04/03/2025
SAFRAN (Turmeric) Vs. SAFWON (Saffron)
Èske Safran se Turmeric? Èske Turmeric se Curcuma?
Safran ak Safwon pa menm plant lan. Yo konn rele tou de “safran”. An n gade byen diferans lan. Pinga nou konfonn safran (timerik, koukouma) ak plant yo rele « saffron » an Anglè. Se vre tou 2 se de gwo plant mirak men yo se 2 bagay totalman diferan.
SAFRAN: Sa n gen Ayiti a, se li yo rele turmeric, curcuma a; non syantifik li se « Curcuma longa« , li gen anpil lòt non tankou Curcuma, Safran des Indes, Safran calédonien, Safran des îles, Safran de montagne, Curry, Safran du pays, Faux safran, Safran, elatriye. Se youn nan pi gwo plant mirak ki gen sou latè. Li nan lafanmi jenjanm (Zingiberaceae) yo.
SAFWON ou KWOKIS | SAFFRON (ann Anglè): Sa se pou moun USA yo sitou, an panyòl yo rele l « Azafrán« , se yon ti filaman ki soti anndan flè yon plant ki rele kwokis, yon bèl flè lila mov (non syantifik l se Crocus sativus), yo rele saffron crocus oubyen autumn/italian crocus nan lang anglè, men an fransè yo konn rele l Safran cultivé, Crocus cultivé.
Ale li pòs la konplè sou sit Medikaplant pou aprann plis.
| | | | | | | | | ́n | | Vye Ewol | MedikaPlant | | | |
Safran ak Safwon pa menm plant lan. Yo konn rele tou de “safran”. An n gade byen diferans lan. Pinga nou konfonn safran (timerik, koukouma) ak plant yo rele