Asp Clinique Medical dr Fritz

Asp Clinique Medical dr Fritz Informations de contact, plan et itinéraire, formulaire de contact, heures d'ouverture, services, évaluations, photos, vidéos et annonces de Asp Clinique Medical dr Fritz, Santé, Croix-des-Missions, Tabarre.

La médecine fonctionnelle peut être particulièrement bénéfique pour les personnes souffrant de problèmes de santé chroniques ou multifactoriels qui n’ont pas bien répondu aux traitements conventionnels ou holistique et intégrative des soins de santé.....

TOUT FANM KI GN DIFIKILTE POU FE ANSENT KELKESWA KOTEW YE KOTAKTE (ASP CLINIQUE MEDICALE & NATUROPATHIE) Épi abòne Pataj...
09/03/2026

TOUT FANM KI GN DIFIKILTE POU FE ANSENT KELKESWA KOTEW YE KOTAKTE (ASP CLINIQUE MEDICALE & NATUROPATHIE) Épi abòne Patajel svp KONSILTASYON PREZANSYÈL E ONLINE
ANN GADE ANSANM 👇
✅ENDOMETRIOSE
Maladie sa KI rele endometriose la k koz tronp ou bouche e ka few pa janm fè pitit, epiw gen kyste endométriosique lè sa li fè ovè yo ap senyen san rete ou toujou gon sang wap bay menm lew pa gen règ ou li enpotan pou nou toujou fè sono menm lè nou pa ansent pou kapab konnen ki jan matris nou ap evolye.endomètre la ta dwe plase anndan matris la lèl plase deyô se sa nou rele endométriose la,sa bay Anpil problem nan fwaye yo ,depi Fwaye pa gn timoun hmmm...
Traitement possible

✅👉FIBROME UTERIN

Gen plizyè tip de fibrome intramural ,sous sérieux ,sous muqueuse, Anpil finpa fe pitit se koz FIBROME , e anpil FWA ou konn fin opéré pou FIBROME nan li retounen anko, e kek FWA ou konn fin opéré tou epiw pa Janm ansent aprèe laj AP moute.Ebyen jodia gn posiblite pouw fe Tretman pouw éliminé FIBROME sa yo nan ASP CLINIQUE MEDICALE & NATUROPATHIE, presesis Tretman yo fet sou baz Phytothérapie,Naturopathie,Herbal bio,Aromatique. e Lew vin fe presesis pou jan Tretman sa yo Nou ba ou gro garanti maksimòm 45 Jou pou fibrome yo kòmanse desann de volume e Tretman sa yo fet nan 3,a 6 mois pandan Tretman yo wap gn plizyè sono pouw fe el posib a 70% pouw ansent pandan tretman an ect...

✅👉 HYDROSALPINX (Trompé bouche)
Se Yonn nan koz d'infertilité : (Hydrosalpinx) se loske trop ou gen dlo ladanl sa anpeche s***matozoïdes yo pase pou yo al rankontre ak ovule la paske tronp yo andomaje ,(bouche)
Pou konnen siw gen hydrosalpinx wap fè yo HSG ou bien yon sonographie.pa ezite tcheke tronpe nou pou nou ka dekouvri tout problèm ki anpeche nou ansent
nan Asp Clinique Medical dr Fritz kèlkeswa kotew ye ou Kapab kontakte nou

