Alyans Sante Boy - ASB .

  • Home
  • Alyans Sante Boy - ASB .

Alyans Sante Boy - ASB . Une institution publique qui travail dans le domaine de la sante.

10/02/2025

Jedi 20 Fevriye 2025, ap gen yon gwo jounen konsiltasyon nan Lopital Fonlagranj lan ( Alyans Santé Bòy- ASB ), w ap bezwen 500G pou w patisipe. Ladan l w ap konsilte, w ap fè analiz epi w ap jwenn medikaman nan menm 500G lan. N ap tann ou!!!

Pa pèdi tan, vin tcheke sou sante w, ou pap regrèt.
23/11/2024

Pa pèdi tan, vin tcheke sou sante w, ou pap regrèt.

Soyez des nôtres!!!
16/11/2024

Soyez des nôtres!!!

📍🗒️
11/06/2024

📍🗒️

Jedi 30 Mai 2024 lan, plis pase 500 moun ki soti nan tout seksyon yo tankou lavil lan, ak nan lot zòn avwazinant yo, riv...
30/05/2024

Jedi 30 Mai 2024 lan, plis pase 500 moun ki soti nan tout seksyon yo tankou lavil lan, ak nan lot zòn avwazinant yo, rive jwenn sèvis nan yon gwo jounen konsiltasyon ki te reyalize nan lopital Alyans Santé Bòy lan. Moun yo kontinye rèmèsye estaf lan ak tout responsab enstitisyon sila a pou kalite sèvis y ap resevwa, epi pou yon ti kras lajan ki se 500 Goud sèlman.

Konfyans pa yon bagay ki senp, rezilta ak pèfòmans enstitisyon an fè tout moun rive konprann chak jou pi plis ASB paka kanpe.

Pa bliye randevou nou pou demen.
29/05/2024

Pa bliye randevou nou pou demen.

05/04/2024

Ayè jedi 04 Avril sou demann ak enpasyans popilasyon Oboy lan. Yon lot jounen konsiltasyon te reyalize nan Alyans Sante Boy ( ASB ). Anviwon 500 moun konsilte pou selman 500g. Yo kontinye remesye enstitisyon an pou jan li bay swen Lasante an anpil enpotans, e yo di nenpot jan sa a ye, Doktè Thony toujou fasilite yo jwenn laswenyaj pou yon ti kras kob.

ALYANS SANTE BORGNE,Nòt pou demanti,2 Avwil 2024,Sektè kominikasyon nan Alyans Sante Borgne ap remèsye tout popilasyon a...
02/04/2024

ALYANS SANTE BORGNE,
Nòt pou demanti,
2 Avwil 2024,

Sektè kominikasyon nan Alyans Sante Borgne ap remèsye tout popilasyon an pou sipò yo nan moman difisil yo, pandan l’ap antisipe tout moun sou yon sitiyasyon ki riske debouche sou yon kriz ki kapab afekte plis ankò sante yo.

Apwe zak briganday ke malentengwen te fè sou ASB nan dat 10 Dawout 2023, moun sa yo pa vle pran kalman. Konnya, yo vini ak yon dosye tou cho ki ap mete popilasyon an nan plis pwoblèm kòm kwa Dr Thony ak estaf li pa vle kite klinik Sen Jil fonksyone.
Nou ap fè tout moun konnen ke bagay k’ap repete yo pa genyen anyen pou wè ak verite e ke sante pa ka antre nan zafè politik malentengwen anwo anba. Sante pa yon jwèt aza ni yon kesyon de ti mamit grenn ak Siwo. Sante se syans, se teknik, se estriktirasyon, se planifikasyon toutan pou amelyore kalite sèvis yo. Se sitou fonksyònman an rezo, se bon sans ak kolaborasyon antre tout aktè yo pou amelyore swen y’ap ofri bay popilasyon an. Sa vle di, kapab genyen plis sant sante nan zòn nan toujou. sèl bagay, yo dwe reponn a nòm estanda sante piblik.

Jouk jounen jodia, Dr Thony kenbe bon jan relasyon ak Pè Snell e pa gen posiblite pou yon divizyon. Nou ap rafwechi memwa tout moun sou aksyon ki konn poze nan tout kwen kominote a pou amelyore ak sove lavi popilasyon an. Maladi, epidemi yo kapab parèt sanzatann, se ansanm pou nou rete fè prevansyon ak prepare, ranfòse estrikti yo olye nou rantre nan politik de grenn gòch. Nou konnen aktivite ki ap reprann ofilyamezi nan ASB kapab deranje kèk moun. Sepandan, n’ap raple nou ke sa yo fè pati de misyon ASB kòm enstitisyon piblik e aktivite sa yo pap kanpe paske popilasyon an bezwen sa.

ASB toujou pote sipò li nan estriktire Sen Jil e li ap toujou fè sa toutan li nesesè. Men anpil chay pa lou a se li ki ap bon pou sektè sante a. Tout pwoblèm yo kapab rezoud nan kolaborasyon, nan respè dwa ak limit chak aktè. N’ap mande popilasyon an rete vijilan, pawòl sa yo ki ap repete a pa genyen anyen pou wè ak la verite. Divizyon sa ke yo ap kreye la se popilasyon ki ap peye sa.
Yon rezo sante fò se solisyon an.
Mèsi.

Se te
Roukendy Paul

Fwa sa a, asire ke w la. Se toujou yon plezi pou estaf ASB an, sevi w, épi nan bon kondisyon.
27/03/2024

Fwa sa a, asire ke w la. Se toujou yon plezi pou estaf ASB an, sevi w, épi nan bon kondisyon.

Se la pou w la
14/03/2024

Se la pou w la

Soyez des nôtres
05/12/2023

Soyez des nôtres

9hAM rond point de la ville de Borgne. 21 Octobre 2023 Vizite Obòy Alyans Sante Boy - ASB .
14/10/2023

9hAM rond point de la ville de Borgne. 21 Octobre 2023 Vizite Obòy Alyans Sante Boy - ASB .

Address


Website

Alerts

Be the first to know and let us send you an email when Alyans Sante Boy - ASB . posts news and promotions. Your email address will not be used for any other purpose, and you can unsubscribe at any time.

  • Want your practice to be the top-listed Clinic?

Share

Share on Facebook Share on Twitter Share on LinkedIn
Share on Pinterest Share on Reddit Share via Email
Share on WhatsApp Share on Instagram Share on Telegram