Pédiactu

Pédiactu De bien naître en bien-être🤰🏾👶
(2)

PARAN  KE YO TE KONN MALTRETE LÈ YO TE TIMOUN Èske'w te konnen yon tyè nan paran k'ap tann premye pitit yo te sibi maltr...
01/02/2026

PARAN KE YO TE KONN MALTRETE LÈ YO TE TIMOUN

Èske'w te konnen yon tyè nan paran k'ap tann premye pitit yo te sibi maltretans lè yo te timoun? Li komen, lè ou te gen yon anfans difisil, pou pè repete sa ou te viv yo.

ESKE GEN YON ADAPTASYON POSIB?

Nouvo paran ki te viktim abi lè yo te timoun souvan pi frajil. Sepandan, byenke li ka pi difisil pou yo adapte ak vi paran sa yo vin genyen an, pifò debwouye yo ase byen.

Li posib pouw yon bon paran menm si ou te sibi abi fizik oswa seksyèl, oswa ke ou te temwen vyolans konjigal, konsomasyon abisif dwòg oswa alkòl, oswa pwoblèm sante mantal pandan anfans nou.

ENPÒTANS POU GEN SIPÒ

Sepandan, li enpòtan pou'w konsyan de konsekans twomatis kew te viv pandan anfans ou an. Sa a pèmèt ou pi byen konprann emosyon ou epi, sitou, jwenn fason pou diminye enpak abi a.

Travay refleksyon sa a, sitou si li fèt ak yon konseye, yon s*kològ oswa yon travayè sosyal pa egzanp, redwi anpil risk pouw vin vyolan tou.

Etid yo montre tou ke yon paran ki te sibi anpil fòm abi gen plis risk pou yo devlope pwoblèm sante nan granmoun. Pa egzanp, yon fanm ansent ki te viktim abi plizyè fwa pandan anfans li gen plis risk pou'l devlope dyabèt jestasyonèl ak tansyon wo, epi pou'l fè yon ti bebe avan lè oswa ak reta nan devlopman.

EFÈ A LONTÈM

Gen kèk evènman estrès oswa vyolan kew te viv nan anfans ou ka afekte fason kò a reponn. Pa egzanp, plizyè abi pandan anfans vin fòse sèvo a pou li toujou rete vijilan epi antisipe pwochen epizòd vyolans la. Kò yon timoun ki sibi vyolans adaptel pou siviv nan yon anviwònman ki kapab danjere.

Chanjman sa yo nan fason kò a ak sèvo a reponn ak estrès ka rete nan laj granmoun. Yo kapab tou enfliyanse devlopman fetis la epi, pita, timoun nan, menm si timoun nan pa abize oswa neglije. Pa egzanp, kèk timoun ki gen paran yo ki te abize pandan yo te timoun ka gen enkyetid epi gen pwoblèm konpòtman oswa yon tanperaman difisil.

Ou pa dwe santiw koupab fas ak sitiyasyon sa. Li posib pou diminye efè yo sou timoun nan lè ou ba li bon jan swen, yon anviwonman lanmou ak rasiran, ak yon bon ankadreman.

SANTE A RISK

Ou dwe konnen, sepandan, ke risk pou soufri depresyon ak enkyetid, ak abize de dwòg ak alkòl pi wo lè yo te abizew. Gwosès se yon peryòd patikilyèman sansib paske li ka fè remonte kèk souvni difisil ak ogmante kèk sentòm nan fanm ki te viv move eksperyans nan timoun (egzanp: kochma, mefyans, kòlè, chimerik, izolman).

Etid yo montre tou ke yon paran ki te sibi anpil fòm vyolans gen plis risk pou li devlope pwoblèm sante nan granmoun. Pa egzanp, yon fanm ansent ki te viktim abi plizyè fwa pandan anfans li gen plis risk poul devlope dyabèt jestasyonèl ak tansyon wo, epi poul fè yon ti bebe prematire oswa ki gen reta nan devlopman.

Pédiactu Pédiactu Family (PédiactuFam) PédiActu Fam

DANTISYONDantisyon se yon etap nòmal nan devlopman yon bebe. Li koresponn ak moman dan yo ap pare pou sòti atravè jansiv...
01/02/2026

DANTISYON

Dantisyon se yon etap nòmal nan devlopman yon bebe. Li koresponn ak moman dan yo ap pare pou sòti atravè jansiv la. Pandan peryòd sa a, paran yo ka remake plizyè chanjman nan konpòtman ak abitid timoun nan.