✅👉 KYSTE DE L'OVAIRE

kyste nan ovaire se Yon kavite anòmal ki gn pwòp pawal,ki pi douvan ranpli a likid ki vin fòme yon ti pòch nan ovè a(òga'n ki pèmèt fi an ovule )
Men gen 2 tip kis nan ovè Nou souvan jwenn
1- kis òganik
2- kis fonksyonel ke Nou jwenn pi souvan Lakay fi ki nan laj pou fè pitit a kòz de prosesis ovilasyon...Ovè an gn yon pakèt folikil (ki gen Ovosit la pou pèmèt fi a tonbe ansent lan)Aprè yo fin ranpli fonksyone yo,yo ta sipoze régresse nan ka sa yo transfòme an kis ,lè se folikil la ki konsène ou konn paka ovile se sak fe Moun ki fè Anpil FWA gen problem règ a difikilte pou fe pitit.
-Gen sa yo rele syndrome des ovaires Micropolykystiques (ki se toujou kis nan ovè)
Se lè gen yon to ,yon Òmonn (sibstans ki libéré nan kò an ki pral aji a distans ) ki rele LH ki trò élve Tandiske to FSH la konn nòmal li konn menm ba,vin fe fi sa yo AP sekretè Anpil Òmonn gason e sak fèw wè yo konn gen trè gason se Yon maladi ki manifeste pa yon "Hyperandrogénie" Nou konn wè sa yo konn gen karaktè gason ,yo konn gen baby ,plen plis ect .
Moun nan konn gen sa yo rele "Obesité androïde" (anlèl pi gro je anbal)li konn gn problem reg ,gen Moun ki fè kis ki konn ovile sèlman 2 a 3 FWA nan yon âne sa konn rive....e konn fè plizyè Mwa san règ.
- Gen "syndrome des ovaires Multifolluculaire"ki karakterize pa yon ralantismande sekresyon de yon Òmonn ki rele GnRh pa gland ki rele Hypothalamus se gland sa ki bay premye sinyal reg yo,li sansib a imè fi an se sak fe imè fi an konn gn repèkisyon sou règ li .
Diferans kap gn ant "syndrome des ovaires Multifolluculaire a syndrome des ovaires Micropolykystiques" Sè ke pap gen karakteristik gason, tankou fi a pap gen bab, li pap plen plum ect...
-NAN YON LOT PIBLIKASYON NAN PALE DE kyste Òganik..
Apèl ,SMS,WhatsApp 38 62 4688 /39956597/41420944
Nou nan kafou Kwadèmisyon

PATAJE PATAJE TOUT KOTE MAP REPLE NOU KE NOU ELIMINE FIBWOM SAN KÈW PA OPERE POU LI ,METÒD PHYTOTHERAPIE GLOBALISTEKèlke...
05/03/2026

PATAJE PATAJE TOUT KOTE

MAP REPLE NOU KE NOU ELIMINE FIBWOM SAN KÈW PA OPERE POU LI ,METÒD PHYTOTHERAPIE GLOBALISTE

Kèlkeswa kotew ye a nap ka sèviw , nou gen KONSIKTASYON PREZANSYÈL E KONSILTASYON ONLINE , MEN ADRÈS NOU SE CROIX-DES-MISSIONS

KISA FIBROM ITEREN AN YE ?

Fibwòm uterin (yo rele l tou myòm oswa leiomyòm) se yon timè benen (pa kansè) ki devlope nan misk matris la (matris = kòl matris la). Li fèt ak selil misk ki grandi twòp. Li trè komen lakay fanm.

*Ki sa ki koz fibwòm uterin?*

Pa gen yon sèl koz egzak, men gen plizyè faktè ki jwe wòl:
Òmòn ,..Sitou estwojèn ak pwogestewòn (òmòn fanm yo) favorize kwasans fibwòm.
Faktè jenetik ,.. Si manman oswa sè w te gen fibwòm, risk ou pi wo.
Laj ,.. Pi souvan pandan peryòd kote fanm ap règ (anvan menopoz).
Ras ,..Fanm nwa gen plis tandans fè fibwòm e li ka pi gwo/pi bonè.
Obezite ak move abitid alimantè.
Pa janm fè pitit (nulliparite) ka ogmante risk la.

*A ki laj yon fi ka genyen li?*

Li ka parèt depi 20–25 an.
Li pi souvan ant 30–45 an a X.
Apre menopoz, li konn diminye paske òmòn yo bese.

*Konbyen kalite fibwòm ki genyen?*

Gen *3* kalite prensipal dapre kote yo chita:
1)Fibwòm submukozal Anndan kavite matris la.
2) Fibwòm entèstisyèl (intramural) Nan mitan misk matris la (pi komen).
3) Fibwòm subserozal Sou deyò matris la.
Genyen tou:
Fibwòm pedikile (ki pandye sou yon ti “pye”).

*Kiyès ki pi danje?*

Submukozal yo pi souvan bay emoraji (règ twòp) e yo ka bay pwoblèm pou ansent.
Gwo fibwòm oswa sa ki ap grandi rapid mande plis swivi.
Men sonje: pifò fibwòm yo pa kansè.

*Ki siy ak sentòm yo?*

Gen fanm ki pa gen okenn sentòm. Men lè gen sentòm, yo ka gen:
Règ twòp (emoraji) oswa règ ki dire lontan
San ant règ
Doulè nan basen oswa nan do
Santi presyon nan vant anba
Vant ka parèt gwo (tankou fanm ansent)
Bezwen p**i souvan (si li peze sou blad p**i)
Konstipasyon (si li peze sou trip)
Doulè pandan relasyon seksyèl
Anemi (pèt san fè moun vin fèb, tèt vire)
Wi, li ka bay emoraji e wi, li ka bay doulè.

