28/11/2025
KI DANTIFRIS POU CHWAZI
🔹Dantifris se yon sibstans nou itilize pou netwaye dan, men gen kèk bagay enpòtan ou dwe konnen avan
w chwazi youn 🤔
🔹WÒL LI :
• Ede retire plak dantè ak bwòs la
• Anpeche kari parèt
• Pwoteje jansiv yo
• Bay souf la bon sant
• Pafwa : diminye sansiblite dan yo
🔹KONPOZISYON
Li dwe gen fliyò (ki pwoteje dan kont kari) ki se eleman ki pi enpòtan an.
🔹Abrazif dou : netwaye dan yo epi retire tach ki sou sifas yo.
🔹Ajan ki fè kim : ede gaye dantifris la toupatou.
🔹Aòm : gou mant oswa fwi, pou bay frechè.
🔹Rès la (koulè, teksti, kantite kim), se sitou pou konfò a.
✨Gen dantifris terapetik (ki gen vrè sibstans aktif pou trete/anpeche maladi nan bouch ak sou dan) tankou Sensodyne (kont sansiblite), Fluocaryl (anti-kari), Sanogyl swen jansiv (pou pran swen jansiv yo)… Se dantè a ki preskri yo.
‼️ Tout dantifris gen sibstans aktif tankou silis ak bikabonat sodyòm, men yo mezire dòz yo. Dantifris blanchi yo genyen yo an pi gwo kantite, yo fè emay la vin pi fèb epi yo ka bay sansiblite sou tèm long.
🔹Dantifris la se yon vrè zouti swen, li pa yon senp pwodui kosmetik. Chwazi yon fòmil ki gen fliri, ki adapte (kari, sansiblite, jansiv), epi konbine li ak bwose dan seryezman de fwa pa jou. Se pa pwomès ki sou tib la ki pwoteje dan ou, se konbinezon dantifris la, bon teknik bwose a ak swivi regilye lakay dantis 🦷✨🪥
Dr Desjardins K.☺️