Souvan, pitit la ap bave anpil epi li gen tandans mete tout sa li jwenn nan bouch li pou li mòde. Li ka vin pi chimerik, kriye pi fasil, epi li ka gen difikilte pou dòmi oswa pou manje nòmalman. Gen timoun ki gen machwè yo vin wouj, epi jansiv yo ka yon ti jan anfle, pafwa ak yon koulè ble pal. Tout siy sa yo ka anonse aparisyon yon dan.

Anjeneral, dantisyon pa lakòz konplikasyon grav. Si pitit ou a gen lòt sentòm tankou gwo lafyèv, dyare sevè oswa li parèt malad anpil, li enpòtan pou konnen dantisyon raman se kòz pwoblèm sa yo. Nan sitiyasyon konsa, li pi pridan pou chèche konsèy yon pwofesyonèl sante, paske timoun nan ka ap soufri de yon lòt maladi.

Reyaksyon timoun yo fas ak dantisyon varye anpil. Nan kèk bebe, lè premye dan yo parèt (yo rele yo tou dan lèt), sa pase inapèsi (prèske san okenn siy). Nan lòt timoun, etap sa a ka akonpaye pa malèz oswa enkonfò ki pi vizib.

Dantisyon pa mande tretman medikal espesifik. Objektif la se sitou soulaje malèz timoun nan epi ofri l rekonfò. Karese, pran nan bra, pale dousman ak pitit ou a kapab ede l santi li pi an sekirite pandan peryòd sa a.

Pou soulaje enkonfò a, ou ka fwote jansiv li yo dousman ak yon ti sèvyèt pwòp ki tranpe nan dlo frèt, vlope nan dwèt ou. Li enpòtan anpil pou lave men ou byen anvan. Ou ka menm kite bebe a moulen ti sèvyèt la anba bon sipèvizyon. Yon ti masaj trè dous sou jansiv yo ak yon bwòs dan bebe ki gen pwal trè mou kapab ede tou, si li fèt ak anpil delikatès. Bay pitit ou yon souson kawotchou solid, ki fèt espesyalman pou bebe, epi ki pa ka antre nèt nan bouch li, se yon lòt fason pou soulaje doulè a.

Si malèz la parèt twòp, epi apre konsèy yon pwofesyonèl sante, ou ka bay bebe a asetaminofèn (parasetamòl) nan dòz ki adapte ak laj ak pwa li pou ede kalme doulè a.

Dantisyon se yon etap natirèl ki ka bay kèk enkonfò, men ak bon swen, pasyans ak atansyon, pifò bebe pase peryòd sa a san pwoblèm.

Pédiactu Pédiactu Family (PédiactuFam) PédiActu Fam

POUKISA NOU KONN TANDE YAP DI LÈ YON BEBE FENK FÈT NOU PA DWE METE BAGAY JÒN SOU LI?Lè yon bebe fenk fèt nou souvan tand...
01/02/2026

POUKISA NOU KONN TANDE YAP DI LÈ YON BEBE FENK FÈT NOU PA DWE METE BAGAY JÒN SOU LI?

Lè yon bebe fenk fèt nou souvan tande yap di ke nou pa dwe mete rad, dra jòn sou bebe a. N'ap fèw konnen poukisa, ebyen se akoz de yon pwoblèm po ki rele lajònis (Ictère).

KISA K'AP FÈW KONNEN KE BEBE OU A FÈ LAJÒNIS?

Tibebe ki fenk fèt la:

● gen po ak pati blan nan je li yo ki jòn.

Konsilte yon doktè byen vit si, anplis de sa, tibebe w la:

● refize tete a oswa pran bibon;
● li kagou oswa chimerik;
● li pèdi plis pase 10% nan pwa li te genyen lè li te fèt la;
● poupou li dekolore (blan, bèj oswa gri)
● po li vin pi jòn oswa ou wè li nan bra ak janm yo;

KISA LAJÒNIS YE?

Iktè osinon lajònis ti bebe ki fenk fèt pa yon maladi pou tèt li e li pa atrapan. Pifò tan, li se plis yon mekanis siviv an deyò matris la.