*Èske fibwòm ka koz enfètilite?*

Wi, nan kèk ka:
Si li chanje fòm kavite matris la (sitou submukozal).
Si li bloke twonp Falòp yo.
Li ka lakòz foskouch repete.
Men anpil fanm ki gen fibwòm rive ansent pa aza men anpil konn pèdi timoun .

*Èske li ka fè vant fanm gwo?*

Wi. Si fibwòm nan gwo oswa gen plizyè, vant la ka parèt tankou 3–5 mwa gwosès.

*Èske li ka fè fanm nan pa janm sou gason?*

Li pa retire dezi seksyèl dirèkteman.
Men:
Si li bay doulè pandan relasyon,
Si li lakòz senyen twòp ak fatig,
Sa ka fè fanm nan pa anvi fè sèks.

*Èske fibwòm ka touye moun?*

Raman anpil,men pa ekate posiblite a
Fibwòm li menm pa kansè.
Men si gen:
Emoraji grav ki pa trete gwo anemi
Konplikasyon grav ki pa pran swen
Sa ka mete lavi an danje. Men sa pa komen si gen swivi medikal.

*Èske fibwòm toujou vin kansè?*

Non.
Chanjman pou vin kansè (leiomyosarcoma) se yon bagay trè ra.

*Èske fibwòm trete*
NON! li pa trete sou plan medikal ,se operasyon men ou ka opere epi li retounen ankò ,Men nap raplew ke nou fè tretman fibwòm nan ASP 3 a 6 Mois sèlman tretman koute anpil e li mande sakrifis.
pou medsin konvansyonèl
Sa depan de laj, sentòm, gwosè fibwòm, ak si fanm nan vle fè pitit.
Siveyans sèlman (si pa gen sentòm)
Medikaman pou diminye senyen
Tretman òmòn
Myomektomi (retire fibwòm ki se operasyon (myomektomi) ou
Isterektomi (retire matris sa vle di pa gen pitit kap fét ankò) epi
Anbolizasyon men tout sa yo pa vle di pap gen fibròm ankò ...
*Dr.ROMAIN moun tout moun ,Lòm saj toutan, Pitit gason Bondye renmen anpil la*

02/03/2026
🙏🙏🙏🙏🙏🙏🙏
27/02/2026

🙏🙏🙏🙏🙏🙏🙏

ASP CLINIQUE MEDICALE & NATUROPATHIE prése vin pran swen paw la , poko janm gen yon pasyan ki mache nan ASP Poul regrèt ...
27/02/2026

ASP CLINIQUE MEDICALE & NATUROPATHIE prése vin pran swen paw la , poko janm gen yon pasyan ki mache nan ASP Poul regrèt pou kelkeswa saw vini nan priorité a se Bondye dabò epi wap jwenn satisfaksyon ,tout maladi ki pa trete sou plan medikal yo ,Nou trete yo nan ASP

🎉✨ Joyeux Anniversaire Docteur Romain ✨🎉En ce jour spécial, nous célébrons non seulement votre naissance,mais aussi la l...
26/02/2026

🎉✨ Joyeux Anniversaire Docteur Romain ✨🎉
En ce jour spécial, nous célébrons non seulement votre naissance,
mais aussi la lumière, le courage et la détermination
que vous apportez chaque jour autour de vous.
Docteur Romain,
vous êtes un homme d’accueil,
un cœur ouvert à tous,
une main tendue vers ceux qui ont besoin d’aide.
Votre combat pour le changement en Haïti est une preuve de votre amour pour votre peuple et votre pays.
Votre force inspire,
votre sagesse éclaire,
votre détermination motive.
📖 Verset Biblique :
"Que l’Éternel te bénisse et te garde !
Que l’Éternel fasse briller sa face sur toi et t’accorde sa grâce !
Que l’Éternel tourne sa face vers toi et te donne la paix !"
— Nombres 6:24-26
Que cette nouvelle année de votre vie
soit remplie de sagesse divine,
de courage renouvelé,
de santé,
et de succès dans tous vos projets.
Que Dieu fortifie vos pas,
guide vos décisions,
et vous donne encore plus de vision
pour continuer à œuvrer pour un avenir meilleur.
🌟 Continuez à être cette voix du changement.
🌟 Continuez à être cet homme de conviction.
🌟 Continuez à être une bénédiction pour Haïti.
🎂 Joyeux Anniversaire Docteur Romain !
Que le meilleur soit encore à venir.
merci mon ami mon frère 🙏

