Koze Sante Mantal

Koze Sante Mantal Le but de ce blog, c'est de vous donner la parole, de partager vos problèmes avec votre psychologue et de vous apporter une aide adéquate à votre problème.

👌
03/05/2024

👌

02/03/2024

Invité : Psy Jeff Saint-Louis

12/01/2024
09/01/2024

Souvan gen atitid yon moun ki grandi avèk paran otoritè genyen san li pa menm konnen sa.

07/01/2024
06/01/2024

.

20/12/2023

RETE 11JOU POU LANE 2023 FINI, KI BILAN ?

Jan nou te pale sa nan emisyon SANTÉ MENTALE ET SOCIÉTÉ sou Radio Patriarche Samedi 16 Desann nan. Sityasyon difisil peyi a ap travèse, pa ka anpeche w pran yon ti tan pou w fè bilan lane 2023.

Fè yon bilan, se pran yon ti tan pou w mezire aksyon w yo, konpòtman w, chwa zanmi w, enpak ou nan travay ou ak sosyete a, sa w posede, reyalizasyon w yo, relasyon w avèk fanmiy w, ansanm konesans ou aprann, jan w reponn avèk bezwen ou yo epi objectif ou yo.

🤏 Nou gade bilan sa, nan linèt devlopman pèsonèl selman.

Fè bilan pou lane 2023 gen anpil enpòtans li : Paske ....

✔️ Lap pèmèt ou reflechi sou tout sa ou te fè, aprann ak eksperyans ou te genyen pandan 2023. Sa ki vreman ap ede w mezire pwogrè ou yo epi pote amelyore nesesè yo.

✔️ Lap ede w an idantifye kote w te grandi epi kote w te tonbe. Aprantisaj sa, pral bay ou posibilite pou w pi byen planifye epi amelyore w pou lane 2024.

✔️ Lap ede w pi byen fòme objektif ak pwojè ou yo pou lòt lane 2024 selon reyalite kote wap viv la.

✔️ Lap pèmèt ou eksprime rekonètans ou pou sa w te reyalize epi ede w pran konsyans de mankman ou yo. Sa ap bay yon santiman byennèt.

✔️ Lap ede w nan konprann tèt ou pi byen.

✔️ Lap ede w an aprann sou fason ou te reyaji sou sitiyasyon difisil yo epi ede w kreye yon mantal pozitif fò pou lane 2024.

Kounye a, map envite w pran yon ti tan pou w reponn kesyon sa yo.

1- Ki sa ki te pi gwo reyalizasyon w pou lane 2023 ?

2- Ki sa ou te aprann sou tèt ou pandan lane 2023 ?

3- Ki moun ki te plis make lavi w pou lane 2023 ?

4- Ki enpak ou te fè nan travay ou, ki plis make ? Nan fanmiy w, nan sosyete a , nan legliz ou, nan gwoup ou, etc.

5- Ki sa ou ta renmen chanje oswa amelyore nan lavi w pou 2024 ?

6- Ki moman ki te pi difisil pou ou 2023 ?

7- Ki sa ki te fè w pi kontan pou lane 2023 ?

8- Kijan w te jere stress ou pou lane 2023 ?

9- Ki pi gwo desepsyon w pran pou lane 2023 ?

10- Ki mo ki ka rezime lane 2023 a, pou ou ?

11- Ki sa ki te pi enpòtan pou ou 2023 ?

12- Eske ou te rive reyalize objektif ou te genyen pou 2023 ?

13- Ki sa ou swete amelyore pou lane 2024 ?

14- Ki nòt sou 5 fanmiy w ka ba ou, pou jan w te konsakre tan kalite pou yo ?

15- Ki sa moun ki bò kote w ka mande w chanje pou lane 2023 ?

Map fini pou m raple w fè bilan lane 2023, se kreye yon pwen referans pou w tounen sou tout sa ou te fè, aprann, viv, eksperimante, konprann epi temwen pou lane 2023. Lap ede w konprann pou lane 2023, tout sa ki te difisil, tout sa ki merite chanje, valorize tout sa ki bon epi viv pwogrè kontinyèl nan lavi w.

