l nan link YouTube sa: https://youtu.be/lnfIno1LT-o

Tout fwa semèn sa gen yon Directeur Departemental Affaire sociale nan Grandans ki fè plizyè flay nan introduction yon diskou ki pou mwen menm vizibleman sou efè estrès di Mme la directeur… lèm di estrès la se pa defann map defann li men nenpòt moun ki gen yon minimum nan kominikasyon ap wè Mesye a estrese/ men l ap souke / vwa l ap tranble…

Mwen panse Mesye a manke alèz nan fransè kidonk li te ka chwazi pale kreyòl pou l pi alèz, sa ki pa tap yon peche.

Mwen sezi wè jan nou fè li viral. Preske tout blogè ak enfliyansè se repost/ se fè comment.

Mwen panse se yon dwa lejitim nou genyen pou nou komante ak kritike Mesye a ki trè mal pase nan diskou an.

Men kestyon pa m konnye a se koman fè nou bay viziblite ak yon bagay ke nou Estime ki pa bon sann pa rann kont epi nou pa bay sa ki ekselan an menm yon tikras Limyè? Kisa k dèyè machin kap pwopilse imaj sa k pa bon an selman? Eske li pap fini pa ankouraje medyokrite?

...

02 Mai 2025 mwen ap sot travay nan Yon klinik Kavayon. Akoz wout la te koupe zòn Rivyè Glas mwen te oblije pran moto pou...
05/06/2025

02 Mai 2025 mwen ap sot travay nan Yon klinik Kavayon. Akoz wout la te koupe zòn Rivyè Glas mwen te oblije pran moto pou rantre Lakay mwen Jérémie malgre ke moto se yon mwayen deplasman mwen pa janm fè konfyans pou m fè wout long distans.

Ebyen lèm rive kafou Zaboka yon lòt moto kap sot pestel antre sou moto ke m te moute a / bote nou voye nou lòt bò lari a. kas pwoteksyon ki te nan Tèt mwen kraze miyèt mòso epi La menm mwen pèdi konesans.

Lè m retwouve konesans mwen nan yon lopital sou wout Grandans nan/SODETH, se vizaj kòmè sa, yon zanmi m , yon Pasyant mwen nan Pro-Vision ke m rekonèt se li ki rakonte m ke m fè aksidan kafou zaboka men Kijan sa dewoule.

Se li ki ranmase malèt mwen, telefòn mwen, bous mwen, valiz mwen.. mennenm lopital, rele Madanm mwen, rele fanmi m e asiste m pandan preske tout sware a.

Jessicas Beauchamps Jodi a se fèt ou, mwen konnen nou menm lòm nou engra, nou souvan pa trete moun ki trete nou byen byen an retou, men BonDye nan syèl la ki fidèl la menm jan l te voye w sou wout la nan jou pa m nan , nan yon moman nwa nan vi w la voye moun sou wout ou. Mwen menm ak Madanm mwen mete vwa nou Ansanm pou nou diw yon gwo kokenchenn Mèsi, menm ke nou konnen li pap janm sifi.

An pasan Linet sa wap gade l se nan klinik Pro-Vision li pran l, ou ka pase nan Klinik Pro-Vision pou w retire yon bèl Linèt Konsa tou. Nou sitye akote lopital Saint Antoine Jérémie.

Mèsi ak chak moun ki te ede dirèkteman oubyen endirekteman pandan aksidan mwen an. Menm ke m ta pran tout jounen an pou m ta ekri mwen pa tap kab fini.