LAJÒNIS FIZYOLOJIK

Fetis la bezwen pi plis globil wouj pase tibebe ki fenk fèt yo pou'l ka devlope. Nan nesans, destriksyon eksè globil wouj la lakòz yon ogmantasyon twò rapid to biliribin nan san an, yon pigman ki gen koulè zoranj ki pwovoke kolorasyon jòn sa nan po a ak blan je yo. Fwa ti bebe a, ki poko mati, ka gen pwoblèm pou debarasel de biliribin ki depase a nan poupou a. Dayè se pigman sa a ki bay poupou ti bebe yo koulè jòn nan.

Anviwon 60% tibebe devlope lajònis fizyolojik. Pwopòsyon sa a ogmante siyifikativman nan tibebe prematire yo, nan ti bebe ki gen yon fèb pwa lè li fèt ak ti bebe ki gen manman li ki fè dyabèt (s*k) oswa ki te sibi yon gwo estrès (tankou enfeksyon, detrès respiratwa oswa asfiksi akòz mank oksijèn).

Iktè fizyolojik anjeneral pa gen okenn konsekans negatif ak nivo bilirubin lan retounen nòmal nan 1 oswa 2 semèn. Si tibebe w la pran pwa epi poupou ak p**i li nòmal, pa bezwen enkyete. Òganis li pral kapab elimine bilirubin ki anplis la pou kont li.

LAJÒNIS KI GEN RAPÒ AK ALÈTMAN

Apeprè 15% timoun ki nan tete gen lajònis ki gen rapò ak alètman, ki rive nan 6yèm oswa 7yèm jou epi ki ka dire jiska 2 mwa. Lajònis sa pa bay okenn pwoblèm epi li pa bezwen tretman.

Li pwobableman koze pa kèk sibstans ki nan lèt manman an (egzanp òmòn, anzim, asid gra), ki diminye eliminasyon bilirubin nan fwa a. Gen kèk manman ki ka panse ke lèt yo toks*k pou ti bebe yo, men se pa vre. Alètman an ka kontinye nòmalman, eksepte sou konsèy medikal.

LAJÒNIS KI GEN RAPO AK PWOBLÈM FWA

Lajònis ke nou dwe plis mefye nou pandan premye semèn nan lavi bebe yo, se sa ki lye a yon pwoblèm fwa, swa pa enflamasyon oswa blokaj. Nan ka sa, anplis po a ki gen koulè jòn, ti bebe yo pi chimerik, p**i yo pi fonse ak poupou yo pral pi pal (menm prèske blan). Apre yon tan, ten yo ap vin pi vèt ak kwiv. Lè sa, yon konsiltasyon medikal an ijans obligatwa, paske kèk maladi ka lakòz domaj irevèsib nan fwa a.

KOUMAN OU KA TRETE LAJONIS?

Nan pifò ka, pa gen tretman ki nesesè. Sepandan, li rekòmande ke ou bay bebe tete oswa bibon ant 8 a 12 fwa pa jou depi li fin fèt. Lèt la ap bay fwa li ase enèji pou retire bilirubin ki anplis la.

Chak maten tou, li rekòmande pou'w bay ti bebe ki fenk fèt ou a yon beny solèy. Ti solèy ki apenn ap parèt la, ou pran bebe a ak yon ti rad lejè sou li, ou mete yon ti twal sou zye li epi wale fè kèk minit ak li. Ti solèy sa ap bon pou nou tou 2.

Men pakont, si doktè a gen krentif pou yon lajònis grav, lap mande plis egzamen. Li ka preskri tretman fototerapi. Lè sa a, yap mete tibebe w la anba yon lanp fliyoresan ble pandan plizyè èdtan pa jou. Limyè sa ankouraje eliminasyon bilirubin. Yap pwoteje zye li kont limyè a pa yon ti linèt. Tretman sa a ka mande pou tibebe w la entène lopital pou kèk jou.

Nan kèk ka, pa egzanp lè gwoup sangen manman an ak pitit la enkonpatib, doktè a ap bay ti bebe antikò nan venn oswa, nan ka ki ra, li ka fè yon transfizyon san.

Poum reponn a premye kesyon an
Yo souvan ap di pou nou pa.mete rad jòn sou bebe ki fenk fèt la, se pou si li ta gen pwoblèm lajònis lan pou nou ka remakel rapid. Paske nou ka panse se reflè rad lan ki fè po a konsa epi se pa vre.
Si bebe ou a fenk fèt epi ou wè li yon jan ou pa konprann pa rete chita lakay mennen li lopital.