Frandor
20 Desann 2023

19/12/2023
20/11/2023

Anpil moun souvan panse timoun yo pa gen dwa, yo kapab maltrete yo jan yo vle, fè yo sibi tout fòm vyolans ak agresyon paske yo san defans. Poutan, jounen 20 Novanm 2023 make komemore 34em lane adopsyon konvansyon Dwa Timoun lan Nasyonzini adopte nan dat ki te 20 Novanm 1989 epi Ayiti te ratifyel an 1994.

Ratifikasyon sa montre jan Ayiti dakò travay pou dwa timoun yo nan peyi a.

Gwo somodo, dwa timoun yo pati konsa :

1- Dwa egalite, kote ki pa gen okenn distenksyon nan koulè po, religyon, sèks ak nasyonalite.

2- Dwa pou timoun yo devlope nòmal ak bon jan ekilib.

3- Dwa pou timoun yo gen yon non ak nasyonalite.

4- Dwa laswenyaj, kote pou timoun yo rete epi jwenn manje pou yo manje.

5- Dwa pou timoun yo jwenn bon jan swen an ka yo ta gen yon gwo pwoblèm.

6- Dwa pou timoun yo jwenn lanmou ak moun ki pou konprann yo.

7- Dwa pou timoun yo jwenn yon edikasyon gratis ak kote pou yo jwe libe libè.

8- Dwa pou timoun yo jwenn sekou byen vit si ta gen yon katastròf.

9- Dwa pou timoun yo pwoteje yo kont tout fòm vyolans ak eskplatasyon.

10- Dwa pou timoun yo aprann byen trankil nan lapè, san yo pa sibi okenn diskriminasyon.

Ou pa mande m pawòl, men kite m di w. Depi 1994, anpil moun ap mande kisa leta fè pou timoun yo. Rive 2023 menm. Kesyon yo kontinye ap poze pi rèd.

Dwa sa yo montre gen anpil travay ki dwè fèt pou timoun yo nan peyi a kote leta poko vle montre volonte li pou sa. Se vre gen anpil ONG avèk òganis leta ki vle souke kò yo menm souvan ki manke mwayen leta pou sa. Pou mwen se yon kesyon volonte dirijan yo pa genyen. 2023 montre jan timoun 2000 ki pat jwenn bon jan ankadre fè leta kontinye ap mache sou yon lòt fòm kote li paka kanpe pou byen sekirize pitit li.

Map toujou raple nou, timoun peyi ki nan peyi a se timoun tankou tout timoun nann mond lan, yo merite jwi dwa yo pou yo kapab devlope epi itil peyi yo demen.

Pou sa, mwen vreman ankouraje chak moun ki nan pozisyon pou travay avèk yon timoun sonje :

✔️ Timoun yo gen dwa

✔️ Timoun yo bezwen pwoteksyon

✔️ Timoun yo bezwen moun ki pou koute yo

✔️ Timoun yo bezwen yon anviwònman ki asire sekirite epi pwoteksyon pou yo devlope nan fason ki sere ak enterè yo, kote yo ka aprann epi grandi san danje ni enkyetid.

✔️ Timoun yo bezwen yon sistèm aprantisaj ki enspire yo, epi ki ba yo chans pou yo jwenn bon jan fòmasyon ak opòtinite pou devlope konpetans yo.

✔️ Timoun yo bezwen yon kominote ki ka sipòte yo epi enkli tout timoun yo san distinksyon.

Timoun jodi !
Granmoun demen !

@ Frandor

17/11/2023
16/11/2023
11/11/2023

Map kontinye byen itilize mikwo a pou m sèvi kominote a nan zafè sante mantal. Ansanm, nap bati yon pon pou pi bon swen ak byennèt pou popilasyon an.
🎙️




101.1 FM
🇭🇹

09/11/2023

Lè 2 moun kite renmen separe. Sa pa vle di otomatikman yo ènmi pou sa. Konsa tou, rekòmandasyon pou yon moun pale avèk ansyen mennaj li varye daprè jan relasyon an te rive kanpe a.