Rèmèsiman ak Staff (Medsen) ak enfimyè lopital SODETH
Direksyon+ Staff Medsen ak enfimyè/ pèsonèl Lopital Saint Antoine / ekip kibèn nan/ RSS / pavillon privé
Croix rouge
DDSGA Gally Pierre / DDN Dr Humbold A. Charles / PPADA/ Clinimed/ Dr Lafortune/ Dr Vincent / Sante pour tous

Staff CCU / Direction Hopital Justinien du Cap/ Clic Image / Dr Ramelyne Cherilus/ Dr Castin et Canold Ortho/ Dr Jennifer and Thomas Alter orthopedist/ Rosemica

Dr Delva Pierre Michel et Dr Tamara Dessama ORL/ Dr Lemoine LAFLEUR Neurologue / Dr Émile Odius Dermtologue/ Dr Ricardo Antoine et Isemay Cassy Radiologues/ Dr Francois Woosvelt Neurologue/ au staff de la Clinique -Vision spécialement au Dr Paul et à tous les autres médecins dont les avis ont enrichi Les discussions médicales de ma situation.

Lahens de Lakay Pibon Alfred et Fidelia de Stand Up to Poverty Torchon Timothee Cassagnol de community first Responder

Mèsi a Madanm mwen ki pwouve m ke li se yon gèryè, ki fè yon mwa ap okipe m avèk anpil lanmou ak byenveyans. 🫶🏼❤️💐

A Fanmi natirèl mwen ak Fanmi legliz mwen ki pat sispann ede epi priye 🙌🏽🙌🏽🙌🏽🙏🏻

A chak moun ki te enkyè ki pat sispann ekri ou rele malgre m potko ka reponn, Mèsi pou atansyon nou, tout sityasyon ki pa touye nou fòtifye nou, nap tounen pifò.

Pou m fini Mèsi ak Gran achitèk la Yahweh, li menm sèl ki merite tout glwa, si l pat fidèl se yon lòt moun ki tap fè post sa Jodi a nan plas mwen.

31/05/2025
Ou Jérémie? Ou te toujou swete wè yon medsen dèmatològ ? Pou po w pa vre ? Ebyen Pro-Vision pote l pou ou Tout pasyanMèk...
25/05/2025

Ou Jérémie? Ou te toujou swete wè yon medsen dèmatològ ? Pou po w pa vre ?

Ebyen Pro-Vision pote l pou ou Tout pasyan

Mèkredi 28 mai soti 8 H Am rive 4 H pm

Dr Émile Francois Odius yon medsen dèmatològ de renom ap debake nan Klinik Pro-Vision

Pa bliye nou nan #99 Ave Émile Roumer
Akote Lopital Saint Antoine Jérémie an

Rèzèvasyon
Appel: +509 31370505
Whatsapp +509 36425409

Pro-Vision toujours plus près de vous Ce weekend Dr Delva Pierre Michel , Notre Médecin ORL VOUS PROPOSE deux journées d...
20/05/2025

Pro-Vision toujours plus près de vous

Ce weekend

Dr Delva Pierre Michel , Notre Médecin ORL VOUS PROPOSE deux journées de consultation pour tous vos problèmes de la sphère ORL( Nez, Gorge, Oreilles)

Le weekend Suivant

Dr Louis Lemoine LAFLEUR, Notre Médecin Neurologue vous propose deux journées de consultation pour tout ce qui a trait au système nerveux.

Faites vos reservations tôt, les places sont limitées!

+509 36425409 Whatsapp
+509 31370505 Appel

Ou passez nous visiter au Numéro 99, Ave Émile Roumer, Jérémie, Haïti à coté de l’Hôpital Saint Antoine de Jérémie

Adresse

Ruelle Waag
Port-au-Prince
HT6111

Téléphone

+50936425409

Site Web

Notifications

Soyez le premier à savoir et laissez-nous vous envoyer un courriel lorsque Dr Ça Me Dit publie des nouvelles et des promotions. Votre adresse e-mail ne sera pas utilisée à d'autres fins, et vous pouvez vous désabonner à tout moment.

Contacter La Pratique

Envoyer un message à Dr Ça Me Dit:

Partager

Share on Facebook Share on Twitter Share on LinkedIn
Share on Pinterest Share on Reddit Share via Email
Share on WhatsApp Share on Instagram Share on Telegram