Pédiactu Pédiactu Family (PédiactuFam) PédiActu Fam

IMITASYONSi ou ta vinn jwenn timoun ou an ap bo ti jwèt li yo (poupe, nounous) avan li dòmi, pa sezi! Paske wi, anvan la...
01/02/2026

IMITASYON

Si ou ta vinn jwenn timoun ou an ap bo ti jwèt li yo (poupe, nounous) avan li dòmi, pa sezi! Paske wi, anvan laj 3 zan, timoun piti yo ap eseye repwodwi tout sa li wè lòt moun fè.

E depi yo pase pifò tan yo an konpayi yon lot moun, moun sa pral yon kalite modèl pou li. Se depi nan 18 mwa ke ti bebe yo kòmanse repwodui sèn li wè nan lavi li chak jou, nan jwe l'ap eseye fè tout.

Sèn sa yo ke li wè yo ap pèmèt li konprann reyalite a. Degizman, jwe wòl oswa lòt mim tou senpleman pèmèt timoun nan bati ak konprann idantite li. Se yon pwosesis long ki rive nan fen li alantou 3 ane li yo.

Se nan laj sa ti bebe w la ap kòmanse reyalize kiyès li ye. Li ka toujou degize tèt li kòm Batman, men li konnen ke li pa Batman vrèman.

Se rezon sa kifè ke nou pa dwe fè nenpòt bagay devan timoun yo. Tout timoun yo fèt ak yon lespri ki pwòp, alò sispann gache inosans timoun yo avan lè.

Timoun yo pa sipoze sote etap nan vi yo, tout sa yap fè sipoze koresponn ak laj yo.

Pédiactu

12/31/2025

Se moman pouw tagg lòt paj ak moun ki te fè yon bon travay pou ane 2025 lan e fè yo swè paw pou ane 2026 la🙌🏾

Chè fanmi Pédiactu,Pandan ane 2025 la ap fèmen pòt li, nou pran tan sa a pou nou pale ak kè nou. Mèsi paske nou te la ch...
12/31/2025

Chè fanmi Pédiactu,

Pandan ane 2025 la ap fèmen pòt li, nou pran tan sa a pou nou pale ak kè nou. Mèsi paske nou te la chak jou: pou konfyans nou, pou kesyon nou poze, pou temwayaj nou pataje, pou fason nou pèmèt Pédiactu antre nan lavi nou kòm fanm ansent, manman, papa, mari, paran ak pwoteksyon pou timoun yo.

Ane 2026 lan, nou swete li pote pou nou plis sante, mwens kè sote, plis konesans, plis fanm ki akouche san danje, plis bebe ki grandi an sante, plis paran ki byen enfòme e ki pran bon desizyon pou pitit yo. Nou swete chak fanmi jwenn lapè, estabilite ak fòs pou kontinye avanse.

Pédiactu pran angajman pou l kontinye edike, enfòme, korije fo kwayans, epi mache bò kote nou ak respè, lanmou ak pwofesyonalis. Misyon nou rete menm jan an, ede nou BYEN FÈT POU BYEN VIV/DE BIEN NAÎTRE EN BIEN-ÊTRE.

Nou swete nou yon bon ane 2026, plen benediksyon, s*ksè ak espwa.
Mèsi paske nou se fanmi Pédiactu 💙💚🙏🏾

20 BAGAY KI CHANJE LÈW GEN YON TIMOUN Tout moun ap diw sa, ke gen yon ti bebe, sa pote chanjman nan laviw! Se vre, ou vi...
12/31/2025

20 BAGAY KI CHANJE LÈW GEN YON TIMOUN

Tout moun ap diw sa, ke gen yon ti bebe, sa pote chanjman nan laviw! Se vre, ou vin gen mwens tan, mwens èdtan pou dòmi ak anpil responsablite. Men, ak nesans ti bebe'w la, ou vin gen anpil rezon tou ki fèw kontan:

1. Ou dekouvri ke ou gen yon fòs nan oumenm kew pat janm pansew te genyen.

2. Ou di tèt ou ke 5 kilo ke ou pa ka pèdi yo finalman ... pa tèlman enpòtan.

3. Ou pa bezwen siveye lè, se ti bebew la ki deside de orè ou.

4. Fason ou gade paranw yo chanje.

5. Yon doulè oswa yon malèz ti bebe'w la santi vin ensipòtab pou ou.

6. Sa pa deranjew siw al dòmi a 11zè yon samdi swa.

7. Ou vin pi sansib, nenpòt ti bagay ka fèw kriye.

8. Pou ou, dekouvri yon dan ti bebe kapab yon sijè kaptivan.

9. Ou gade ti bebe'w la nan glas plis pase tèt ou.

10. Plede gade twalèt bebe ou a pa baw degoutans, okontrè, li fasinew!

11. Sakrifis ou te pè fè anvan ou gen yon timoun vin pa sanble enpòtan ke sa. Pa gen kote nan kay la w'ap poukòw, menm nan twalèt ou paka fèsa.

