Sante'm dwe priyoritem.

Sante'm dwe priyoritem. Did you know that your health is the greatest treasure you can have? If you would like to know more, be faithful to what we do on this page…

04/15/2025

I am healthy and I smell good. That's amazing!!!

La santé n'a pas de prix! Prendre soin de soi est plus qu'un impératif. Je vous invite à travers " Santem Dwe Priyoritem...
04/13/2025

La santé n'a pas de prix!
Prendre soin de soi est plus qu'un impératif.
Je vous invite à travers " Santem Dwe Priyoritem " à rester informé à chaque publication traitant des sujets de la santé et de son opposé également qu'est la maladie. Plus vous en savez, c'est mieux que vous pouvez faire et mieux vous pouvez changer ce qui doit être changé et mieux vous pourrez gérer votre santé.

Se te yon mesaj:
santemdwepriyoritem@@@@@@@@@@@@@@ # # # # # # # # # # # # # @@@@@@@@@@@@@@@@@@@@

Restez fidèles à cette page...

04/13/2025
04/13/2025
04/13/2025

Vin nou fon ti koze...
Kisa maladi tansyon an ye?????

Avanw rive pi lwen, mwen vle diw ke w se yon moun espesyal. E mw pran ti tan sa poum diw mèsi e poum felisitew tou dèskew fè de santew yon priyorite, ou fè de santew, priyoritew!!!!

Nou tout konnen ke se kè nou ki ponpe tout san kap sikile nan kò nou, e san sa, poul rive jwenn tout pati nan kò nou kit li te pre kè a kit li te lwenl, san sa pase nan yon rezo distribisyon ke fòme pa sa yo rele atè ak venn. Se tankou tiyo kote dlo pase. Men nòmalman, san an dwe pase nan ti veso sa yo poul rive jwenn ògàn yo a yon presyon ki se 120/80mm de Hg (nap gen poun wè plis an detay kisa chif sa li menm li vle di). Yon moun vin gen maladi tansyon, jan nou relel lakay nou an, ki se tansyon wo a, se lè san an pase nan koulwa ti veso sa yo a yon presyon ki plis pase 120/80 mm de Hg. Lè sa nou di moun nan gen tansyon wo oubyen li ipètandi, nan langaj medikal la, nou di li gen HTA. E maladi tansyon wo se youn nan maladi ki tiye plis moun e ki paralize plis moun nan tan nap pale la, se yon maladi ki fè gwo dega a lechèl mondyal. Li fè plis ravaj toujou nan peyi ki pi devlope yo.

Men kounya, eske se tout lè tansyon an depase chif sa nou ka pale de ipètansyon oubyen maladi tansyon ?

Pa fòseman! Tansyonw kapab depase chif sa san ke ou pa malad. Genyen moun tansyon yo toujou plis pase 120/80 men yo anfòm, yo pa malad. Men kounya, kisa ki pral dim mw malad lè chif tansyonm depase 120/80?

Lè chif tansyonw depase 120/80 ki konsidere kòm nòmal pou kèk chèchè, li vin yon pwoblèm se lèw ou santi kòm sentom:
* dèyè kouw ap rediw.
* tèt ou ap fèw mal nan yon sèl bò oubyen nan tou lè de bò.
* ou santi tèt ou ap vire.
* ou gen malèz.
* ou santi kèw ap bat fò.
* ou santi zòrèy ou ap boudonnen, etc...

Ansanm de sentom sa yo di ke tansyon an kite stad nòmal la. Maladi tansyon wo se pa yon bagay ki parèt britsoukou, li avanse pwogresivman. Genyen plizyè faktè ki kapab lye ak maladi tansyon wo:

* gen sa nou kapab konsidere kòm faktè ki pa depann de ou, pa egzanp eredite, yon moun ki fèt nan yon fanmi kote tout moun prèske soufri maladi tansyon wo, ebyen moun sa gen yon gwo risk poul devlope maladi a sou baz jenetik sil pa pran anpil prekosyon.
* genyen abitid alimantè a ki se yon pwa ki peze anpil nan balans lan e nap gen poun pale de li apa.(Next post)
* genyen faktè anviwònmantal la, kote ke anviwònman wap evolye a kapab sèvi de sous a pwoblèm tansyon w lan.
* genyen kesyon laj la, tank ou pi aje se plis ou vin a risk pouw genyen tansyon wo.
* genyen kesyon sèks la, jeneralman gason yon souvan predispoze pou yo gen tansyon wo konpare ak fi yo.
* sipwa oubyen obezite, tank kòw gen plis grès, se tank sikilasyon san an fèt difisilman nan kòw.
* tabajism ak alkowolism, siw se yon moun ki fimen anpil ak/oubyen bwè alkòl anpil, men ou men tansyon wo kap tann ou.
* lèw pa bouje kòw, ou rete yon sèl kote, ou pa deplase, sa se yon lòt faktè ki li menm gen mo pal nan kesyon tansyon wo.

Men kounya, kòman nou kapab evite devlope maladi tansyon wo?
Pati sa yon jan difisil paske pou faktè ki pa depann de ou yo malerezman pa gen anyen ou kapab fè pouw evite sa. Men sa pa anpeche ou pran plis prekosyon toujou, si deja ou soti nan fanmi moun ki soufri tansyon wo ak siw kòmanse atake gwo laj. Men pou lòt koze yo, wap jis fè kontrè yo:
* si anviwònman w stresan, ou oblije deplase ale yon kote ki pi trankil.
* ou oblije chanje fasonw te konn manje.
* ou vin oblije pèdi pwa.
* ou oblije kanpe sou pratik fimen ak bwè a.
* ou vin oblije antre nan fè egzèsis fizik.
* epi, ou kapab pran sipleman kap edew stabilize tansyonw tou, pwodwi ki fèt ak eleman natirèl.

Siw se yon moun ki soufri de maladi tansyon wo, deja nap diw, rete fò, rete djanm, swiv prensip yo, wè doktèw regilyèman, rete fidèl ak paj sa epi kontakte nou pou plis enfòmasyon ak asistans...

Se te yon mesaj:
santemdwepriyoritem@@@@@@@@@ # # # # # # # # # # # $$$$$$$$@@@@@@@@@

Siw gen pow ki pa fin nòmal nan kesyon bouton, alèji, ak lòt fòm enpèfeksyon, ou gen pow kap gratew, ki sansib ak nenpòt...
04/13/2025

Siw gen pow ki pa fin nòmal nan kesyon bouton, alèji, ak lòt fòm enpèfeksyon, ou gen pow kap gratew, ki sansib ak nenpòt ti bagay, vin eseye G&H bar soap. Se yon savon ki fèt ak eleman natirèl, ki teste medikalman e ki pa gen okenn efè segondè ni domaj li pral kite sou pow. Siw nan kategori sa yo, pa ezite kontaktem pouw rezoud pwoblèm sa jodia.

Does your body look like this? Your face, your neck or even your chest or around your breast? You might be don't know wh...
04/12/2025

Does your body look like this? Your face, your neck or even your chest or around your breast? You might be don't know what happened to you exactly. Just in case, if you have already seen your dermatologist and nothing changed yet or even when you haven't yet, we got really good working products that can help you to find your first looking skin. Just text us and solve your problem...

Address

4849 E Roosevelt Street
Phoenix, AZ
85008

Alerts

Be the first to know and let us send you an email when Sante'm dwe priyoritem. posts news and promotions. Your email address will not be used for any other purpose, and you can unsubscribe at any time.

Share