11/20/2024
Pwodwi chokolatye nap gade nan imaj sa se pa: Belvas, Côte d’Or, Bruyerre ou Asher's Chocolates. Li pa sòti nan peyi Ewop yo ni l pa sòti USA. Se les Chocolateries ASKANYA. Se yon pwodwi lokal ki sòti Wanament/Nòdès.
Bèl negrès sa nou wè nan foto a rele *Corinne Joachim*. Li se moun Wanament e se PDG ASKANYA. Chokolatri sa gen sèlman 7 lane. Li te bay 10 moun travay tan plen nan ane 2020 e yon trantèn lòt lè gen gwo aktivite. Majorite anplwaye yo se fanm. ASKANYA apiye plis pase 500 ti pwodiktè kakawo prensipalman nan Nò ak Nòdès.
Pwodwi l yo komèsyalize jeneralman Ayiti, Etazini ak Ewop.
Depi Ane 2021, ASKANYA fè bòl plen, tout pwodwi li ekspòte vann atravè :
*Bisou Chocolat - Californie, USA
*Cru Chocolate - Californie, USA
*Monarque Chocolat - Montréal, Canada.
Toujou ane sa a ASKANYA patisipe nan:
*NY Coffee Festival /12- 13 oct.
*Passion Chocolat, Moulin des Eveques, France /8-11 Nov
*Salon du Chocolat NYC / 16-18 Nov
*Taiwan International Food Industry Show /15 - 18 Nov.
Nap raple, nan lane 2017 kakawo ASKANYA te klase pami 50 mèyè kakawo mond la nan "International Cocoa Awards" ke "Salon du chocolat - Paris" te òganize. Li gen kapasite pou l pwodwi *6000* tablèt chokola, men antrepriz la ap pwodwi sèlman mwatye nan kapasite l.
Aktyèlman, ASKANYA ap reprezante Ayiti nan *Taipei International Food Festival* nan peyi Taïwan.
Nap voye yon gwo kout chapo pou Corinne ak "Les Chocolateries ASKANYA" kap voye kakawo Ayisyen byen wo nan mond la.
A. Cléomé/ Filière Cacao /INCAH-MARNDR