JODIA MWEN VIN PALE NOU DE YON MALADI KE ANPIL ANPIL FANM GENYEN E KI BAY ANPIL PROBLEM SITOU NAN FWAYE KISE (sendwom ov...
26/02/2026

JODIA MWEN VIN PALE NOU DE YON MALADI KE ANPIL ANPIL FANM GENYEN E KI BAY ANPIL PROBLEM SITOU NAN FWAYE KISE (sendwom ovè polikistik) SONJE ASP FE TRETMAN NAN 3 A 6 MWA ANN VANSE ,map toujou raple Nou tretman yo koute lajan
KELKESWA KOTEW YE NAP KA SÈVIW ,PREZANSYÈL E ONLINE men Nou gen yon sel adrès Kwadèmisyon bò legliz katolik la

Kisa Syndrome des ovaires polykystiques (SOPK) la ye?

Sendwòm ovè polikistik (SOPK) se yon maladi òmòn ki touche anpil fanm ki nan laj pou fè pitit. Lè yon fanm gen li, ovè yo (glann ki pwodui ze ak òmòn) pa mache nòmal. Gen plizyè ti folikil (ti sak ak ze andedan yo) ki rete san yo pa lage ze a regilyèman.
Se youn nan koz prensipal:
Règ ki pa regilye
Pwoblèm pou vin ansent

Ki sous / koz sendwòm nan?

SOPK pa gen yon sèl koz klè, men gen plizyè faktè:
Dereglaj òmòn
Twòp òmòn gason (androjèn/testostewòn)
Pwoblèm nan balans estwojèn ak pwojestewòn
Rezistans ensilin
Kò a pa byen itilize ensilin
Sa ogmante risk dyabèt
Eredite (jenetik)
Si manman oswa sè genyen li, ou ka gen plis risk
Twòp pwa / obezite
Grès nan vant ogmante dereglaj òmòn

A ki laj li ka parèt?

Souvan kòmanse apre premye règ (adolesans)
Pi souvan dekouvri ant 15 – 35 an
Men li ka rete san yo pa remake li pandan plizyè ane
⛔Siy ak Sentòm yo
Men sa ki pi komen:
🩸 ✅1. Pwoblèm règ
Règ ki pa vini chak mwa
Règ ki ra (oligomenore)
Pa gen règ ditou (amenore)
Règ twò abondan pafwa
🤰 ✅2. Pwoblèm pou fè pitit
Pa ovile regilyèman,ou pa ovile menm
Difisil pou vin ansent
✅3. Siy twòp òmòn gason
Pwal twòp nan figi, pwatrin, vant
Akne grav
Cheve ap tonbe sou tèt (tankou modèl gason)
✅4. Chanjman nan kò
Pran pwa fasil
Grès nan vant
Po vin nwa nan kou oswa anba bra (acanthosis nigricans)

Èske li bay doulè?

Li pa toujou bay doulè
Gen fanm ki ka santi:
Doulè basen
Doulè pandan règ
Doulè lè ovè yo anfle Doulè anba ti vant yon sel bò

🤱 Èske li ka koz enfètilite?

Wi. SOPK se yonn nan premye e pi gwo koz enfètilite lakay fanm paske:
Ovè yo pa lage ze regilyèman
Pa gen ovilasyon nòmal
Bon nouvèl la:
Avèk tretman, anpil fanm rive vin ansent e gen anpil temwanyaj atravè eksperyans pam Dr.Romain

Èske li ka fè fi a pa gen règ?

Wi.
Paske pa gen ovilasyon regilye, règ la ka:
Sispann pandan plizyè mwa e fok ou wè soktè enpòtan

Èske li ka koz fos kouch (avòtman natirèl)?

Wi, risk la ka ogmante si:
Gen dereglaj ensilin
Òmòn yo pa balanse
Pa gen bon kontwòl medikal
Men ak bon swivi, risk la ka diminye anpil.

Èske li ka domaje matris?

Li pa dirèkteman detwi matris la, men:
Si règ pa vini pandan lontan, andedan matris la (endomèt) ka vin twò epè, sa ogmante risk:
Ipèrplazi andomèt
Kansè andomèt (si pa trete pandan plizyè ane)
Se poutèt sa swivi medikal enpòtan.

Kijan yo dyagnostike li?

