KèFanm

KèFanm KèFanm se yon platfòm dijital ki la pou:
• Sipòte fanm ayisyèn
• Edike yo sou kò, emosyon, ak sante mantal
• Kreye yon espas san jijman, san wont, an Kreyòl

Chak 14 fevriye, nou selebre Saint Valentin kòm fèt lanmou.Men èske nou konnen kote li soti?Saint Valentin te yon prèt n...
02/14/2026

Chak 14 fevriye, nou selebre Saint Valentin kòm fèt lanmou.
Men èske nou konnen kote li soti?

Saint Valentin te yon prèt nan Ansyen Wòm ki te marye koup an kachèt, malgre lalwa te entèdi sa.

Avan se te yon fèt pou moun ki anndan legliz.
Apre sa, moun te kòmanse asosye 14 fevriye ak lanmou amoure.
Jodi a, li vin tounen yon jou espesyal pou montre lanmou nou bay moun nou apresye.

Lanmou pa dwe sèlman pou yon sèl jou.
Se yon aksyon nou dwe viv chak jou, nan respè, nan pasyans, nan fidelite, ak nan sipò.

Eske pou ou, Saint Valentin se vrèman fèt lanmou?

02/11/2026

🧠Sonje tcheke sou sante mantal ou epi pwoteje li.

Sante mantal se yon pati esansyèl nan byennèt nou. Li enfliyanse fason nou panse, fason nou santi nou, ak fason nou pran desizyon chak jou.

Nan mitan responsablite, travay, fanmi, ak presyon lavi a, li enpòtan pou nou pran tan pou evalye kijan nou santi nou anndan.

Strès ak presyon lavi se youn nan pi gwo rezon ki fè anpil fanm ap soufri an silans.💭 Presyon lajan💭 Travay san repo💭 Re...
02/09/2026

Strès ak presyon lavi se youn nan pi gwo rezon ki fè anpil fanm ap soufri an silans.

💭 Presyon lajan
💭 Travay san repo
💭 Responsablite fanmi
💭 Pwoblèm relasyon sentimental
💭 Twòp panse, twòp chay sou tèt

Lè strès la dure twòp tan, li ka tounen:
➡️ Anksyete
➡️ Depresyon
➡️ Pwoblèm dòmi
➡️ Fatig mantal

⚠️ Sa pa fè w fèb.
Se yon siy ke lespri a bezwen repo ak sipò.

🗣️ Pale ak yon moun.
🤝 Chèche èd.
❤️ Pran tèt ou oserye.

Ou pa pou kont ou.




“Chanjman emosyon apre akouchman”Apre ou fin akouche, se pa sèlman kò a k ap geri.Kè a, lespri a, ak emosyon yo pase nan...
01/19/2026

“Chanjman emosyon apre akouchman”

Apre ou fin akouche, se pa sèlman kò a k ap geri.
Kè a, lespri a, ak emosyon yo pase nan anpil chanjman tou.

Ou ka santi w:
• Tris san rezon 😔
• Fache oswa fasil irite
• Fatige menm lè ou repoze
• Anksye, pè, oswa santi w pou kont ou
• Koupab paske ou pa santi “kè kontan” jan moun atann lan

🙏 Sa PA vle di ou fèb.
🙏 Sa PA vle di ou pa yon bon manman.
🙏 Sa vle di ou se yon fanm ki sot pase yon gwo chanjman.

Òmòn yo ap ajiste, dòmi pa regilye, responsablite yo ogmante, tout sa gen enpak sou emosyon yo.

👉 Pale.
👉 Pa kenbe tout bagay anndan w.
👉 Chèche sipò: yon moun ou fè konfyans, yon pwofesyonèl, oswa yon kominote ki konprann ou.

KèFanm la pou raple w:
Ou pa pou kont ou.
Santiman ou yo valab.
Ou merite sipò. 💕

Sa w santi a nòmal.Gen jou kè w lou.Gen jou ou bouke san rezon.Gen jou ou souri, men anndan w ap kriye.E sa pa fè ou fèb...
01/18/2026

Sa w santi a nòmal.
Gen jou kè w lou.
Gen jou ou bouke san rezon.
Gen jou ou souri, men anndan w ap kriye.

E sa pa fè ou fèb.
Sa fè w humain, sa fèw fanm.

Si w santi w konsa, konnen ou pa poukont ou.
Pale. Chèche sipò. Pran swen tèt ou.

💜 KèFanm
Sante mantal fanm se priyorite.

Address

Boston, MA

Website

Alerts

Be the first to know and let us send you an email when KèFanm posts news and promotions. Your email address will not be used for any other purpose, and you can unsubscribe at any time.

Share

Share on Facebook Share on Twitter Share on LinkedIn
Share on Pinterest Share on Reddit Share via Email
Share on WhatsApp Share on Instagram Share on Telegram