01/08/2026
Pran yon chodyè dlo frèt, mete yon krapo ladann epi mete li sou dife. W ap remake ke krapo a ap rete ladann. Pandan dlo a ap chofe, krapo a pral eseye adapte li ak tanperati dlo a. Plis dlo a vin pi cho, plis li ap fè efò pou adapte li jiskaske enèji li fini. Lè dlo a rive nan nivo kote li ap bouyi, krapo vin pa gen ase fòs pou sote sòti nan chodyè a. Se lè sa li reyalize lavi li vrèman menase...ase souvan li konn twò ta epi li rete bouyi nan dlo a...kidonk, mouri.
Teorya sa a baze sou rezilta ki montre si dlo a chofe nan yon vitès 0.02 degre Sèlsiyis pa minit, krapo a ap rete san mouvman epi mouri le dlo a vin twò cho.
Nan kontèks relasyon abizif, ase souvan relasyon yo pa kòmanse avèk gwo “flanm dife”, men ak ti zak vyolasyon ki ogmante piti piti, tankou 0.02 pwen pa fwa( ti remak, ti pawòl yo konsidere kòm blag, ti mèd, ti tap, frape men sou tab, rele sou ou, kraze telefòn, ti grèv bèbè, elatriye).
Relasyon sa yo souvan kòmanse tankou nenpòt lòt relasyon nòmal, konsa yo parèt bèl, men malerezman, yo pa pran tan pou pran lòt chemen. Ti konpòtman denigran, swa nan blag swa nan gravite, ka mennen nan sitiyasyon ekstrèm. Li vrèman difisil pou konprann kijan yon moun ou renmen anpil e ki di li renmen ou ka aji konsa. Kidonk ou chèche ekskiz oswa konvenk tèt ou yo egziste....ou eseye adapte w menm jan ak krapo a.
Gen eleman nan konpòtman lòt moun nan ki, kit se abi emosyonèl, vèbal oswa fizik, si ou inyore yo, yo pral pran w rapidman nan yon relasyon toksik. Ti siy imilyasyon, ensilt vèbal ki gen rapò ak aparans ou, entèlijans ou, valè ou. Abi fizik kache nan yon men leve oswa yon rale bra. Chanjman emosyonèl soudin, soti nan womans pou rive nan kòlè, soti nan lajwa pou rive nan vyolans. Si ou fè yon “erè,” ou pral pini epi trete tankou yon timoun dezobeyisan, e fasil vin koz tout sa ki mal nan lavi ou ak konpòtman patikilye patnè a. E ou rete la, espere bagay yo ka chanje.
Men konnen ke moun ki abize yo se moun ki gen gwo pwoblèm emosyonèl ak sikolojik, e san ou pa reyalize, lè ou rete nan relasyon an, tout sa w ap fè se ankouraje epi sipòte konpòtman yo.
Se pa fòt ou pou konpòtman vyolan ak abizif yon lòt moun, e li menm plis klè ke ou merite pou yo trete ou ak respè, pou w viv ak sans sekirite ak lajwa nan yon relasyon.
Ou toujou ka pale de sa ak yon moun ou fè konfyans, epi menm pi byen ak yon moun espesyal; eksprime sa, redefine li, louvri je w, wè, epi pran kouraj pou avanse.
Ou ka kontakte Mon Nex !
Ref: The "boiled frog syndrome" by Olivier Clerc