Ekografi basen (ovè yo montre anpil ti folikil)
Tès san pou òmòn
Obsèvasyon sentòm yo ect...

🥬 Tretman yo posib ak ASP CLINIQUE MEDICALE & NATUROPATHIE

Konplikasyon si pa trete
Dyabèt tip 2
Tansyon wo
Kolestewòl wo
Pwoblèm kè
Depresyon ECT....

DR.ROMAIN MOUN TOUT MOUN

Pataje! pataje! pataje! lagel tout kote, epi abòne ak PAJ laMEN TOUT KALITE PROBLEM KI KA FÈ YON FANM PA FE PITIT ebyen ...
08/02/2026

Pataje! pataje! pataje! lagel tout kote, epi abòne ak PAJ la

MEN TOUT KALITE PROBLEM KI KA FÈ YON FANM PA FE PITIT ebyen ASP CLINIQUE MEDICALE & NATUROPATHIE se solisyon paka fè pitit ou a ,Bondye avan tou
KELKESWA KOTEW YE NAP SÈVIW
PREZANSYÈL E ONLINE pran randevou paw la klike sou bouton WHATSAPP LA

men tout ki few Medam yo gen difikilte pouw fè pitit yo

🔴 ENFÈTILITE LAKAY FANM
Definisyon
Enfètilite se lè yon fanm pa rive ansent apre 12 mwa relasyon seksyèl regilye san pwoteksyon
👉 (6 mwa si fanm nan gen plis pase 35 an).

1️⃣ PWOBLÈM ÒVILASYON (koz ki pi souvan repete)
Lè fanm nan pa lage ze (ovule) regilyèman oswa ditou.
🔹 Koz yo:
Sendwòm ovè polikistik (SOPK / PCOS)
➡️ règ deregle, anpil òmòn gason, akne, pwa monte
Dereglaj òmòn
FSH / LH ba oswa deregle
Prolaktin wo
Pwoblèm tiroïd (ipotiroïdi / ipertiroidi)
Menopòz bonè (avant 40 an)
Estrès grav
Malnitrisyon oswa obezite
Egzèsis twòp (espò ekstrèm)
🔹 Konsekans:
✅Pa gen ze pou fè fekondasyon(rezèv ovè a diminué net)

2️⃣ PWOBLÈM TIB FALÒP YO (Tronp bouche) ASP ap rezoud sa
Tib yo se chemen ze a pran pou al rankontre espèm.
🔹 Koz yo:
Enfeksyon jenital
(IST: chlamydia, gonore)
Maladi enflamatwa pelvyèn (PID)
Operasyon nan basen (apendisit, sezaryèn, fibwòm)
Gwosès deyò matris (GEU)
Andometrioz
🔹 Konsekans:
✅ Ze ak espèm pa ka rankontre
✅Risk gwosès deyò matris

3️⃣ PWOBLÈM MATRIS (UTERUS)
Matriks la se kote tibebe a grandi.
🔹 Koz yo:
Fibwòm (miom) ASP ap retire fibrome nan sankew pa fè chiriji
sitou sa ki andedan matris la
Polip utérin
Adenomyòz
Synechie
Adhérence Ovè
Cystite verticale
Malfòmasyon matris
(matris bifid, septum)
Sikatris nan matris
(Sendwòm Asherman, apre kiretaj)
🔹 Konsekans:
✅Ze pa ka fikse
✅Fòs kouch repete
✅ Enkapasite pou kenbe gwosès
Asp Clinique Medical dr Fritz se solisyon an
4️⃣ ANDOMETRIOZ
Lè tisi règ la grandi deyò matris la.
🔹 Sentòm:
Doulè règ fò
Doulè pandan relasyon
Règ abondan
Doulè basen kwonik
🔹 Konsekans:
✅Blokaj tib
✅Move kalite òvule
✅Enflamasyon ki anpeche gwosès, vin pran solisyonw

5️⃣ PWOBLÈM KÒL MATRIS (COL)
Kòl la se pòtay espèm nan.
🔹 Koz yo:
Larim kòl matris pa bon
Enfeksyon repete
Chiriji kòl matris (conisation)
Antikò kont espèm
🔹 Konsekans:
✅ Espèm pa ka pase

6️⃣ LÒT PWOBLÈM ÒMÒN
🔹 Koz:
Tiroïd deregle
Prolaktin wo
Dyabèt pa kontwole
Sendwòm Cushing
🔹 Konsekans:
✅Òvilasyon deregle
✅ Enplantasyon difisil

