11/28/2025
Leta Ayisyen 😡😡😡
🔴 Daprè 2 jounalis Dominiken sa yo ki se Esteban Rosario ak Delvis Durán se 3 Elèv Dominiken ki Touye Stephora Joseph. Yo Touyel Paske li se Ayisyèn koulè po li nwa, epi tou paske li se elèv ki te pi Fò nan klas la. Stephora te pale twa a kat lang.
Jounalis yo di, daprè Ankèt yo mennen, Nan mwa pase yo, Stephora te rive lakay li Tout an kriye epi li di manmanl : “Manmi, mwen vle chanje koulè po mwen.”
Manmanl mandel : “Poukisa, pitit mwen, ou vle chanje koulè pow ?”
Sephora reponn : “Manmi, paske nan lekòl la yap plede relem vye moun Nwa sal.”
jounalis yo ale pi lwen pou yo fè konnen, lekòl la ak otorite Dominikèn yo ap bay manti sou lanmò Stephora Joseph, Viktim nan pa mouri Nwaye Paskel pat konn Naje, men pito se 3 Ti gason ki se kamarad klas li, ki gen ant 12 a 13 lane ki rantre nan pisin lan avèl yo fè tankou se jwe yap jwe avèl, gen youn nan ti gason yo ki Delenkan anpil, li pran tèt Stephora li plonjel nan Pisin nan yon premye fwa Stephora remonte, ti gason an replonje tèt li anba dlo a ankò Stephora remonte, sou twazyèm fwa Stephora paka Sipòte li plonje nan fon pisin nan, li pat rive remonte.
Selon jounalis yo, se tout rezon sa ki fè otorite Dominikèn yo pavle bay manman Stephora gade video kamera siveyans yo.
Jistis Pou Stephora Joseph! Jistis Pou Stephora Joseph! Jistis Pou Stephora Joseph!