09/04/2025
Èske saw wè nan imaj la konn rivew deja aprèw fin blese tou pre zong ou ?
Lè konsaw di se dlo ki antre nan dwèt ladan ki fèw sa ebyen non saw ap gade nan imaj la rele PANARIS !!
Se yon mikròb ki fèw sa apre kew fin blese nan alantou zong lan !!
Kisa ki Panaris la ?
Panaris la se yon enfeksyon Po, koze pa yon mikròb pi presizeman youn nan 2 bakteri sa yo " Staphylocoque " ou " Streptocoque ", enfeksyon sa touche dwèt yo menm jan ak zòtèy yo.
Enfeksyon sa manifeste nan zòn ki antoure zong yo tankou janw wèl nan imaj la !!
Kisa ki koz Panaris la ?
Prensipalman se lèw blese nan dwèt la pandan yon manikur oubyen pandanw ap koupe po mou ki bò dwèt ou avèk danw ou yon tay zong epiw arive blese ebyn mikròb la profite de kotew blese a poul antre nan dwèt la e gaye nan po dwèt la nan pati ki mou yo !!
Men senptom enfeksyon an !!
2 ou 3 jou aprew te fin blese a wap remake ke zòn touche a ap anfle e vin tou rouj depandamman de koulè pow.
Lè enfeksyon an konsène dwèt ou, Enflamasyon an akonpanye de yon sansasyon de chalè e doulè !!
De jou an jou ou gen pouw santi doulè a ap pi fò spesyalman lannwit epi e wap kòmanse òbsève pij kap parèt anba Po a tankou janw wèl nan imaj la
Nap rete la men pa bliye ekri nou siw gen kesyon !!
Siw rive nan fen atik la pa bliye klike sou ti ekriti ble sa 👉 santé au Naturel pouw al ankouraje travay nou ki se enfòmew.
Klike sou ti ekriti ble a pouw monte sou paj la epi klike sou JAIME oubyn SUIVRE lèw antre sou paj la, mèsi pou ankourajmanw !!!