7️⃣ LAJ FANM NAN

⏳ Fètilite diminye ak laj:
< 30 an → fètilite wo
30–35 an → kòmanse bese
35 an → bese vit
40 an → fètilite trè ba
45 a 50 Raman men pa enposib men minim minim
🔹 Konsekans:
✅ Mwens ze
✅Ze yo pa bon kalite

8️⃣ FAKTÈ LAVI AK ANVIWÒNMAN
🔹 Koz:
Fimen 🚬
Alkòl 🍷
Dwòg
Pwodui chimik
Medikaman (chimioterapi)
🔹 Konsekans:
✅Ze domaje
✅Dereglaj òmòn

9️⃣ MALADI JENERAL
Lupus
Maladi ren
Kansè
VIH (san swivi)

🔟 ENFÈTILITE SAN KOZ KLÈ
(Enfètilite inexplikée)
➡️ Tout egzamen nòmal, men gwosès pa vini Kontakte ASP

Nap raplew Nou pa machann medikaman ,Nou pa bay medikaman san kew pa konsilte e examine

🔍 Bòn nouvèl Wap jwenn solisyonw lan nan ASP CLINIQUE MEDICALE & NATUROPATHIE
Nou gen yon sèl adrès SOU KOTE TI PLAS LA BÒ LEGLIZ LA

Pataje! pataje! tout kote pouw ede yon lot Moun PRENSIPAL PROBLEM KI FÈ GASON PAKA ANSENT FI👇✅ Varikosèl✅Azoos***mie✅Oli...
08/02/2026

Pataje! pataje! tout kote pouw ede yon lot Moun
PRENSIPAL PROBLEM KI FÈ GASON PAKA ANSENT FI👇

✅ Varikosèl
✅Azoos***mie
✅Oligozoos***mie
✅Asthenozoos***mie (Atenozoos***mi)
✅Kyste testikilè( Kyste Epididin)
✅Chiriji nan testikil swa pou idwosèl ou lot problem
✅Teratozoos***mie
✅Mizoos***mie (se lè s***m pa deplase byen)
✅Oligo-astheno-teratozoos***mie
🥦 Bòn nouvèl paske nan ASP CLINIQUE MEDICALE & NATUROPATHIE tout tretman sa yo posib nan 3 à 6 mois sèlman yo koute pou yo fèt

👉 Nan ASP CLINIQUE MEDICALE & NATUROPATHIE ou pap fè Operasyon, nap fè tretman pou ou e wap satisfè de sèvis Nou yo ( sèlman tretman yo koute pou yo fèt men wap satisfè)
Nap raplew kelkeswa kotew ye, nap kapab sèviw men adrès klinik lan se -DES-MISSIONS nan ti wonpwen bò legliz katolik la

1️⃣ VARIKOSÈL

Kisa varikosèl la ye?

Varikosèl se elajisman venn ki nan skwotòm nan (sak ki kenbe tèstikil yo). Li sanble ak varis nan janm.

➡️Sentòm posib

Doulè oswa lou nan skwotòm
Chalè nan zòn testikil la
Tèstikil ki vin pi piti
Pafwa pa gen okenn sentòm

Efè sou fètilite

Varikosèl ogmante chalè nan testikil yo, sa ki ka:

Diminye kantite espèm
Fè espèm yo deplase mal
Diminye kalite espèm

Tretman

Swivi medikal ( Phytotherapie,Naturopathie,Herbal bio,Aromatique)
➡️Nou pa fè Operasyon ( Varivocelectomie) se trete ASP CLINIQUE MEDICALE & NATUROPATHIE ap tretew sankew pa fè operasyon, ni fè Ambolisation ,Nou gen anpil bèl temwanyaj e menm gen Moun ki opere ki pa janm ka ansent fi Nou ede yo jwenn satisfaksyon Bondye avan tou

- 2️⃣ AZOOSPERMIE

Kisa azoos***mie ye?

Azoos***mie se lè pa gen okenn espèm ditou nan likid seminal la.

Kalite azoos***mie

✅Azoos***mie obstructive

👉Espèm ap fèt men gen blokaj
Tèstikil nòmal

✅Azoos***mie non-obstructive

👉Tèstikil pa pwodui espèm ase oswa ditou

➡️Posibilite tretman
Wi avek ASP CLINIQUE MEDICALE & NATUROPATHIE tretman nan 3 a 6 Mwa

San Chiriji
San Prélèvman espèm + FIV/ICSI

3️⃣ OLIGOZOOSPERMIE

✅Kisa oligozoos***mie ye?

