Hopital Saint Francois De Sale

Hopital Saint Francois De Sale Informations de contact, plan et itinéraire, formulaire de contact, heures d'ouverture, services, évaluations, photos, vidéos et annonces de Hopital Saint Francois De Sale, Hôpital, Rue Chareron, Port-au-Prince.

Anpil prudans souple
08/09/2023

Anpil prudans souple

Men kijan pou Aplike pou Nicaragua Online- Epi pran Bis al MEXIK .depiw Mexik ou USA lInk yo :1: Form demand lan : http...

21/08/2022

Anpil fi an Ayiti ap pran piki Depo-provera (piki planin)pou gwosi pou gwo dèyè men yo pa konn valè danje ki gen nan sa, ki ka menm voye yo anba tè, pataje mesaj la piki planin pa pou tout fanm

Pataje tèks sa pou ouvri je popilasyon an sou danje ki gen nan pran piki Depo-provera ,medam yo konn pranl san okenn avi medsen , san okenn ekszamen ,san yo pa konn si yo konpatib avèl e pa konnen sa yap chèche an se efè segondè piki an se pa pou sal fèt ,efè li ka genyen sou sante yo ,genyen ki pa chèche konnen veritab wòl piki sa men yo pranl pou yo gwosi

Sa rive anpil fwa yon fi nik al nan yon famasi li mande pou vann li depo-provera ,aprèl al jwenn yon moun (ki ka yon pèsonèl sante) pou ba lil, nan lespril ,sa lap chèche se gwosi, pa kont piki depo-provera se yon piki planin ki la pou anpeche moun fè pitit, e ke se pa tout moun ki ka itilizel paskel gen danje ladann ,gen ekszamen pouw fè avan yo baw li eben youn efè segondè piki sa se fè moun gwosi, men ala baz li pat fèt pou sa

Tout fi paka sèvi avèl, avanw sèvi gen ekszamen ou ta dwe fè paske gen kèk danje tankou:

-yon moun kap pran piki depo-provera dwe pa gen okenn pwoblèm san, paske piki sa ka fè sanw fè boul e boul sa ka al ateri nenpòt kote pou bouchel, tankou nan sèvo poul baw stròk, nan kè pou ba w kriz kadyak,nan poumon pou baw anboli, e pa bliye siw ap pran piki sa ou ta remake ou wè flou, ou ap esoufle , pwatrin ou ap fèw mal se kouri rapid al kay Dr

-li konn baw pwoblèm pouw rejwenn fètilitew sa depann de konbyen tan ou genyen depiw ap pranl e se youn nan rezon ki koz li konn fè fi sa yo pa janm wè règ yo ankò pandan yap pranl lan e sa ka menm gen efè sou ou lèw ta deside fè yon moun timoun,ou ka tann jiska 6 a 8 mwa depiw kanpe sou piki an avanw resi ovile

-adolesan pa dwe pran piki sa paskel ka bal pwoblèm nan zo , zo yo paka atenn mas poul atenn nan e ka ba yo yon maladi ki rele "osteoporose"

-gen risk kansè ladann tankou kansè tete, kansè kòl matris , pa kont li redwi risk kansè nan andomèt ( yon kouch ki anndan matris la)

-si fi an fimen pi lap pran piki depo-provera gen gwo risk pou andomaje kèl a veso kap transpòte san nan kòl

-gen risk depresyon siw ta remake pandanw fin pran piki sa ou wè anyen pa enteresew, imèw chanje , ou dekouraje a lavi ou pa nan pow se kouri al kay Dr wap antre dwat fè depresyon ki ka fatal pou ou

-moun kap bay tete oubyen ki ansent paka pran piki se sak fè avan yo baw li fòk yo konnenw pa ansent ,epi se rezon ki fè se aprè 5 jou aprè règ yo baw li se pou pa koze ou avòte e avòte nan yon move kondisyon ou ka mouri avèk bebe an

-yon fanm ki fè maladi s*k dwe strik nan kontwòl s*k li sil pran piki sa paskel li rann kò an rezistan a ensilin(òmonn ki pèmèt kòw absobe s*k ) sa vin fè kantite s*k la ogmante nan sanw

-Piki sa ka fè kòw kenbe anpil dlo, e sa patisipe nan pwaw pran , konsekans lan prale sou kè a ren an ,travay yo pral ogmante e se la pwoblèm nan, ou pa dwe gen pwoblèm kè a veso

-lè kòw gen twòp dlo presyon an pral sou kè an paske se li ki la pou ponpe san, eben kè an pral fè plis efò e se la tansyon moun nan pral ogmante , siw son fi ki fè tansyon piw ap pran konprime depot provera ou riske fon stròk

Like & pataje pou plis moun nan sosyete an ka jwenn konesans sou danje sa yo
Idantifye yon moun li avèw
Norbrun Kerry Care-ry

Adresse

Rue Chareron
Port-au-Prince

Notifications

Soyez le premier à savoir et laissez-nous vous envoyer un courriel lorsque Hopital Saint Francois De Sale publie des nouvelles et des promotions. Votre adresse e-mail ne sera pas utilisée à d'autres fins, et vous pouvez vous désabonner à tout moment.

Contacter La Pratique

Envoyer un message à Hopital Saint Francois De Sale:

Partager

Share on Facebook Share on Twitter Share on LinkedIn
Share on Pinterest Share on Reddit Share via Email
Share on WhatsApp Share on Instagram Share on Telegram

Type