12. Nan lari, lè yon timoun ap kriye ou gade paranl ak konpasyon ou pa fè kout san pandan w'ap espere ke timoun nan fè silans.

13. Ou pran tan pouw sere ti bebe'w la nan braw menm si ou trè enreta.

14 Ou reyalize ke li posib pou renmen yon ti bebe san kew potko menm konnen. E ou pre pou'w bay vi'w pou li.

15. Gen bagay ki te enpòtan anpil pou ou men kounye a ki konplètman pa enteresew.

16. Ou deside al achete yon bagay pou ou ou tounen ak yon pil bagay pou bebe sanw pa achte anyen pou ou.

17. Chak jou ak ti bebew bò kotew se yon sipriz. Se yon gran jwa.

18. Bebe frape se ou ki kriye.

19. Yon bagay rive yon lòt timoun ou tonbe imajine si se te paw la kisa'w tap fè.

20. Ou nan lari ou kite bebe'w kèw sere, ou pa menm ka manje.

Pou'w manman ou pa bezwen pafè, manman se yon djòb ki san konje. Fè sa'w ka fè👩‍👧‍👦

Pédiactu PédiActu Fam Pédiactu Family (PédiactuFam)

12/30/2025

Pou moun ki ekri nou pa messenger yo dezole pou atant lan, se paske nou paka aksede ak tout mesaj yo kifè nou poko ka reponn malerezman.

BENYEN APRE SEZARYÈN Apre sezaryèn, kesyon benyen touswit lan depann de kalite pansman ki sou blesi a. Pou moun ki pat k...
12/30/2025

BENYEN APRE SEZARYÈN

Apre sezaryèn, kesyon benyen touswit lan depann de kalite pansman ki sou blesi a. Pou moun ki pat konprann sa nou te vle di nan pòs anvan an. Nou pa di ke moun paka benyen apre sezaryèn.

Gen pansman ki ka mouye, sa yo fèt pou pwoteje blesi a menm lè dlo pase sou li. Avèk kalite pansman sa a, fanm nan ka benyen ak dlo apre 24 - 48 èdtan, san li pa bezwen retire pansman an. Apre benyen, li dwe seche zòn nan dousman, san fwote.

Gen pansman ki pa dwe mouye, pansman sa yo pa rezistan ak dlo. Si yo mouye, yo ka vin yon sous mikwòb. Avèk kalite pansman sa a, fanm nan dwe evite benyen kote dlo ka rive sou blesi a, oswa li dwe pwoteje l ak plastik. Souvan, pwofesyonèl sante a retire pansman sa a apre kèk jou avan li otorize benyen nòmal.

Nan tout ka, si gen doulè, woujè, anfle, likid k ap koule, oswa move sant sou blesi a, fanm nan dwe konsilte yon pwofesyonèl sante san pèdi tan.

Pédiactu

Pèsonn pa genyen,okenn ekriven pap janm rive.Ni menm pi gran powèt la pa kapab dekri rega n ap gade la a.Rega yon bebe b...
12/30/2025

Pèsonn pa genyen,
okenn ekriven pap janm rive.
Ni menm pi gran powèt la pa kapab dekri rega n ap gade la a.

Rega yon bebe bay manman li pandan l ap tete 💞

Se yon rega ki chaje ak lanmou, rekonesans, sekirite ak yon atachman ki pwofon.

Chak manman rekonèt rega sa a.
Li konprann li, li santi li, li ap tann li chak fwa.
Se yon veritab anti-depresyon natirèl 😍

Rega sa a se yon lang san mo,
yon koneksyon ki fèt ant 2 kè.

Pédiactu PédiActu Fam Pédiactu Family (PédiactuFam)

Ijyèn enpòtan apre akouchman. Men kèk konsèy itil:- Chanje sèvyèt oswa kotèks ou omwen chak 4 èdtan.- Toujou siye'w soti...
12/30/2025

Ijyèn enpòtan apre akouchman. Men kèk konsèy itil:

- Chanje sèvyèt oswa kotèks ou omwen chak 4 èdtan.
- Toujou siye'w soti devan al dèyè.
- Lave men ou apre chak vwayaj nan twalèt la.
- Benyen chak jou, oswa plis pase yon fwa pa jou. Sepandan, ou pa oblije pran douch vajinal.