👉Se lè kantite espèm lan pi ba pase nòmal.

Nòmal: ≥ 15 milyon espèm/ml
Oligozoos***mie: < 15 milyon/ml

✅Kòz posib

👉Varikosèl
👉Enfeksyon
👉Estrès
👉Alkòl, sigarèt
👉Defisyans vitamin

Tretman posib ak
ASP CLINIQUE MEDICALE & NATUROPATHIE

4️⃣ ASTHENOZOOSPERMIE (ATENOZOOSPERMI)

Kisa li ye?

Asthenozoos***mie se lè espèm yo pa deplase byen.

👉Nòmal: ≥ 40% espèm mobil
👉Pwoblèm: < 40%

Konsekans 👇

👉Espèm pa rive nan ovil la
👉Difikilte pou fè pitit

posib ak
ASP CLINIQUE MEDICALE & NATUROPATHIE

Preparew pouw jwenn satisfaksyon ou vle 2026 la
Staff Médecins ASP CLINIQUE MEDICALE & NATUROPATHIE a la pou a konpanye kapab genyen a

pataje tout kote pouw ede yon Moun kap soufri ak opresyon ASP CLINIQUE MEDICALE & NATUROPATHIE SE SOLISYON OPRESYONW LAN...
16/01/2026

pataje tout kote pouw ede yon Moun kap soufri ak opresyon ASP CLINIQUE MEDICALE & NATUROPATHIE SE SOLISYON OPRESYONW LAN👇
KELKESWA KOTEW YE OU KA KONTAKTE NOU NAP EDEW JWENN SOLISYON ,Nou nan yon sel adrès

(oppression thoracique) se yon sansasyon peze, sere, lou oswa mank lè moun santi nan pwatrin, pafwa li ka monte nan kou, do, zepòl oswa bra. Se yon sentòm, pa yon maladi an li menm, e li ka gen plizyè koz, soti nan bagay senp rive nan ijans medikal.

🔹 Kijan an ka parèt?
Moun ka dekri li kòm:
“Pwatrin mwen sere”
“M santi m pa ka pran souf”
“Gen yon pwa sou kè m”
“M santi m ap toufe”
Li ka vini:
Toudenkou oswa piti piti
Apre efò
Nan moman estrès
Lannuit
Apre manje
ASP ap tretew kelkeswa tan ou genyen ak opresyon an
❤️pa bliye anpil Moun mouri koz opresyon ,gen yon ansyen jounalis ,genyen docteur, e lot toujou ki mouri koz opresyon

🔹 Diferan kalite opresyon selon koz yo
1️⃣ kadyak (kè ❤️) ⚠️
👉 Sa a se pi danjere a
Kòz:
Kriz kadyak (infarctus)
Angin de poitrine
Tansyon wo
Maladi atè kè
Siy ki akonpaye:
Doulè pwatrin ki peze
Doulè ki ale nan bra gòch, machwè, do
Souf kout
Swe frèt
Nausea, vomisman
Fatig sevè
🚨 IJANS MEDIKAL
➡️ASP CLINIQUE MEDICALE & NATUROPATHIE SE SOLISYON AN

2️⃣ respiratwa (poumon 🫁)
Kòz:
Opresyon / Astm
Bronchit
Nemoni
COVID, grip
Anboli poumon (san bouche atè poumon) ⚠️
Siy:
Souf kout
Siflèt lè w respire
Tous
Lafyèv (pafwa)
Sensasyon toufe

3️⃣ dijestif (lestomak / ezofaj)
Kòz:
Reflèks asid (RGO)
Gastrit
Èrni hiatal
Gaz
Siy:
Boule nan pwatrin
Opresyon apre manje
Gout asid ki monte nan bouch
Pi mal lè kouche
👉 Souvan konfonn ak pwoblèm kè.

4️⃣ emosyonèl / sikolojik 😰
Kòz:
Estrès
Anksyete
Panik
Chòk emosyonèl
Siy:
Souf kout san pwoblèm poumon
Kè bat vit
Toudisman
Peur lanmò
Mains frèt
👉 Pa danjere dirèkteman, men li trè deranjan.