Ann gade ansanm kèk rezon ki kapab fè yon moun kontinye pale avèk ansyen mennaj li oubyen pa kontinye pale.

✍️ Rezon pou pale ak ansyen mennaj ou :

✔️ Pale ak ansyen mennaj ou ka ede w konprann sa ki te mal pase nan relasyon an epi itilize leson sa yo nan nouvo relasyon ou. Sa kapab ede w evite fè menm erè yo nan yon lòt relasyon.

✔️ Si relasyon ou ak ansyen mennaj ou te fini an dousè, sa kapab ede w rete konekte ak li. Kote yonn ka koute konsèy lòt epi kontinye pale sou pwojè komen yo.

✔️ Pale ak ansyen mennaj ou kapab ede w libere anpil nan santiman ak emosyon ki ka pote pwoblèm nan nouvo relasyon ou. Sa ka fasilite kominikasyon ak entimite nan nouvo relasyon ou.

✔️ Pale ak ansyen mennaj ou ka ede w aprann anpil sou tèt ou, sou relasyon w ak sou lavi w nan sans jeneral. Li kapab pote anseyman ak kapasite aprantisaj valab ki kapab ede w devlope kòm moun pi byen.

✍️ Rezon pou w pa pale ak ansyen mennaj ou :

✔️ Pale ak ansyen mennaj ou ka kreye yon sitiyasyon kote ou twouve w kòmanse konpare tèt ou ak lòt moun, ki kapab kreye jalouzi ak enkyetid.

✔️ Gen kèk fwa, lè ou bezwen avanse nan lavi w, gen reyalite ou oblije tounen paj la pou w vanse pi byen.

✔️ Pale ak ansyen mennaj ou ka fè w revivre emosyon ki soti nan pase yo, ki kapab afekte relasyon ou kounye a. Sa a ka kreye konfli ak distans ant ou ak patnè ou.

✔️ Si patnè w santi ou pa konfidan ak sensè epi ou toujou pale ak ansyen mennaj ou, sa ka kreye jalouzi ak enkyetid ki ka fè patnè a santi li pa enpòtan.

✔️ Pale kontinyèlman ak ansyen mennaj ou ka fè w rete fikse nan pase epi anpeche w viv yon vi nouvo ak patnè ou.

Lè yon moun separe avèk yon lòt epi li devlope yon santiman jalouzi pou ansyen patnè li, sa ka kreye yon seri de konsekans ak pwoblèm vyolans fizik ki ka menm rive nan touye yonn lòt.

Kòm Sikològ, mwen vreman swete chak moun pran yon ti tan pou w evalye pwòp sitiyasyon w, konsidere kijan relasyon pale oswa non ka afekte w epi deside sou baz sa a si pale ak ansyen mennaj ou apwopriye. Men depi w santi w pa an sekirite tankou Fidelène, kreye tout kondisyon pou w rete lwen epi pran mezi pou w pote plent.

Plis tolerans
Plis akseptasyon
Plis dyalòg
Epi mwens vyolans

CP : Luckson Saint-Vil Journaliste

Adresse

Port-au-Prince

Téléphone

37079269

Site Web

Notifications

Soyez le premier à savoir et laissez-nous vous envoyer un courriel lorsque Koze Sante Mantal publie des nouvelles et des promotions. Votre adresse e-mail ne sera pas utilisée à d'autres fins, et vous pouvez vous désabonner à tout moment.

Contacter La Pratique

Envoyer un message à Koze Sante Mantal:

Partager

Share on Facebook Share on Twitter Share on LinkedIn
Share on Pinterest Share on Reddit Share via Email
Share on WhatsApp Share on Instagram Share on Telegram