Si ou akouche pa vajen, ou ka pran douch ak benyen nenpòt ki lè nan yon benwa ki pwòp, san lwil e san beny mousan.

Si ou akouche pa sezaryèn, ou ka pran douch nenpòt ki lè. Li posib pou benyen apeprè 5 jou apre operasyon an, si blesi sezaryèn nan ap geri byen. (Benyen an depann de kijan pansman an fèt la, pi souvan an Ayiti yo pa kouvri pansman yo ak materyèl enpèmeyab ki anpeche dlo antre anba pansman an, se sak fè nou di sa. Men tou depan de jan pansman an fèt la, moun nan pa bezwen jou pou li ale benyen. Mvle nou konprann sa).

Pédiactu

ÒKÈT (HOQUET) LAKAY BEBEÒkèt lakay bebe se yon fenomèn nòmal. Yon bebe ka gen òkèt depi li nan vant manman li. Depi anvi...
12/29/2025

ÒKÈT (HOQUET) LAKAY BEBE

Òkèt lakay bebe se yon fenomèn nòmal. Yon bebe ka gen òkèt depi li nan vant manman li. Depi anviwon 20tyèm semèn gwosès la, fetis la ka deja gen epizòd òkèt. Se poutèt sa, lè bebe a fèt, sansasyon sa a pa etranj pou li, li deja abitye avè l.

Òkèt parèt trè souvan lakay bebe yo, sitou pandan premye mwa lavi yo. Li pa fè mal, li pa danjere, epi anjeneral li pa deranje bebe a. Nan pifò ka, li dire kèk minit epi li disparèt poukont li.

Kòz òkèt la se yon kontraksyon toudenkou e envolontè dyafram nan. Dyafram nan se yon misk ki separe pwatrin ak vant. Lè lestomak bebe a plen ak lèt, likid oswa gaz, li gonfle, sa ka irite nè ki kontwole dyafram nan, epi sa lakòz dyafram nan fè ti sote repete. Son “HIK” la fèt paske glòt la fèmen bridsoukou chak fwa dyafram nan kontrakte.

Òkèt ka parèt apre bebe a fin manje, lè li vale lè pandan l ap tete oswa pran bibon, apre yon chanjman tanperati, oswa pafwa san okenn rezon grav aparan.

Nan pifò ka, òkèt pa gen okenn konsekans sou sante bebe a. Li pa anpeche li respire, li pa afekte kwasans li, epi li pa bezwen tretman espesyal.

Pou kalme òkèt la, pi bon solisyon an se pasyans. Si òkèt la dire epi sanble anbete bebe a, ou ka pran l nan bra w, kenbe l an pozisyon dwat, mete l sou zepòl ou epi ba li ti tap dous nan do pou ede l rann gaz. Apre repa, li bon pou kenbe bebe a chita oswa dwat pandan anviwon 15 a 20 minit. Evite plen vant bebe a twòp; pito ba li ti kantite lèt plizyè fwa. Bay tete oswa bibon dousman ka ede tou.

Gen kèk medikaman ki egziste pou ka espesyal, men se sèlman pedyat ki ka deside si yo nesesè.

Mete fil sou fwon bebe a pa itil ditou. Sa pa gen okenn efè medikal sou òkèt la.

Li enpòtan pou konsilte pedyat la si òkèt la dire plizyè èdtan san rete, si bebe a refize manje, si li vomi souvan, si li gen difikilte pou respire, oswa si òkèt la vin twò souvan ak twò entans.

Òkèt lakay bebe se yon fenomèn nòmal, fizyolojik, ki fè pati devlopman li, epi nan pifò ka li disparèt poukont li san okenn danje.

Pédiactu Pédiactu Family (PédiactuFam) PédiActu Fam

Address

New York, NY

Alerts

Be the first to know and let us send you an email when Pédiactu posts news and promotions. Your email address will not be used for any other purpose, and you can unsubscribe at any time.

Contact The Practice

Send a message to Pédiactu:

Share

Share on Facebook Share on Twitter Share on LinkedIn
Share on Pinterest Share on Reddit Share via Email
Share on WhatsApp Share on Instagram Share on Telegram