5️⃣ miskilè / zo
Kòz:
Koup
Mouvman mal fèt
Inflamasyon misk oswa kòt
Siy:
Doulè ki ogmante lè w peze oswa bouje
Pa gen souf kout reyèl

🔹 Èske grav?
✔️ , li ka grav
❌ Pa toujou
👉 Li grav sitou si:
Li parèt bridsoukou
Li fò e li pa pase
Li vini ak souf kout, swe, vomisman
Moun nan gen tansyon, dyabèt, pwoblèm kè
Li parèt apre efò
🚨 Nan ka sa yo → ijans medikal

🔹 Ki egzamen yo konn fè?
Elektwokadyogram (ECG)
Radyografi pwatrin
Analiz san
Tès respiratwa
Ekografi kè
Endoskopi (si dijestif) nan
ASP CLINIQUE MEDICALE & NATUROPATHIE wap jwenn bon jan solisyon

Bonsoir le mond se toujou yon plezi pou mwen enfòme Nou de kek maladi kap ravaje Nou ,e ASP CLINIQUE MEDICALE & NATUROPA...
16/01/2026

Bonsoir le mond se toujou yon plezi pou mwen enfòme Nou de kek maladi kap ravaje Nou ,e ASP CLINIQUE MEDICALE & NATUROPATHIE la pou edew jwenn solisyon maladie la kelkeswa kotew ye a

Jodia Mwen vin palew enpe de prostate e koman li ka koz yon gason paka ansent fi

1️⃣ Kisa pwostat la ye ?
Pwostat la se yon ti glann ki chita anba blad p**i a, bò kote urèt la.
Li gen wòl pou:
Pwodui yon pati nan likid espèm
Pwoteje espèm yo
Fasilite ejakulasyon
📏 Gwosè nòmal pwostat la se anviwon 2.5 – 4 cm (oswa 20–30 g).

2️⃣ Pwostat ak laj
Pwostat la grandi natirèlman ak laj,men vwala ke jodia timoun 25 ,30 an ,tonbe nan problem prostat. sitou apre 40–45 an.
Laj
Sa ki nòmal
20–40 an
Pwostat nòmal
40–50 an
Ka kòmanse grandi dousman
50+ an
Souvan gen hipertwofi pwostatik benin (HPB)
👉 Sa pa kansè, se yon pwosesis nòmal lakay anpil gason. kontakte pou trete s'il pa gentan grav grav

3️⃣ Èske pwostat ka afekte fètilite gason ?
✅ Wi, li ka afekte, men pa tout tan.
Pwoblèm pwostat ki ka afekte fètilite:
Enflamasyon pwostat (prostatit)
Enfeksyon pwostat
Likid pwostat ki pa bon kalite
Efè sou espèm:
Diminye mobilite espèm yo
Chanje pH espèm
Diminye kantite espèm ki vivan
Fè espèm yo vin fèb
📌 Se sitou prostatit kwonik ki bay plis pwoblèm fètilite.

4️⃣ Èske pwostat ka bay pwoblèm bandé (erektil)?
✅ Wi, sitou endirekteman.
Men kijan:
Doulè nan basen / perinée
Enflamasyon ki afekte nè yo
Estrès ak enkyetid
Medikaman pou pwostat (kèk ladan yo)
Pwoblèm ki ka parèt:
Difisil pou kenbe bandé
Ejakulasyon fèb oswa douloure
Baisse de désir sexuel
📌 HPB sèlman pa toujou bay pwoblèm bandé,
men prostatit + estrès souvan bay li. ASP CLINIQUE MEDICALE & NATUROPATHIE se solisyon an
5️⃣ Bon nouvèl la ✅
✔ Pwoblèm pwostat souvan trete
✔ Fètilite ka retabli apre bon tretman
✔ Pwoblèm bandé souvan revèsib
6️⃣ Kisa yon gason dwe fè ?
🩺 Egzamen rekòmande:
PSA (apre 40 an)
Échographie prostatik
Spermogramme (si gen difikilte fè pitit.

Nou gen yon sèl adrès ki se bò legliz la

Adresse

Croix-des-Missions
Tabarre
1112

Téléphone

+50938624688

Site Web

Notifications

Soyez le premier à savoir et laissez-nous vous envoyer un courriel lorsque Asp Clinique Medical dr Fritz publie des nouvelles et des promotions. Votre adresse e-mail ne sera pas utilisée à d'autres fins, et vous pouvez vous désabonner à tout moment.

Contacter La Pratique

Envoyer un message à Asp Clinique Medical dr Fritz:

Partager

Share on Facebook Share on Twitter Share on LinkedIn
Share on Pinterest Share on Reddit Share via Email
Share on WhatsApp Share on Instagram Share on Telegram